[1] Èske lasajès p ap rele? Èske entèlijans p ap leve vwa l?
[2] Li rete sou tèt mòn, tou pre wout la, Li kanpe nan kalfou yo.
[3] A kote pòtay yo, nan antre vil la, Nan pòt yo, li fè tande vwa l.
[4] Li di: Mesye, se nou m ap rele. M ap fè pitit lèzòm yo tande vwa m.
[5] Moun sòt, aprann entèlijans! Moun egare, konprann lasajès!
[6] Koute, paske mwen gen bagay enpòtan pou m di, Bouch mwen ap louvri pou m montre nou sa ki dwat.
[7] Wi, bouch mwen ap fè tande laverite; Bouch mwen rayi mechanste.
[8] Tout pawòl nan bouch mwen jis, Pa gen anyen ki kwochi, ki kòwonpi nan yo.
[9] Yo tout klè pou moun ki konprann, Yo dwat pou moun ki jwenn konesans.
[10] Resevwa enstriksyon mwen olye lajan, Konesans olye lò fen.
[11] Paske, lasajès vo plis pase bijou, Pa gen anyen moun anvi ki gen valè pase l.
[12] Mwen, lasajès, mwen abite ak entèlijans; Mwen jwenn konesans bon konprann.
[13] Krentif pou Letènèl, se rayi sa ki mal; Awogans, lògèy, chemen mechanste, Ak bouch kòwonpi, men sa mwen rayi.
[14] Konsèy ak bon jijman se pou mwen, Mwen se bon entèlijans; fòs se pou mwen.
[15] Se grasa mwen wa yo reye, Prens yo pran desizyon jistis.
[16] Se grasa mwen chèf yo, Notab yo ak jij yo jije ak jistis.
[17] Mwen, m renmen moun ki renmen m, Moun ki chèche m jwenn mwen.
[18] Mwen gen richès ak glwa avè m, Byen k ap dire ak jistis.
[19] Fwi mwen pi bon pase lò, pase lò fen, Sa mwen pwodui pi bon pase ajan fen.
[20] Mwen mache nan chemen jistis, Nan mitan wout ladwati,
[21] Pou m bay moun ki renmen m eritye byen, Pou m ranpli trezò yo.
[22] Letènèl posede m depi nan kòmansman chemen l yo, Avan pi ansyen travay li yo.
[23] Li te tabli m depi letènite, Depi nan kòmansman, anvan latè te kreye.
[24] Mwen te fèt lè pa t ko gen labim, Lè pa t ko genyen sous ki ranpli ak dlo.
[25] Anvan montay yo te tabli, Anvan ti mòn yo, mwen te fèt.
[26] Li pa t ko fè latè, ni savann yo, Ni premye grenn pousyè nan lemonn.
[27] Mwen te la, lè li t ap tabli syèl la, Lè li t ap trase yon wonn sou fas labim nan;
[28] Lè li t ap tabli nyaj yo anwo, Lè sous dlo labim yo te pete avèk fòs;
[29] Lè li t ap bay lanmè limit li, Pou dlo yo pa depase bòn yo, Lè li t ap trase fondasyon latè.
[30] Mwen t ap fè bèl travay bò kote l, Mwen te fè l plezi chak jou, Pandan m t ap rejwi tout tan devan li.
[31] Mwen t ap jwe sou fas tè li a, Mwen te pran plezi m pami pitit lèzòm yo.
[32] Kounye a, pitit mwen yo, koute mwen. Benediksyon pou moun ki kenbe chemen mwen.
[33] Tande enstriksyon epi vin saj; Pa kite l ale.
[34] Benediksyon pou moun ki koute m, Ki veye chak jou devan pòt mwen, K ap siveye bò poto pòtay mwen.
[35] Paske, moun ki jwenn mwen jwenn lavi, Li jwenn favè Letènèl.
[36] Men, moun ki peche kont mwen maltrete nanm li. Tout moun ki rayi m renmen lanmò.