[1] Repitasyon vo plis pase anpil richès, E lagras vo plis pase ajan ak lò.
[2] Ni rich ni pòv se menm bagay: Se Letènèl ki fè tout.
[3] Moun ki gen entèlijans wè malè a, li kache; Men, moun sòt pase la epi yo jwenn pinisyon.
[4] Rekonpans ki soti nan imilite ak krentif pou Letènèl Se richès, glwa ak lavi.
[5] Gen pikan, gen pyèj sou wout moun kòwonpi, Men, moun ki veye nanm li rete lwen yo.
[6] Enstui timoun nan nan chemen li dwe mache a, Lè l vin gran, li p ap detounen l de li.
[7] Rich la domine sou pòv la, Moun ki prete a se esklav moun li prete nan men lan.
[8] Moun ki simen mechanste rekòlte inikite, Baton kòlè li disparèt.
[9] Moun ki gade moun ak favè ap beni, Paske, li bay pòv yo nan manje li.
[10] Kouri dèyè mokè a, dispit ap fini, Kont ak mepriz ap disparèt.
[11] Moun ki renmen pwòpte nan kè li Gen gras nan bouch li, epi wa a se zanmi li.
[12] Je Letènèl ap veye sou konesans, Men, li konfonn pawòl moun trèt.
[13] Parese a di: Gen yon lyon deyò a! L ap tiye m nan lari a.
[14] Bouch fi etranj yo se yon twou ki fon, Moun Letènèl fache avè l ap tonbe ladan.
[15] Se foli ki nan kè timoun nan, Fwèt koreksyon ap fè foli rete lwen li.
[16] Moun ki peze pòv la ogmante byen l, Moun ki bay rich la sèlman ap rive nan dizèt.
[17] Pare zòrèy ou, tande pawòl moun ki saj yo, Pare kè w pou konesans mwen.
[18] Paske, li bon pou w kenbe pawòl sa yo anndan w, Pou yo toujou nan bouch ou,
[19] Pou w ka met konfyans ou nan Letènèl; Ou menm, mwen vle aprann ou jodi a.
[20] Konsèy ak konesans, Èske m pa t ekri yo pou ou deja,
[21] Pou m fè w konnen asirans pawòl ki vre, Pou w reponn moun ki voye w yo ak pawòl ki vre?
[22] Pa dechèpiye pòv, paske se pòv li ye. Ni tou, pa peze malere a nan pòtay la.
[23] Paske, Letènèl ap defann kòz yo, L ap devalize lavi moun k ap devalize yo.
[24] Pa fè zanmi ak moun ki renmen fè kòlè, Pa mache ak moun ki vyolan,
[25] Pou w pa abitye ak chemen yo, Pou yo pa tounen yon pyèj pou lavi ou.
[26] Pa rete nan mitan moun k ap fè pwomès yo, Ni moun k ap reponn pou dèt yo.
[27] Si ou pa gen ase pou peye, Poukisa pou yo ta sezi kabann anba do w?
[28] Pa deplase bòn ki ansyen Zansèt w te poze a.
[29] Si ou wè yon nonm ki abil nan travay li, Li va kanpe devan wa. Li p ap kanpe devan moun ki pa vo anyen.