Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:35

[1] Yon repons dous kalme moun ki move; Men, yon pawòl di eksite kòlè.

[2] Lang saj yo amelyore konesans, Men, bouch moun egare ponpe foli.

[3] Je Letènèl ap gade toupatou, Je l ap obsève mechan yo ak bon yo.

[4] Lang dous se yon pyebwa ki bay lavi, Men, lang kòwonpi brize lespri.

[5] Moun san konprann meprize enstriksyon papa l, Men, moun ki aksepte reprimand gen entèlijans.

[6] Gen anpil richès lakay jis la, Men, benefis mechan an fè rale malè.

[7] Bouch saj la simen konesans, Men, kè moun egare yo pa onèt.

[8] Sakrifis mechan yo se abominasyon devan Letènèl, Men, lapriyè moun ki dwat yo fè l plezi.

[9] Chemen mechan yo se abominasyon devan Letènèl, Men, li renmen moun ki suiv jistis.

[10] Disiplin sevè se pou moun ki abandone chemen ki dwat la, Moun ki rayi reprimand ap mouri.

[11] Peyi-mò ak destriksyon devan je Letènèl, Ou pa bezwen mande pou kè pitit lèzòm yo!

[12] Mokè a pa renmen yo reprimande l, Li pa pral kote saj la.

[13] Yon kè kontan fè vizaj la byen, Men, lè kè a nan lapenn, lespri a dekouraje.

[14] Yon kè ki gen entèlijans chèche konesans, Men, bouch moun egare yo plen foli.

[15] Tout jou malere yo se move jou, Men, yon kè ki kontan se yon fèt ki p ap fini.

[16] Pito ou gen ti kal byen avèk krentif pou Letènèl, Pase pou w gen anpil trezò ak tèt chaje.

[17] Pito ou gen yon asyèt legim kote ki gen lamou, Pase yon bèf gra kote ki gen rayisab.

[18] Yon nonm vyolan eksite dispit, Men, moun ki lan pou fè kòlè kalme dispit.

[19] Chemen parese a tankou yon lantiray pikan, Men, wout moun ki dwat yo plani.

[20] Yon pitit gason saj fè papa l kontan; Men, yon pitit gason san fou meprize manman l.

[21] Foli se lajwa pou moun ki san konprann, Men, moun ki gen entèlijans mache dwat nan chemen li.

[22] Pwojè yo echwe lè pa gen konsèy, Men, yo reyisi lè gen anpil konseye.

[23] Se lajwa, lè yon nonm bay yon repons nan bouch li, Ala bon sa bon lè yon pawòl pale nan lè pou l pale!

[24] Pou moun ki gen bon sans, chemen lavi mennen anwo, Pou l ka detounen l de peyi-mò ki anba.

[25] Letènèl chavire kay moun ki awogan, Men, li mete bòn vèv la kanpe fèm.

[26] Move panse se abominasyon devan Letènèl, Men, diskou ki fè moun plezi yo pwòp.

[27] Moun k ap kouri dèyè move richès nui kay li, Men, moun ki rayi pran lajan anba va viv.

[28] Kè jis la reflechi anvan l reponn, Men, bouch mechan yo ponpe mechanste.

[29] Letènèl rete lwen mechan yo, Men, li tande priyè jis yo.

[30] Kontantman je rejwi kè kontan, Bon nouvèl bay kò a fòs.

[31] Moun ki tande reprimand ki mennen nan lavi Ap rete nan mitan saj yo.

[32] Moun ki voye disiplin jete meprize lavi l, Men, moun ki tande reprimand ap gen entèlijans.

[33] Krentif pou Letènèl aprann moun lasajès, Epi imilite vin anvan laglwa.

Liv Pwovèb yo — Chapters