Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:51

[1] Diven se mokè, tafya fè bri; Tout moun ki pèdi ladan l p ap vin saj.

[2] Latèrè wa a tankou yon jèn lyon k ap gwonde, Moun ki eksite l peche kont pwòp tèt li.

[3] Se yon glwa pou lòm, lè li rete lwen dispit, Men, tout moun san konprann debòde ladan l.

[4] Parese a pa travay nan tan lapli, Nan tan rekòt, li mande, men l pa jwenn anyen.

[5] Lide nan kè lòm tankou dlo ki fon, Men, moun ki gen entèlijans konnen pou yo rale l monte.

[6] Anpil moun ap di jan yo bon, Men, yon nonm ki fidèl, kiyès ki ka jwenn li?

[7] Jis la mache nan entegrite li, Benediksyon pou pitit li apre l.

[8] Wa a ki chita sou twòn li pou l jije a Gaye tout mechanste ak je li.

[9] Ki moun ki di: Mwen fè kè m pwòp, Mwen pwòp kanta peche m?

[10] De kalite balans, de kalite mezi, Letènèl rayi tou de.

[11] Ou konnen yon jèn gason nan aksyon l, Si konpòtman l san repwòch, si l dwat.

[12] Zòrèy ki tande, je ki wè, Se Letènèl ki fè ni youn ni lòt.

[13] Pa renmen dòmi pou w pa vin pòv, Louvri je w, epi w ap rasazye ak pen.

[14] Achtè a di: Pa bon! Pa bon! Men, pandan l prale, li vante tèt li.

[15] Gen lò ak anpil pyè ki koute chè, Men, bouch konesans se bagay ki pa gen pri.

[16] Pran rad li, paske li bay garanti pou etranje, Fè l bay garanti si se pou yon etranje.

[17] Pen manti gou nan bouch lòm, Men pita, bouch li ap ranpli ak gravye.

[18] Pwojè tabli ak konsèy, Fè lagè ak pridans.

[19] Moun ki simen dispit devwale sekrè, Pa mele ak moun ki louvri bouch yo twòp.

[20] Si yon moun modi manman l ak papa l. Lanp li ap etenn nan mitan fènwa.

[21] Yon eritaj ou genyen mal o kòmansman, Li p ap vin beni apre.

[22] Pa di: M ap vanje tèt mwen, Tann Letènèl, l a delivre w.

[23] De kalite pèz se abominasyon devan Letènèl rayi. Fo balans pa yon bon bagay.

[24] Se Letènèl ki dirije pa lòm; Men lòm, èske l ka konprann chemen li?

[25] Se yon pyèj pou lòm lè l prese di: Mwen konsakre sa a! Epi pou se apre ve a pou l reflechi.

[26] Yon wa ki saj dispèse mechan yo, Li fè kawoutchou a pase sou li.

[27] Souf lòm se lanp Letènèl, Li egzamine jis nan zantray li.

[28] Bonte ak laverite pwoteje wa a, Se bonte ki soutni twòn li.

[29] Fòs, se glwa jèn moun, Cheve blan, se òneman vyeya yo.

[30] Maleng yon blese netwaye mal, Se menm jan an pou kou ki antre jis nan zantray.

Liv Pwovèb yo — Chapters