Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:06

[1] Pitit mwen, tande sajès mwen byen, Louvri zòrèy ou pou w koute entèlijans mwen,

[2] Pou w ka konsève bon konprann. Pou bouch ou ka kenbe konesans.

[3] Paske, bouch fi deregle a koule siwo myèl, Pawòl li pi swa pase luil;

[4] Men apre, li anmè kon fyèl, Li file tankou yon epe file debò.

[5] Pye l desann kay lanmò, Mach li rive nan peyi-mò.

[6] Li pa konsidere chemen lavi, Tras wout li kwochi san l pa konnen.

[7] Kounye a, pitit mwen yo, tande m, Pa pase akote pawòl bouch mwen.

[8] Fè chemen w pase lwen li, Pa pwoche bò pòt kay li,

[9] Pou pa fè lòt moun kado fòs ou, Pou pa fè yon nonm kriyèl kado ane w yo;

[10] Pou etranje pa rasazye ak byen ou Ak pwodui travay ou lakay lòt moun;

[11] Pou w pa jemi lè w prèske mouri, Lè kò w ak chè w ap depafini;

[12] Pou w pa di: Kòman m te fè rayi disiplin konsa? Kòman m te fè meprize reprimand konsa?

[13] Kòman m fè pa t tande vwa pwofesè m yo? Kòman m fè pat louvri zòrèy mwen bay moun ki t ap enstui m yo?

[14] Mwen te prèske rive nan malè total, Nan mitan asanble a ak kominote a.

[15] Bwè dlo nan sitèn pa ou, Dlo ki soti nan pi pa ou.

[16] Èske sous ou ta dwe koule deyò? Èske rivyè ou ta dwe koule sou plas piblik?

[17] Se pou ou menm sèl pou yo ye, Etranje pa dwe posede yo avè w.

[18] Se pou sous ou beni, Se pou w kontan ak fi ou te marye depi lè ou te jèn nan.

[19] Li tankou yon bèl bich, yon gazèl byen anfòm; Se pou pwatrin li toujou satisfè ou, Se pou w toujou pèdi nan lamou li.

[20] Ebyen, pitit mwen, poukisa pou ta pèdi nan yon fi etranj? Poukisa pou w ta anbrase sen yon fi etranje?

[21] Paske, chemen lòm yo devan je Letènèl, Letènèl ap obsève tout wout li yo.

[22] Mechan an pèdi nan pwòp inikite l yo, Se kòd peche l yo menm ki mare l.

[23] L ap mouri, paske li pa gen disiplin; L ap pèdi chemen nan eksè foli l.

Liv Pwovèb yo — Chapters