Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:50

[1] Pitit mwen, si ou resevwa pawòl mwen, Si ou sere kòmandman m yo anndan ou;

[2] Si ou pare zòrèy ou pou lasajès, Si ou panche kè w bò kote entèlijans;

[3] Wi, si ou rele entèlijans, Si ou leve vwa ou bay bon konprann;

[4] Si ou chèche l tankou lajan, Si ou chèche l byen tankou trezò kache,

[5] Konsa w ap konprann krentif pou Letènèl, W ap jwenn konesans Bondye.

[6] Paske, Letènèl bay lasajès, Konesans ak entèlijans soti nan bouch li.

[7] Li sere pwovizyon pou moun ki dwat, Li se yon boukliye pou moun ki mache san repwòch.

[8] Li pwoteje chemen jistis, Li veye sou wout fidèl li yo.

[9] Lè sa a, w ap konprann ladwati ak jistis Entegrite ak tout wout ki mennen nan bonè.

[10] Paske, lasajès ap vin nan kè ou, Konesans ap pran plezi nan nanm ou.

[11] Bon konprann ap veye sou ou, Entèlijans ap pwoteje ou,

[12] Pou delivre ou nan chemen malè, Anba moun k ap pale pawòl kòripsyon,

[13] Moun ki abandone wout ladwati Pou mache nan chemen fènwa,

[14] Moun ki kontan nan fè mal, Moun ki rejwi anpil nan kòripsyon,

[15] Moun ki suiv wout detounen, Ak moun ki pran chemen kwochi.

[16] Lasajès ap delivre ou anba fi deregle, Anba fi etranj k ap di pawòl dous,

[17] Fi ki abandone zanmi pwòch li genyen depi lè l te jèn, Ki bliye alyans Bondye li.

[18] Paske, kay li panche bò kote lanmò, Wout li mennen kote lespri defen yo ye.

[19] Pa gen pèsonn ki al jwenn li ki tounen, Ni ki jwenn chemen lavi ankò.

[20] Konsa, se pou w mache nan chemen moun debyen. Se pou w kenbe chemen moun jis yo.

[21] Paske, se jis yo k ap abite nan peyi a. Se moun ki san repwòch k ap rete ladan l.

[22] Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a, Y ap derasinen moun trèt yo ladan.

Liv Pwovèb yo — Chapters