Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:39

[1] Si ou chita atab ak yon notab, Fè anpil atansyon ak sa ki devan ou.

[2] Mete yon kouto nan gòj ou, Si ou gen twòp apeti.

[3] Pa pote lanvi sou friyandiz li; Se manje ki twonpe moun yo ye.

[4] Pa kase tèt ou pou w vin rich; Sispann panse sou sa.

[5] Je w ap kouri dèyè richès, epi anyen! Paske, richès pouse zèl; Li vole nan lèzè tankou malfini.

[6] Pa manje pen moun move je, Pa pote lanvi sou friyandiz li.

[7] Paske, jan li panse nan kè li, se konsa l ye. L ap di w: Manje! Bwè! Men, kè l pa avè w.

[8] W ap vomi moso ou te manje a, E w ap pèdi bèl pawòl ou yo.

[9] Pa pale pou moun san konprann tande, Paske, l ap meprize bon sans pawòl ou.

[10] Pa deplase bòn ki ansyen; Pa antre nan jaden òfelen yo.

[11] Paske, moun k ap rachte yo a pisan, L ap defann kòz yo kont ou.

[12] Dispoze kè w pou koreksyon, Pare zòrèy ou pou pawòl konesans.

[13] Pa epànye yon tigason de koreksyon; Si ou frape l ak fwèt, li p ap mouri pou sa.

[14] Lè ou bat li ak fwèt, W ap delivre nanm li anba peyi-mò.

[15] Pitit mwen, si kè w saj, Kè m ap kontan tou.

[16] Wi, zantray mwen ap rejwi anpil, Lè bouch ou di sa ki dwat.

[17] Pa kite kè w anvye pechè yo, Men, se pou l toujou gen krentif pou Letènèl.

[18] Paske, gen jou k ap vini; Espwa ou p ap disparèt.

[19] Pitit mwen, tande epi vin saj; Dirije kè w nan chemen ki dwat.

[20] Pa rete pami moun k ap soule tèt yo ak diven, Pami moun k ap fè eksè nan vyann.

[21] Paske, tafyatè a ak moun ki saf ap vin pòv, Epi kabicha fè moun mete ranyon.

[22] Tande papa w, limenm ki te fè w; Pa meprize manman w lè l vin vye.

[23] Achte laverite, men pa vann li; Wi, achte lasajès, enstriksyon ak bon konprann.

[24] Papa moun ki jis nan gwo kontantman, Moun ki fè yon moun saj ap kontan pou li.

[25] Se pou papa w ak manman w rejwi, Se pou moun ki te pote w la rejwi anpil!

[26] Pitit mwen, ban mwen kè ou, Se pou je w pran plezi nan chemen m.

[27] Paske fi pwostitiye a se yon twou fon, Fi adiltè a se yon pi etwat.

[28] L ap tann tankou yon brigan, Li ogmante trèt yo pami lèzòm.

[29] Ki moun ki di: Aa! Ki moun ki di: Elas! Pou ki moun kont ye? Pou ki moun plent ye? Pou ki moun blese san rezon ye? Pou ki moun je wouj ye?

[30] Moun mize kote diven, Moun ki pral bwè diven melanje.

[31] Pa gade diven an lè l wouj, Lè l tankou bijou nan gode a, Lè l koule fasil.

[32] Alafen l ap mòde tankou sèpan, L ap pike tankou yon sèpan aspik.

[33] Je w ap wè bagay kòwonpi, Kè w ap pale yon fason ki kòwonpi.

[34] W ap vin tankou yon nonm ki kouche nan mitan lanmè, Tankou yon nonm ki kouche sou ma yon bato.

[35] Yo frape m, sa pa fè m mal; Yo bat mwen, m pa santi anyen. Kilè m ap reveye pou m ka chèche l ankò?

Liv Pwovèb yo — Chapters