Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:26

[1] Lasajès bati kay li, Li koupe sèt pilye l yo.

[2] Li tiye bèt li, li vide diven, Li prepare tab li.

[3] Li voye sèvant li yo, li rele Kote ki pi wo yo nan vil la:

[4] Se pou moun sòt yo vin isi. Li di moun ki pa gen lespri yo:

[5] Vini, manje pen mwen; Bwè diven mwen te vide a.

[6] Kite sòt, epi viv; Ale dwat nan chemen entèlijans.

[7] Moun ki korije mokè rale mepriz sou li, Moun ki reprimande mechan an rale kou sou li.

[8] Pa reprimande moun ki mokè pou l pa rayi w, Reprimande moun ki saj, l ap renmen w.

[9] Bay moun ki saj, l ap vin pi saj; Bay moun ki jis konesans, l ap ogmante konesans li.

[10] Kòmansman lasajès se krentif pou Letènèl; Konesans sila ki sen an, se entèlijans.

[11] Grasa mwen, jou w yo ap miltipliye, Ane lavi ou yo ap ogmante.

[12] Si ou saj, ou saj pou tèt ou; Si ou se mokè, se ou sèl k ap peye sa.

[13] Fi ki egare anpipèt, Li sòt, li pa konn anyen.

[14] Li chita nan papòt lakay li, Sou yon chèz kote ki wo yo nan vil la,

[15] Pou l rele moun k ap pase, Moun ki prale dwat nan chemen yo.

[16] Li di: Se pou moun ki sòt yo vin isi! Li di moun ki pa gen lespri yo:

[17] Dlo yon moun vòlè dous, Pen ou pran an kachèt bay plezi.

[18] Men, li pa konnen se la lespri mò yo ye, Envite l yo nan fon peyi-mò.

Liv Pwovèb yo — Chapters