Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 4:40

[1] Pwojè moun fè depann de lòm, Men repons lang bay soti nan Letènèl.

[2] Tout chemen yon nonm pwòp nan je pa li, Men moun ki peze lespri yo nan balans se Letènèl.

[3] Remèt travay ou yo bay Letènèl, Epi pwojè w yo ap reyalize.

[4] Letènèl fè tout bagay pou yon bi, Menm mechan an pou jou malè.

[5] Tout kè ki awogan se abominasyon devan Letènèl; Se sèten, li p ap rete san pinisyon.

[6] Se nan bonte ak laverite ou padone inikite, Men, krentif pou Letènèl fè ou rete lwen peche.

[7] Lè chemen yon nonm fè Letènèl plezi, Li fè menm lènmi l dispoze viv byen avè l.

[8] Pito ou gen ti kal byen nan jistis, Pase pou w gen anpil byen nan lenjistis.

[9] Kè lòm planifye chemen li, Men, se Letènèl ki dirije kote l prale.

[10] Nan bouch wa a, gen desizyon ki soti nan Bondye: Nan jijman an pa dwe gen trayizon nan bouch li.

[11] Balans ak plato ki jis se pou Letènèl, Tout pèz sak la se travay li.

[12] Mechanste bay wa yo repiyans, Paske, se ak jistis moun fè twòn fèm.

[13] Bouch moun ki jis jwenn favè wa, E moun renmen sila a ki pale dwat.

[14] Kòlè wa a se mesaje lanmò, Men, yon nonm saj kapab fè l kalme.

[15] Lè kontantman klere vizaj wa a, se lavi, Favè li tankou nyaj lapli nan sezon prentan.

[16] Ala miyò chèche lasajès miyò pase lò! Ala miyò chèche bon konprann miyò pase lajan!

[17] Rete lwen mal se wout moun ki dwat; Yon moun ki veye sou chemen li prezève nanm li.

[18] Awogans vin anvan dezas, Epi lògèy vin anvan so.

[19] Pito ou rete nan imilite ak pòv yo, Pase pou w pataje sa moun pran nan lagè ak awogan yo.

[20] Moun ki reflechi sou yon pawòl jwenn bonè, E moun ki mete konfyans yo nan Letènèl beni.

[21] Moun ki saj nan kè li, yo di l entèlijan, E bouch ki dous ogmante konesans.

[22] Bon konprann se yon sous lavi pou moun ki genyen l, Men foli, se chatiman pou moun san konprann.

[23] Moun ki saj nan kè li aprann bouch li lasajès, E li ogmante konesans nan bouch li.

[24] Diskou ki fè moun plezi se yon gato myèl, Li dous pou nanm e se yon remèd pou kò a.

[25] Yon chemen ka parèt dwat pou yon nonm, Epi alafen li mennen nan chemen lanmò.

[26] Moun ki travay, travay pou tèt li, Paske, bouch li eksite l.

[27] Voryen fouye twou malè, Epi Bouch li tankou yon dife devoran.

[28] Moun ki kòwonpi eksite dispit, Moun ki rapòtè divize bon zanmi.

[29] Moun ki vyolan sedui pwochen li, Li fè l mache nan yon chemen ki pa bon.

[30] Moun ki fèmen je l pou l fè konplo kòripsyon, Moun ki mòde po bouch li, deja komèt mal la.

[31] Cheve blan se yon bèl kouwòn, Se nan chemen jistis ou jwenn li.

[32] Moun ki lan pou fè kòlè vo plis pase yon vanyan gason, E moun ki kontwole lespri yo vo plis pase moun ki pran yon vil.

[33] Tirajosò tonbe sou ke rad, Men tout desizyon soti nan Letènèl.

Liv Pwovèb yo — Chapters