[1] Pa anvye sò moun ki mechan yo, Pa anvi fè kò ak yo.
[2] Paske, kè yo medite dezas, Bouch yo lakòz soufrans.
[3] Se ak lasajès ou bati yon kay; Se ak bon konprann ou tabli l.
[4] Se ak konesans ou ranpli chanm yo Ak byen ki koute chè e ki bay plezi.
[5] Yon nonm saj ranpli ak fòs, Epi moun ki gen konesans ogmante kouraj li.
[6] Paske, ak bon planifikasyon w ap ka fè lagè, Epi gen delivrans nan anpil konseye.
[7] Lasajès twò wo pou moun san konprann; Moun sa a pa louvri bouch li nan pòt la.
[8] Moun ki gen plan pou fè mal, Yo rele mèt malveyan.
[9] Planifye foli se peche, Epi moun deteste mokè.
[10] Si ou vin fèb nan jou detrès, Fòs ou diminye.
[11] Delivre moun yo pral tiye; Epànye yo moun y ap trennen pou asasinen yo!
[12] Si ou di: Aa! Nou pa t konnen! Sila a ki peze kè nan balans, èske l pa wè sa? Moun k ap veye sou lavi w la, èske l pa konnen sa? Èske l p ap peye tout moun daprè sa yo te fè?
[13] Pitit mwen, bwè siwo myèl, paske li bon. Yon gato myèl bon nan bouch ou.
[14] Konsa tou, se pou konnen lasajès pou lavi w; Si ou jwenn li, ap gen yon avni; Yo p ap retire espwa ou.
[15] Mechan, pa tann anbiskad devan kay jis la; Pa devaste kote l rete a.
[16] Paske, jis la tonbe sèt fwa, li leve. Men, mechan yo bite nan tan dezas.
[17] Pa rejwi, si lènmi ou tonbe; Pa fè kè w kontan, lè l bite;
[18] Sinon, Letènèl ap wè sa, l ap fache, L ap detounen kòlè l sou lènmi ou.
[19] Pa fache kont moun k ap fè mal; Pa rayi sò mechan yo.
[20] Paske, pa gen avni pou mechan an, Lanp mechan yo pral etenn.
[21] Pitit mwen, gen krentif pou Letènèl, epi pou wa a. Pa mele ak moun k ap chanje lide tout tan.
[22] Paske, dezas yo ap vini sanzatann, E kilès ki konnen chatiman youn oubyen lòt?
[23] Men yon lòt bagay ki soti nan saj yo: Lè w ap jije, li pa bon pou fè paspouki pou pèsonn.
[24] Moun ki di mechan: Ou jis! Pèp yo modi l; nasyon endiye kont li.
[25] Men, pou moun ki reprimande l, se byen. E benediksyon vin sou yo pou bonè yo.
[26] Yon bon repons, Se tankou yon bo sou bouch.
[27] Prepare travay ou deyò, Òganize teren ou; Apre, w a bati kay ou.
[28] Pa temwaye kont pwochen ou san rezon; Èske ou ta vle twonpe moun ak bouch ou?
[29] Pa di: Jan l te fè m nan, se konsa m ap fè l tou; M ap peye chak moun daprè sa yo te fè.
[30] Mwen te pase toupre jaden yon parese, Toupre jaden rezen yon nonm ki san konprann.
[31] Gade! Pikan pouse toupatou; Move zèb kouvri tè a; Miray an wòch la tonbe.
[32] Mwen gade, epi mwen reflechi nan kè m; Mwen wè, epi mwen pran enstriksyon:
[33] Yon ti dòmi, yon ti lasoupi, Yon ti kwaze men pou dòmi! ...
[34] Epi povrete ap vin sou ou tankou yon vagabon, Dizèt ap vin sou ou tankou yon nonm ame.