Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:49

[1] Pitit mwen, kenbe pawòl mwen, Kache kòmandman m yo ansanm avè w.

[2] Kenbe kòmandman m yo pou w ka viv, Kenbe lalwa mwen tankou boul je w.

[3] Mare yo sou dwèt men ou, Ekri yo sou tab kè ou.

[4] Di lasajès: Ou se sè mwen; Rele entèlijans zanmi ou,

[5] Pou yo prezève ou kont fi etranj, Kont fi etranj ki gen pawòl dous.

[6] Mwen te nan fenèt lakay mwen, Mwen t ap gade nan fant jalouzi yo.

[7] Mwen gade nan mitan moun sòt yo, Mwen remake pami jèn gason yo, yon jennonm ki san konprann.

[8] Li t ap pase nan lari, nan zòn yon fi etranj, Epi li pran direksyon kay li.

[9] Solèy te kouche, ta nan apre midi, Lannuit t ap rive, nan fè nwa.

[10] Epi gade! Yon fi vin rankontre l, Li te gen abiman yon pwostitiye ak riz nan kè li.

[11] Dam nan te an touprèt, li te fwonte. Pye l pa t rete lakay li.

[12] Tanto l nan lari, tanto li sou plas piblik, L ap tann anbiskad nan tout kalfou.

[13] Li kouri kenbe jennonm nan, li anbrase l; San l pa jennen, li di l:

[14] Mwen te dwe yon ofrann remèsiman, Jodi a, mwen akonpli ve m te fè a.

[15] Se poutèt sa, mwen soti pou m rankontre ou, Pou m chèche ou, e mwen jwenn ou.

[16] Mwen ranje kabann mwen ak dra, Dra byen bwode ak fil ki soti Lejip.

[17] Mwen pafime kabann mwen Ak lami, lalwa ak kanèl.

[18] Vini, ann fè nou sou ak lamou jis li jou, Annou pran plezi nou nan lamou.

[19] Paske, mari m pa lakay la, L al fè yon vwayaj byen lwen.

[20] Li pran valiz lajan li nan men l, Li p ap retounen lakay anvan nouvèl lin.

[21] Li fè jennonm nan dakò ak anpil may, Ak pawòl dous nan bouch li, li fè l dakò.

[22] Jennonm nan suiv li tousuit, Tankou yon bèf ki pral labatwa, Tankou moun fou yo mare pou yo korije,

[23] Jiskaske yon flèch pèse fwa li, Tankou yon zwazo ki prese antre nan pèlen, San l pa konnen sa ap koute l lavi l.

[24] Kounye a, pitit mwen yo, tande m; Pare w pou tande pawòl bouch mwen.

[25] Pa kite kè ou detounen pou yon fi konsa; Pa kite w egare nan chemen li.

[26] Paske, li fè anpil viktim tonbe deja; Anpil gason, li tiye tout.

[27] Kay li se chemen peyi-mò, Chemen ki desann nan chanm lanmò.

Liv Pwovèb yo — Chapters