[1] Pito w gen yon moso pen sèch ak trankilite, Pase yon kay ki plen vyann ak dispit.
[2] Yon sèvitè pridan domine sou pitit ki fè wont, E l ap gen eritaj pami frè l yo.
[3] Founo se pou ajan, founèz se pou lò, Men, se Letènèl ki teste kè.
[4] Moun ki fè mal koute bouch inikite, Moun k ap bay manti lage zòrèy li bay bouch dezas.
[5] Moun ki moke pòv la meprize moun ki fè l la, Moun ki rejwi nan malè p ap rete san pinisyon.
[6] Pitit pitit se kouwòn vyeya yo, E glwa pitit yo se papa yo.
[7] Bon pawòl pa fè moun san fou byen; Ale wè pou pawòl manti ta fè notab byen!
[8] Kado se pyè ki koute chè nan je moun ki resevwa l; Tout kote yo pase, yo reyisi.
[9] Moun ki kouvri yon fot chèche lamou, E moun ki fè sonje sa nan diskou li divize bon zanmi.
[10] Yon reprimand fè plis efè sou moun ki gen bon konprann Plis pase san kout baton sou moun egare.
[11] Mechan an pa chèche lòt bagay ke rebelyon, Men, y ap voye yon mesaje kriyèl kont li.
[12] Pito w rankontre yon lous ki pèdi pitit li, Pase pou w ta rankontre moun egare nan foli l.
[13] Yon moun ki rann mal pou byen, Mal p ap janm kite kay li.
[14] Kòmanse kont se lage dlo; Anvan dispit eklate, wete kò w.
[15] Moun ki bay mechan rezon, moun ki kondane jis la, Ni youn ni lòt se abominasyon devan Letènèl.
[16] Kisa lajan vo nan men egare? Èske l ap achte lasajès avè l? Men, li pa gen lespri.
[17] Yon zanmi renmen tout tan; Yon frè la pou ede nan malè.
[18] Moun san konprann pran angajman, Li bay garanti pou pwochen li.
[19] Moun ki renmen kont renmen peche, Vante wotè pòtay ou, se envite dezas.
[20] Yon kè kòwonpi p ap jwenn bonè, Moun ki pèvès ak lang yo tonbe nan malè.
[21] Moun ki fè yon moun egare ap gen chagren, Papa moun fou p ap gen kè kontan.
[22] Kè kontan se yon bon remèd, Men, yon lespri dekouraje seche zo.
[23] Mechan an aksepte kado an sekrè, Pou l kòwonpi chemen jistis.
[24] Lasajès toupre moun ki gen bon konprann, Men, je moun egare ale nan dènye bout latè.
[25] Yon pitit egare fè papa l chagren, Li fè lavi anmè pou moun ki fè l la.
[26] Li pa bon pou w pini yon nonm ki jis, Ni pou frape notab yo poutèt yo dwat.
[27] Moun ki kontwole pawòl ki gen konesans, Moun ki gen lespri kalm, se ki gen entèlijans.
[28] Menm moun san konprann pase pou moun saj, si l fè silans. Moun ki fèmen bouch li se moun ki konprann.