Skip to content
Opens in a new window

[1] Mwen rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan Sankre a.

[2] Resevwa li nan non Senyè a, jan sen yo merite sa. Epi, ede li nan tout bagay li ta ka bezwen. Paske, li menm, li ede anpil moun, e li ede mwen tou.

[3] Salye Priska ak Akilas. Yo travay avèk mwen nan non Jezi Kris.

[4] Yo te riske lavi yo pou sove lavi mwen. E, se pa mwen menm sèlman k ap di yo mèsi, okontrè menm, se tout legliz ki pami nasyon yo.

[5] Salye legliz ki lakay yo a tou. Salye Epayinèt, li se byenneme mwen. Se li ki premye rekòt pou Kris nan Akayi.

[6] Salye Mari, li travay di pami nou.

[7] Salye Andwonikis ak Jinyas, yo se fanmi mwen, epi yo te prizonye ansanm avèk mwen. Yo byen konsidere yo pami apot yo. E, yo te menm vin nan Kris anvan mwen.

[8] Salye Anpliyas, li se byenneme mwen nan non Senyè a.

[9] Salye Iben, li travay ansanm avèk nou nan non Kris la. Salye Estakis tou, li se byenneme mwen.

[10] Salye Apelès, li bay prèv, li nan Kris. Salye moun kay Aristobil yo.

[11] Salye Ewodyon, li se fanmi mwen. Salye moun kay Nasis yo ki kwè nan Senyè a.

[12] Salye Trifèn ak Trifoz, y ap travay nan non Senyè a. Salye Pèsid, li se byenneme mwen, e l ap travay di nan non Senyè a.

[13] Salye Rifis, Bondye chwazi li nan non Senyè a. Salye manman li, ki se manman mwen tou.

[14] Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, ansanm ak tout frè ki avèk yo.

[15] Salye Filològ ak Jili, Nere ak sè l la. Salye Olenpas ansanm ak tout sen ki avèk li yo.

[16] Se pou nou youn salye lòt avèk bo, tankou sen dwe salye. Tout legliz Kris yo voye salye nou.

[17] Frè mwen yo, m ap ankouraje nou veye ki moun k ap aji kont ansèyman yo te montre nou an pou lakòz moun divize epi chite. Epi, separe avèk yo.

[18] Paske, yo menm, se pa Jezi Kris, Senyè nou an, y ap sèvi, men, se pwòp vant yo. Epi, nan pale dous ak nan flate, yo twonpe kè inosan yo.

[19] Kanta pou nou menm, jan nou obeyi Bondye a, se yon nouvèl ki rive toupatou. Donk, nou fè mwen kontan. Men, mwen ta vle pou nou saj devan sa ki byen epi pou nou inosan devan sa ki mal.

[20] E, Bondye ki bay lapè a, talè konsa, l ap kraze Satan anba pye nou. Gras Jezi Kris Senyè nou an avèk nou!

[21] Timote voye salye nou, l ap travay ansanm avèk mwen. Liziyis, Jazon ak Sosipatè voye salye nou tou, se fanmi mwen yo ye.

[22] Mwen menm Tètiyis ki ekri lèt sa a, mwen voye salye nou nan non Senyè a.

[23] Gayis voye salye nou, li resevwa ni mwen menm, ni tout legliz la lakay li. Eras voye salye nou, li se administratè vil la. Frè Kwatis voye salye nou tou.

[24] Gras Jezi Kris Senyè nou an avèk nou tout! Amèn.

[25] Se Bondye ki kapab fè nou kanpe fèm, daprè levanjil mwen an ak predikasyon sou Jezi Kris, daprè revelasyon mistè ki te nan sekrè depi tout tan an.

[26] Men, kounye a, Bondye devwale li, grasa pwofesi ki nan Lekriti, daprè lòd Bondye ki etènèl la. Li fè tout nasyon konnen mistè a pou yo ka obeyi daprè lafwa.

[27] Se Bondye sèl ki saj. Glwa pou Bondye, nan Jezi Kris, pou letènite. Amèn!

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters