[1] Nou menm ki fèm yo, nou dwe sipòte feblès sa ki pa fèm yo. Se pa tèt nou, nou dwe ap fè plezi.
[2] Vrèmanvre, nou chak dwe fè pwochen nou plezi pou byen li epi pou nou ka edifye li.
[3] Paske, menm Kris, se pa t tèt li, li te fè plezi. Okontrè, li te fè menm jan sa te ekri a: Jouman moun k ap joure w yo tonbe sou mwen!
[4] Vrèmanvre, tout sa ki te ekri anvan yo, se pou yo te ka anseye nou ki fè yo te ekri yo anvan. Konsa, grasa andirans ak ankourajman Lekriti bay, nou ka gen esperans.
[5] Se pou Bondye ki bay andirans ak ankourajman an fè nou gen menm santiman, youn pou lòt, menm jan ak Jezi Kris.
[6] Konsa, nan tèt ansanm epi avèk yon sèl vwa, nou va glorifye sila ki Bondye e ki Papa Jezi Kris, Senyè nou an.
[7] Donk, se pou nou youn byen aksepte lòt, menm jan Kris, li menm, te aksepte nou, pou glwa Bondye.
[8] Men sa m ap di: Jezi Kris, li menm, te fè tèt li sèvitè moun ki sikonsi yo, pou demontre Bondye di laverite. Konsa, li sètifye pwomès Bondye te fè zansèt yo.
[9] Konsa tou, lòt nasyon yo bay Bondye glwa poutèt pitye li. Se konsa sa ekri: Poutèt sa, m ap deklare glwa ou pami nasyon yo, E, m ap chante pou non ou.
[10] Epi, Lekriti di ankò: Nou menm nasyon yo, fè kè nou kontan avèk pèp li a.
[11] Epi ankò: Nou tout nan nasyon yo, fè lwanj Senyè a. Se pou tout pèp fè lwanj li!
[12] Epi ankò, Ezayi di: Rasin ki soti nan Izayi a va parèt, Wi, li menm ki va leve pou gouvène nasyon yo. Se nan li nasyon yo va met espwa yo.
[13] Se pou Bondye ki bay esperans lan plen kè nou avèk tout kalite lajwa ak lapè, grasa lafwa nou, dekwa pou nou ka vin gen esperans ann abondans, grasa pisans Lespri Sen an!
[14] Frè mwen yo, mwen menm tou, mwen gen konfyans nou plen ak bonte, nou plen ak tout kalite konesans, e nou youn kapab avèti lòt.
[15] Men, frè mwen yo, gen kèk bagay, mwen pèmèt tèt mwen pou m ekri nou yo konsa, se tankou m ap reveye memwa nou. E, se daprè gras sa a Bondye ban mwen:
[16] Li fè mwen minis Jezi Kris pou lòt nasyon yo. E, m ap sèvi levanjil Bondye a tankou yon sakrifikatè, dekwa pou lòt nasyon yo ka vin yon ofrann Bondye aksepte, yon ofrann Lespri Sen an konsakre.
[17] Donk, pou afè Bondye, mwen gen rezon vante tèt mwen grasa Jezi Kris.
[18] Paske, mwen pa t ap oze pale de yon bagay, si se pa t yon travay Kris fè avèk mwen vre, pou payen yo ka obeyi. Li sèvi avèk ni pawòl mwen, ni aksyon mwen,
[19] avèk pisans mirak siy, avèk pisans mèvèy, epi avèk pisans Lespri Bondye. Konsa, soti Jerizalèm, ale toutotou, rive jis Iliri, mwen preche yo levanjil Kris la okonplè.
[20] Konsa, anbisyon m se te pou mwen anonse levanjil la kote pèsonn pa t nonmen non Kris, dekwa pou mwen pa t bati sou fondasyon lòt moun.
[21] Okontrè, se menm jan sa te ekri a: Moun, yo pa t anonse l yo, yo va wè. E, moun ki pa t tande pale de li yo, yo va konprann.
[22] Anpil fwa, se sa ki te anpeche mwen ale lakay nou.
[23] Men, kounye a, pa gen misyon pou mwen nan zòn sa yo ankò. Alòske, depi plizyè ane, mwen anvi ale lakay nou.
[24] M apral lakay nou nenpòt lè mwen prale ann Espay. Vrèmanvre, lè m ap pase, mwen espere m ap rete wè nou, epi n ap ede mwen al la. Men, anvan sa, fòk mwen ta fin kontante avèk ti vizit la.
[25] Pou kounye a, mwen prale Jerizalèm pou m rann sen yo yon sèvis.
[26] Paske, se te tout plezi Masedwàn ak Akayi, pou yo fè yon kòlèt pou pòv ki pami sen nan Jerizalèm yo.
[27] Vrèmanvre, yo te jwenn plezi pou yo fè sa, e yo te dwe yo sa tou. Paske, si lòt nasyon yo patisipe nan byen espirityèl Juif yo, ebyen, yo menm tou, yo dwe rann Juif yo sèvis avèk byen materyèl yo.
[28] Donk, m ap fini avèk bagay sa a, m ap fin remèt yo rezilta kòlèt la, epi m ap pase lakay nou pou m ale ann Espay.
[29] E, mwen konnen, lè m ale lakay nou, m aprale avèk tout benediksyon ki genyen nan levanjil Kris la.
[30] Frè mwen yo, grasa Senyè nou an, Jezi Kris, epi grasa lamou Lespri a, m ap ankouraje nou konbat ansanm avèk mwen nan priye Bondye pou mwen.
[31] Priye pou mwen ka delivre anba moun nan Jide ki pa kwè yo. Priye pou sen nan Jerizalèm yo ka byen aksepte sèvis mwen an.
[32] Priye pou m ale lakay nou nan lajwa, si Bondye vle; epitou, priye pou mwen repoze tèt mwen pami nou.
[33] Se pou Bondye ki bay lapè a avèk nou tout. Amèn!