[1] Frè mwen yo, lalwa domine sou yon moun, toutotan l ap viv. Nou konnen sa, pa vre? Paske, se ak moun ki konnen lalwa m ap pale.
[2] Vrèmanvre, yon fi ki marye, lalwa ini li ak mari li toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib parapò ak lwa ki te ini li ak mari a.
[3] Donk, si pandan mari li vivan li pran yon lòt mari, ebyen, y ap deklare li fè adiltè. Men, si mari a mouri, fi a lib parapò ak lalwa. Kifè, li pa fè adiltè si li pran yon lòt mari.
[4] Frè mwen yo, se menm jan an tou pou nou menm. Grasa kò Kris, nou te mouri parapò ak lalwa pou nou ka vin pou yon lòt, pou sila a ki te resisite pami mò yo. Konsa, lavi nou va donnen fwi pou Bondye.
[5] Paske, lè nou t ap viv daprè lachè, lalwa te fè pasyon peche travay nan manm kò nou. Konsa, lavi nou te donnen fwi pou lanmò.
[6] Men, kounye a, paske nou mouri parapò ak bagay ki te fè nou prizonye a, nou lib parapò ak lalwa. Konsa, nou p ap sèvi Bondye daprè ansyen fason lekriti lalwa a, men, daprè nouvo fason Lespri a.
[7] Donk, kisa nou va di? Èske nou va di lalwa se peche? Non, jamè! Okontrè, si se pa t lalwa, mwen pa t ap konnen sa ki peche. Vrèmanvre, mwen pa t ap konnen sa anvi ye, si lalwa pa t di: Ou pa dwe gen anvi!
[8] Peche, li menm, pwofite okazyon kòmandman an, epi li mete tout kalite anvi nan mwen. Paske, san lalwa, peche mouri.
[9] Yon lè, mwen te san lalwa, e mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vini, peche a vin vivan ankò, epi, mwen menm, mwen mouri.
[10] Men sa mwen jwenn: Kòmandman ki sipoze bay lavi a, se lanmò li pote.
[11] Paske, peche pwofite okazyon kòmandman an, li twonpe mwen, epi avèk kòmandman an, li fè mwen mouri.
[12] Konsa, lalwa sen. E, kòmandman an sen, li jis, li bon.
[13] Donk, èske se yon bon bagay ki vin lanmò pou mwen? Non, jamè! Okontrè, se peche! E, pou montre li se peche, li sèvi avèk yon bon bagay pou li mete lanmò nan mwen. Konsa, akòz kòmandman an, peche vin peche depase mezi.
[14] Paske, nou konnen lalwa gen nati Lespri a, alòske, mwen menm, mwen gen nati lachè, mwen se esklav peche.
[15] Vrèmanvre, mwen pa konprann sa mwen fè. Paske, mwen pa fè sa mwen vle. Okontrè, sa mwen rayi, se li mwen fè.
[16] E, si mwen pa fè sa mwen vle, donk, mwen dakò lalwa bon.
[17] E, lè sa a, se pa mwen menm ankò k ap fè aksyon an, men, se peche ki abite nan mwen an.
[18] Vrèmanvre, mwen konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, sa vle di, nan chè mwen. Paske, kanta pou vle, mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa jwenn fason pou mwen fè l.
[19] Vrèmanvre, mwen pa fè byen mwen vle fè a. Okontrè, mal mwen pa vle fè a, se li mwen fè.
[20] E, si mwen menm, mwen fè sa mwen pa vle, se pa mwen menm ankò k ap fè aksyon an, men, se peche ki abite nan mwen an.
[21] Donk, pou mwen menm ki vle fè sa ki byen, mwen jwenn lwa sa a: Bagay mal la ap plede kole sou mwen.
[22] Vrèmanvre, nan fon kè mwen, se nan lalwa Bondye mwen jwenn plezi.
[23] Men, nan manm kò mwen, mwen wè gen yon lòt lwa k ap fè lagè avèk lwa ki nan lespri m nan. E, li fè mwen prizonye anba lwa peche ki nan manm mwen yo.
[24] Ala mizè pou mwen! Kilès ki pou delivre m anba kò lanmò sa a!
[25] Remèsiman pou Bondye, grasa Jezi Kris, Senyè nou an! Donk konsa, nan lespri mwen, mwen se esklav lalwa Bondye, alòske, nan lachè mwen, mwen se esklav lalwa peche.