Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, kisa Juif yo genyen anplis? Oubyen, ki benefis ki genyen nan sikonsizyon?

[2] Tout jan, yo anpil! Paske, premyèman, se Juif yo Bondye te mete responsab pawòl li yo.

[3] Bon, e si kèk nan yo pa kwè? Èske pa kwè yo a p ap anile fidelite Bondye?

[4] Non, jamè! Okontrè, se pou moun rekonèt Bondye nan laverite, menm si tout moun se mantè. Se konsa sa ekri: Dekwa pou yo ka deklare ou jis nan pawòl ou, Epi, pou w ka gen laviktwa, lè y ap jije ou.

[5] Men, si se enjistis nou ki demontre jistis Bondye, kisa n ap di? M ap pale tankou lèzòm: Èske n ap di Bondye pa jis, lè li kite kòlè li aji?

[6] Non, jamè! Osinon, kòman Bondye ta ka jije lemonn?

[7] Vrèmanvre, si se manti mwen ki fè verite Bondye parèt plis pou glwa li, poukisa pou, mwen menm, yo jije mwen kòm pechè toujou?

[8] Epitou, nou ta mèt fè mal pou byen ka rive, pa vre? Kèk moun k ap denigre mwen deklare se konsa mwen pale. Ebyen, yo merite kondanasyon ki sou yo a.

[9] Donk, kisa ki rive? Èske nou siperyè? Non, ditou! Paske, nou sot akize ni Juif, ni Grèk dèske yo tout anba peche!

[10] Se konsa sa ekri: Pa genyen moun ki jis, pa menm yon sèl.

[11] Pa genyen youn ki gen konprann; Pa genyen youn k ap chèche Bondye.

[12] Yo tout pèdi chemen an, Yo vin pèvèti ansanm. Pa genyen youn k ap fè byen, Pa genyen menm yon sèl.

[13] Gòj yo tankou yon kavo yo ouvè. Yo fè riz ak lang yo. Se tankou pwazon sèpan aspik ki nan bouch yo.

[14] Bouch yo plen malediksyon ak pawòl anmè.

[15] Pye yo lejè pou y al fè san koule.

[16] Sou chemen yo pase, se dega ak malè.

[17] E, yo pa konnen chemen lapè.

[18] Devan je pa yo, pa genyen krentif pou Bondye.

[19] Alò, nou konnen tout sa lalwa di se avèk moun ki anba lalwa l ap pale. Se konsa sa ye, dekwa pou tout bouch ka fèmen epi pou lemonn antye ka antò devan Bondye.

[20] Se sa k fè Bondye p ap jistifye pèsonn moun poutèt yo fè zèv lalwa mande. Paske, se grasa lalwa, moun rekonèt peche yo.

[21] Men, kounye a, san lalwa, Bondye revele jistis li. E, ni lalwa, ni pwofèt yo temwaye sa.

[22] Jistis Bondye sa a, moun resevwa l daprè lafwa nan Jezi Kris. E, li pou tout moun epi li sou tout moun ki kwè.

[23] Paske, pa genyen diferans: Vrèmanvre, tout moun peche, epi yo manke glwa Bondye.

[24] Men, nan gras Bondye, Bondye jistifye yo gratis. Sa rive konsa grasa redanmsyon ki nan Jezi Kris la.

[25] Se li menm, Bondye te planifye pou li yon sakrifis satisfaksyon, grasa lafwa, nan san li. Bondye fè sa pou demontre jistis li. Kòm peche ki te fèt anvan yo, nan tan pasyans li a, li te pase sou yo,

[26] ebyen, nan tan kounye a, li demontre jistis li, dekwa pou li menm, li jis, epi an menm tan, pou li jistifye moun ki gen lafwa nan Jezi.

[27] Donk, kote rezon pou moun vante tèt yo la a? Li elimine! Daprè ki prensip li elimine a? Èske se daprè prensip zèv? Non! Okontrè, se daprè prensip lafwa!

[28] Paske, nou rekonèt se daprè lafwa e se san zèv lalwa, Bondye jistifye lèzòm.

[29] Oubyen, èske Bondye se Bondye Juif yo sèlman li ye? Èske se pa Bondye lòt nasyon yo li ye tou? Wi, si vrèmanvre genyen yon sèl Bondye, se Bondye lòt nasyon yo li ye tou!

[30] Se li menm ki va jistifye sikonsi yo pa lafwa epi ki va jistifye ensikonsi yo daprè lafwa.

[31] Poutèt se daprè lafwa a, èske nou anile lalwa pou sa? Non, jamè! Okontrè, se tabli nou tabli lalwa.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters