[1] Tout moun dwe soumèt yo anba otorite ki sou tèt yo. Paske, pa genyen otorite, san se pa grasa Bondye. E, otorite ki egziste yo, se Bondye ki tabli yo.
[2] Donk, yon moun k ap fè rebèl ak otorite, se kont lòd Bondye l ap reziste. E, moun k ap reziste konsa, se jijman y ap rale sou tèt yo.
[3] Paske, se pa pou aksyon ki byen, chèf fè moun pè, men, se pou sa ki mal. Èske ou ta vle pa pè otorite? Ebyen, fè sa ki byen, epi w ap resevwa lwanj nan men li.
[4] Paske, se sèvitè Bondye li ye, pou byen w. Men, si w ap fè sa ki mal, ou mèt pè li. Paske, se pa san rezon, li pote epe. Vrèmanvre, li se sèvitè Bondye, l ap tire revanj pou kòlè Bondye tonbe sou moun ki fè sa ki mal.
[5] Donk, li nesesè pou nou soumèt nou. E, se pa poutèt kòlè a sèlman, men tou, se poutèt konsyans nou.
[6] E, se poutèt sa tou, nou peye enpo. Paske, otorite yo se minis Bondye, e se bagay sa a y ap okipe.
[7] Donk, bay chak moun sa ou dwe li. Moun ou dwe enpo, ba li enpo. Moun ou dwe taks, ba li taks. Moun ou dwe krentif, ba li krentif. Moun ou dwe onè, ba li onè.
[8] Pa dwe pèsonn anyen, eskepte lamou youn pou lòt. Paske, lè yon moun renmen yon lòt, li akonpli lalwa.
[9] Vrèmanvre, kit kòmandman an se «Pa komèt adiltè», «Pa tiye moun», «Pa vòlè», «Pa gen anvi,» oubyen nenpòt lòt, se yon sèl pawòl ki alatèt yo tout, se sa a: «Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.»
[10] Lamou pa janm fè pwochen li mal. Donk, lamou akonpli lalwa.
[11] Fè sa, paske nou konnen nan ki tan nou ye. Li deja lè pou nou leve nan dòmi. Vrèmanvre, delivrans lan pi pre nou kounye a, pase lè nou te konvèti a.
[12] Nuit la vanse fini, jou a ap pwoche. Donk, annou debarase kò nou avèk travay fènwa yo, epi annou abiye nou avèk zam limyè yo.
[13] Annou mache daprè lizaj, tankou se lajounen. Annou pa ni banbochè, ni tafyatè. Annou pa ni nan dezòd lachè, ni nan libètinaj. Annou pa ni nan kont, ni nan jalouzi.
[14] Okontrè, abiye nou avèk Senyè Jezi Kris. Epi, pa fè pwojè pou nou satisfè dezi lachè.