[1] Mwen menm Pòl, Bondye te rele pou vin apot Jezi Kris daprè volonte li, mwen menm ak frè Sostèn.
[2] Nou menm, legliz Bondye ki nan Korent lan; nou menm, Bondye te sangtifye nan Jezi Kris; nou menm, li rele vin sen ansanm ak tout moun tout kote k ap rele non Senyè nou an, Jezi Kris, ki se Senyè ni yo menm, ni nou menm,
[3] se pou gras avèk lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk nou!
[4] Se tout tan m ap rann Bondye m nan gras pou nou, poutèt gras Bondye, Bondye te ban nou nan Jezi Kris.
[5] Kifè, nan li, Bondye fè nou rich nan tout bagay: Nan tout pawòl ak nan tout konesans.
[6] Vrèmanvre, li sètifye temwayaj Kris la nan nou.
[7] Konsa, pandan n ap tann pou Jezi Kris Senyè nou an parèt, nou pa manke okenn don.
[8] L ap fè nou fèm tou, jiska lafen. E, nan jou Jezi Kris, Senyè nou an, n ap san repwòch.
[9] Bondye fidèl, li menm ki te rele nou vin nan kominyon avèk Pitit li a, Jezi Kris, Senyè nou an.
[10] Kounye a, frè mwen yo, m ap ankouraje nou nan non Jezi Kris, Senyè nou an, pou nou tout antann nou epi pou pa gen zizani pami nou. Men, repare inyon nou pou nou gen menm lide ak menm panse.
[11] Paske, frè mwen yo, sa moun kay Klore fè m konnen sou nou, sèke nou youn nan kont ak lòt.
[12] Men sa m vle di: Nou chak ap di yon bagay. Youn di: «Mwen pou Pòl!» Yon lòt di: «Mwen pou Apolòs!» Yon lòt di: «Mwen pou Sefas!» Epi, yon lòt di: «Mwen pou Kris!»
[13] Alò, èske Kris te janm dozado ak tèt li? Se pa Pòl, yo te krisifye pou nou, pa vre? Oubyen, èske se nan non Pòl, nou te batize?
[14] Mwen rann Bondye gras dèske mwen pa t batize okenn nan nou, eskepte Krispis ak Gayis;
[15] konsa, pèsonn pa ka di se nan non mwen yo te batize.
[16] O! mwen te batize moun kay Estefanas yo tou. Apre sa, otan m konnen, mwen pa t batize okenn lòt moun.
[17] Dayè, se pa t pou batize moun, Kris te voye mwen, men, se te pou m anonse levanjil la. E, se pa daprè pawòl sajès, dekwa pou kwa Kris la pa vin initil.
[18] Paske, pawòl kwa a se yon foli pou moun k ap peri. Men, pou moun ki sove, li se pisans Bondye.
[19] Vrèmanvre, men sa ki ekri: M ap detui sajès moun saj yo, M ap anile entèlijans moun entèlijan yo.
[20] Donk, kote moun saj yo? Kote pwofesè lalwa yo? Kote moun k ap diskite nan monn sa a? Bondye fè sajès lemonn tounen foli, pa vre?
[21] Vrèmanvre, kòm lemonn ak tout sajès li a, pa rive konnen Bondye daprè sajès Bondye, ebyen, se daprè mesaj ki se yon foli a, Bondye jwenn plezi pou li sove moun ki gen lafwa yo.
[22] E, kòm Juif yo se mirak siy y ap mande, epi Grèk yo se sajès y ap chèche,
[23] ebyen, nou menm, se Kris yo te krisifye a n ap preche. Pou Juif yo, li se yon pyè d achopman. Pou Grèk yo, li se yon foli.
[24] Men, kit nou se Juif, kit nou se Grèk, pou nou menm, Bondye rele yo, li se Kris, li se pisans Bondye, epi li se sajès Bondye.
[25] Paske, sa k ta foli pou Bondye, li pi saj pase sajès lèzòm. E, sa k ta feblès pou Bondye, li pi fò pase fòs lèzòm.
[26] Vrèmanvre, frè mwen yo, konsidere rele Bondye rele nou an. Pa gen anpil nan nou ki saj daprè lachè. Pa gen anpil ki gen pouvwa. Pa gen anpil ki sot nan gran fanmi.
[27] Okontrè! Bagay ki se foli pou lemonn, se yo Bondye chwazi, dekwa pou li ka fè moun saj yo wont. Bagay ki fèb pou lemonn, se yo Bondye chwazi, dekwa pou li ka fè bagay ki fò yo wont.
[28] Bondye chwazi bagay lemonn avili, bagay yo meprize, bagay ki pa menm egziste pou yo, dekwa pou li ka anile bagay ki egziste pou yo.
[29] Konsa, okenn moun pa ka vante tèt yo devan Bondye.
[30] Se grasa li, ki fè nou nan Jezi Kris. Wi, pou nou, Jezi Kris tounen sajès ki sot kote Bondye: Li jistifye nou, li sangtifye nou, e li rachte nou.
[31] Konsa, menm jan sa ekri a, «Moun k ap vante tèt yo, se nan Senyè a yo dwe vante tèt yo!»