[1] Frè mwen yo, dezi kè mwen ak priyè mwen devan Bondye pou pèp Izrayèl la se pou yo ta sove!
[2] Vrèmanvre, m ap bay temwayaj sa a pou yo: Yo jalou pou Bondye. Men, se pa daprè konesans.
[3] Paske, nan pa konnen yo pa konnen jistis Bondye a, epi, nan chèche y ap chèche tabli pwòp jistis yo, ebyen, yo pa soumèt anba jistis Bondye a.
[4] Paske, se Kris ki finisman lalwa, dekwa pou Bondye ka jistifye tout moun ki kwè.
[5] Vrèmanvre, men sa Moyiz ekri sou kalite jistis ki daprè lalwa a: Yon moun ki fè bagay sa yo, se grasa yo menm l ap viv!
[6] Kalite jistis ki daprè lafwa a, men kisa li menm li di: Pa di nan kè ou: «Kilès ki va monte nan syèl la?» Sa vle di: Monte pou fè Kris desann.
[7] Nonplis tou, pa di: «Kilès ki va desann nan labim nan?» Sa vle di: Desann pou fè Kris monte sot pami mò yo!
[8] Okontrè, kisa li di? Li di: Pawòl la tou pre w, li nan bouch ou, li nan kè w. Sa vle di: Se pawòl lafwa n ap preche a.
[9] Vrèmanvre, si ak bouch ou, ou deklare Jezi se Senyè, epitou, si nan kè ou, ou kwè Bondye te resisite l pami mò yo, ebyen, w ap sove.
[10] Paske, se kwè nan kè ki mennen jistis, e, se rekonèt ak bouch ki mennen delivrans.
[11] Daprè sa Lekriti di: Tout moun ki kwè nan li, yo p ap wont!
[12] Vrèmanvre, pa genyen diferans ant Juif ak Grèk. Paske, se menm Senyè a ki Senyè yo tout. E, richès li, se pou tout moun ki rele li.
[13] Vrèmanvre, «Tout moun ki rele non Senyè a, y ap sove!»
[14] Alò, kòman pou yo ta fè rele non Senyè a, si yo pa kwè nan li? E, kòman pou yo ta fè kwè, si yo pa tande pale de li? E, kòman pou yo ta fè tande pale de li, si yon moun pa preche?
[15] E, kòman pou yo ta fè preche, si pèsonn pa voye yo? Se konsa sa ekri: Moun k ap anonse lapè, Moun k ap anonse bon nouvèl, Ala bèl pye yo bèl!
[16] Men, se pa yo tout ki te obeyi bon nouvèl la. Paske, Ezayi di: Senyè, kilès ki kwè mesaj nou an?
[17] Konsa, lafwa soti nan sa yon moun tande, e sa yon moun tande, se daprè sa Bondye pale.
[18] Men, mwen ta di: «Yo pa t tande, pa vre?» Okontrè! Se sou tout latè, vwa yo te ale, E, se nan pwent lemonn, pawòl yo te rive.
[19] Men, mwen ta di: «Izrayelit yo pa t konnen, pa vre?» Men, se Moyiz an premye ki di: M ap fè nou fè jalouzi pou sa ki pa menm yon nasyon, E, m ap eksite nou poutèt yon nasyon moun sòt.
[20] Ezayi, li menm, oze di: Moun ki pa t ap chèche mwen, se yo ki jwenn mwen, Moun ki pa t ap mande pou mwen, se bay yo, mwen devwale tèt mwen.
[21] Pou Izrayelit yo menm, Ezayi di: Tout lajounen, se bay yon pèp rebèl, Yon pèp kou rèd, mwen t ap lonje men mwen!