[1] Se laverite m ap di nan Kris, se pa manti. Grasa Lespri Sen an, konsyans mwen ban mwen bon temwayaj sa a:
[2] Sèke mwen genyen yon gwo lapenn ak yon chagren nan kè mwen san rete.
[3] Vrèmanvre, poutèt frè mwen yo, poutèt yo menm ki fanmi mwen daprè lachè, mwen ta vle pou se mwen menm, Bondye modi, pou se mwen menm, li separe ak Kris,
[4] wi, poutèt yo menm ki se Izrayelit, yo menm ki resevwa ni adopsyon an, ni glwa a, ni alyans yo, ni lalwa, ni sèvis relijyon ak ni pwomès yo.
[5] Se pou yo zansèt yo ye. E, se pami yo Kris te fèt daprè lachè, Kris ki se Bondye beni sou tèt tout bagay, pou letènite. Amèn!
[6] Men, sa pa vle di pawòl Bondye a pa t akonpli. Paske, se pa tout desandan Izrayèl yo ki Izrayèl, yo menm.
[7] Nonplis tou, se pa paske yo se desandan Abraam ki fè yo tout se pitit li. Okontrè, men sa ki te di: Se nan Izaak w ap gen yon desandans ki pote non ou.
[8] Sa vle di, se pa tout pitit Abraam daprè lachè yo ki se pitit Bondye. Okontrè, pitit ki pitit daprè pwomès la, se yo Bondye konsidere ki nan desandans lan.
[9] Vrèmanvre, men sa ki pawòl pwomès la: M ap tounen nan menm epòk sa a, epi, lè sa a, Sara ap genyen yon pitit gason.
[10] E, se pa sa sèlman. Okontrè, genyen Rebeka tou. Se pou yon sèl moun li te ansent, pou zansèt nou Izaak.
[11] Vrèmanvre, timoun yo pa t ko fèt. Nonplis tou, yo pa t fè ni byen, ni mal. Men, plan Bondye nan jan li chwazi moun, se pa daprè zèv sa ye; okontrè, se daprè sila k ap fè apèl la. E, pou sa ka kenbe, Bondye di Rebeka:
[12] Pi gran an ap sèvi pi piti a.
[13] Se konsa sa ekri: Se Jakòb mwen te renmen. Men, se Ezayi mwen te rayi.
[14] Donk, kisa nou va di? Èske nou va di Bondye nan enjistis? Non, jamè!
[15] Paske, li di Moyiz: Pou moun mwen gen pitye, m ap gen pitye. Pou moun mwen gen kè sansib, m ap gen kè sansib.
[16] Donk, konsa, sa pa depann ni de volonte moun, ni de efò moun. Sa depann de Bondye k ap gen pitye.
[17] Vrèmanvre, Lekriti di Farawon: Mwen fè ou kanpe toutespre, pou se sou ou, mwen montre pisans mwen, epi, konsa, pou toupatou sou latè, yo anonse non mwen.
[18] Donk, konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle. E, li fè moun li vle fè rèd nan kè yo!
[19] Alò, ou va di mwen: «Kisa pou li repwoche moun ankò? Paske, kilès ki ka fè opozisyon ak plan li?»
[20] Okontrè, ou menm, moun, kisa w ye konsa, pou w ap bay Bondye replik? Yon po pa ka di ouvriye ki fè l la: «Poukisa ou fè mwen konsa,» pa vre?
[21] Èske ouvriye a pa gen pouvwa sou mòtye a pou li fè yon po ki pou resevwa onè epi yon po ki pou resevwa dezonè, tou de avèk menm mas mòtye a?
[22] Ebyen, e Bondye li menm? Sipoze li vle montre kòlè li epi li vle fè konnen pisans li, epi poutèt sa, li ta sipòte po ki pou resevwa kòlè yo, po ki fèt pou peri yo, avèk anpil pasyans!
[23] Epi, sipoze li ta fè konnen richès glwa li pou po ki pou resevwa pitye yo, po li te prepare davans pou resevwa glwa yo!
[24] Alòske, nou menm, se po sa yo nou ye. Epitou, se pa t pami Juif yo sèlman li te rele nou, men, se te pami lòt nasyon yo tou.
[25] Se menm jan ak sa li di nan Oze a: Sa ki pa t pèp mwen, m ap rele yo «pèp mwen!» E, sa ki pa t byenneme, m ap rele yo «byenneme!»
[26] Men sa ki va rive kote mwen te di yo «Nou pa pèp mwen»: La, yo va rele yo: «Pitit Bondye vivan.»
[27] Ezayi, li menm, rele parapò ak pèp Izrayèl la, li di: Menm si kantite pitit Izrayèl yo ta menm jan ak sab nan lanmè, Se yon ti rès sèlman k ap sove.
[28] Paske, l ap reyalize pawòl la, L ap akonpli l sibitman nan jistis. Vrèmanvre, yon pawòl ki akonpli sibitman, Se sa Senyè a va fè sou latè.
[29] E, se menm jan Ezayi te di l anvan an: Si Senyè dèz Ame pa t kite yon desandans pou nou, Se tankou Sodòm nou t ap devni, Se ak Gomò nou t ap sanble.
[30] Donk, kisa nou va di? Men sa nou va di: Moun lòt nasyon yo ki pa t ap chèche jistis, yo jwenn jistis, sa vle di, jistis lafwa bay la.
[31] Alòske, pèp Izrayèl la ki t ap chèche yon lwa ki bay jistis, yo pa jwenn lwa ki bay jistis la.
[32] Poukisa? Se paske se pa t daprè lafwa, yo t ap chèche l, men, se te daprè zèv lalwa yo. Vrèmanvre, yo bite sou yon pyè d achopman.
[33] Se konsa sa ekri: Gade! Mwen mete nan Siyon Yon pyèdachopman, yon wòch k ap fè moun tonbe. E, tout moun ki kwè nan li, Yo p ap wont.