Skip to content
Opens in a new window

[1] Kisa nou va di de Abraam, zansèt nou an daprè lachè? Kisa li te jwenn?

[2] Si, vrèmanvre, se daprè zèv Abraam, Bondye te jistifye Abraam, ebyen, Abraam ta ka vante tèt li. Men, se pa devan Bondye!

[3] Paske, kisa Lekriti di? Li di: Alò, Abraam te kwè nan Bondye. E, Bondye konsidere sa tankou jistis pou Abraam.

[4] Pou yon travayè, se pa tankou yon gras yo konsidere salè li, men, se tankou yon dèt.

[5] Men, pou yon moun ki pa fè zèv, pou yon moun ki kwè nan sila ki jistifye moun mechan an, pou moun sa a, Bondye konsidere lafwa li tankou jistis.

[6] Menm jan an tou, David di ki benediksyon yon moun genyen, lè Bondye jistifye li san li pa fè zèv:

[7] Ala beni moun beni, lè Bondye padone rebelyon yo, lè Bondye kouvri peche yo!

[8] Ala beni yon nonm beni, lè Bondye pa konsidere peche li ditou!

[9] Donk, benediksyon sa a, èske se pou moun ki sikonsi li ye sèlman, oubyen, èske li pou moun ki pa sikonsi tou? Vrèmanvre, nou di: Bondye konsidere lafwa Abraam tankou jistis pou Abraam.

[10] Bon, kòman Bondye te konsidere lafwa Abraam nan? Èske, lè sa a, Abraam te sikonsi, oubyen, èske li te ensikonsi? Li pa t sikonsi. Okontrè, li te ensikonsi!

[11] E, sikonsizyon an te yon siy li resevwa tankou yon so, poutèt jistifye Bondye te jistifye li daprè lafwa, anvan li te sikonsi. Konsa, li se papa tout moun ki pa sikonsi men ki kwè, dekwa pou Bondye ka konsidere sa tankou jistis pou yo tou.

[12] Konsa tou, Abraam se papa moun ki sikonsi yo, moun ki pa gen sikonsizyon an sèlman, men tou, ki ap mache sou menm tras lafwa, papa nou Abraam te genyen, lè li pa t sikonsi a.

[13] Vrèmanvre, se pa t daprè lalwa, Bondye te pwomèt Abraam oubyen desandans li an, li t ap eritye lemonn. Okontrè, se te daprè jistis, moun jwenn grasa lafwa a.

[14] Paske, si se daprè lalwa, yo menm, yo vin eritye, ebyen, lafwa initil, epi pwomès la anile.

[15] Vrèmanvre, lalwa se kòlè li pote. E, kote ki pa genyen lalwa, pa gen vyolasyon lalwa nonplis.

[16] Se poutèt sa, yo vin eritye daprè lafwa, dekwa pou sa ka daprè lagras. Konsa, pwomès la fèm pou tout desandan Abraam yo. E, se pa sèlman pou sa ki desandan li daprè lalwa yo, men tou, se pou sa yo ki desandan li daprè menm lafwa Abraam nan, li menm ki se papa nou tout.

[17] Se konsa sa ekri: «Mwen tabli ou kòm papa anpil nasyon.» Li se papa nou tout devan Bondye. Se nan li Abraam te kwè, nan Bondye ki bay mò yo lavi a epi ki nonmen bagay ki pa egziste yo kòmsi yo te egziste a.

[18] E, lè pa t gen espwa, Abraam, li menm, te kwè avèk espwa. Konsa, li vin papa anpil nasyon, daprè sa Bondye te di a: «Se konsa desandans ou va ye.»

[19] Li pa t febli nan lafwa li. E, menm lè li te genyen prèske santan, li pa t gade sou kò li ki te deja yon kadav, ni sou vant Sara tou, yon vant ki te mouri.

[20] Donk, li pa t doute nan pwomès Bondye a, tankou si li te san lafwa. Okontrè, li te genyen fòs nan lafwa li, epi li bay Bondye glwa.

[21] E, li te gen konviksyon, sa Bondye pwomèt, Bondye kapab fè l tou.

[22] Se poutèt sa tou, Bondye konsidere sa tankou jistis pou Abraam.

[23] Okontrè, se pa pou li menm sèlman sa te ekri konsa: Bondye konsidere sa konsa pou li.

[24] Men, se te pou nou menm tou. Bondye pral konsidere sa konsa pou nou menm ki kwè nan sila a ki resisite Jezi, Senyè nou an, pami mò yo.

[25] Se li menm, Jezi, yo te livre pou fot nou yo epi ki te resisite dekwa pou Bondye ka jistifye nou.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters