Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, ou menm k ap jije a, nan menm sa w ap jije lòt la, ou kondane tèt ou tou, paske ou menm k ap jije a, se menm bagay yo w ap fè.

[2] E, nou konnen sa: Moun k ap fè bagay konsa, Bondye jije yo daprè laverite.

[3] Èske ou kwè sa, wi ou menm k ap jije moun k ap fè bagay sa yo epi k ap fè yo tou a, èske ou kwè w ap chape anba jijman Bondye?

[4] Oubyen, nan pa rekonèt se bonte Bondye k ap dirije ou pou w repanti, èske se pa meprize w ap meprize richès bonte Bondye, san sipòtan li ak pasyans li?

[5] Men, w ap fè tèt di, ou pa repanti nan kè ou. Nan konsa, w ap anpile kòlè sou tèt ou pou jou kòlè a, jou Bondye ap revele jijman li ki jis.

[6] Li menm, li va bay chak moun daprè zèv yo:

[7] Pou moun k ap chèche glwa, onè ak imòtalite nan pèsevere nan bon zèv, se va lavi etènèl.

[8] Men, pou moun k ap reziste yo, pou moun k ap dezobeyi verite a yon bò epi k ap obeyi enjistis yon lòt bò, se va raj ak kòlè.

[9] Se va tribilasyon ak detrès pou nanm tout moun k ap fè mal: Ni Juif yo an premye, ni Grèk yo.

[10] Men, se va glwa, onè, lapè pou tout moun k ap fè byen: Ni Juif yo an premye, ni Grèk.

[11] Paske, Bondye pa nan patipri.

[12] Vrèmanvre, tout sa ki peche san lalwa yo, se san lalwa y ap peri tou. E, tout sa ki peche sou lalwa yo, se ak lalwa y ap jije yo.

[13] Paske, se pa moun k ap koute lalwa ki jis devan Bondye. Okontrè, moun ki obsève lalwa, se yo Bondye va jistifye.

[14] Vrèmanvre, lòt nasyon ki pa genyen lalwa yo, lè daprè pwòp sans yo, yo fè sa lalwa mande, ebyen, yo menm ki pa genyen lalwa, yo se yon lwa pou tèt yo.

[15] Yo demontre zèv lalwa mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo se temwen. Epi, pami rezònman yo, yon rezònman ap akize yon lòt, oubyen, youn ap defann lòt.

[16] Se sa ki va parèt, daprè levanjil mwen an, nan jou Bondye ap jije tout sekrè lèzòm, pa mwayen Jezi Kris.

[17] Gade! Ou menm ki rele tèt ou Juif, ki apiye sou lalwa, epi ki vante tèt ou akòz Bondye;

[18] ou menm ki konnen volonte Bondye, ki rekonèt sa ki siperyè, paske ou genyen enstriksyon nan lalwa;

[19] ou menm ki konvenk tèt ou, ou se gid pou moun avèg, ou se limyè pou moun ki nan fènwa,

[20] ou se pwofesè pou moun sòt, ou se anseyan pou timoun, paske ou genyen plan lakonesans ak laverite nan lalwa;

[21] wi, ou menm k ap anseye lòt moun, ou pa anseye tèt ou, pa vre? Ou menm k ap preche pou moun pa vòlè, w ap vòlè!

[22] Ou menm k ap di pou yo pa komèt adiltè, w ap komèt adiltè! Ou menm ki gen degoutans pou zidòl, w ap piye tanp!

[23] Ou menm k ap vante tèt ou akòz lalwa, w ap vyole lalwa, konsa w ap dezonore Bondye!

[24] Vrèmanvre, se akòz nou menm, y ap denigre non Bondye pami lòt nasyon yo. Se konsa sa ekri.

[25] Vrèmanvre, sikonsizyon se yon benefis, si ou obsève lalwa. Men, si w ap vyole lalwa, sikonsizyon w lan vin kòmsi se pa t sikonsizyon.

[26] Donk, si yon moun ki pa sikonsi ap obsève règ lalwa yo, èske yo p ap konsidere li menm ki pa sikonsi a tankou li te sikonsi?

[27] Epitou, moun ki pa sikonsi nan kò li epi ki akonpli lalwa, èske yo p ap kondane ou, ou menm k ap vyole lalwa malgre ou genyen mo lalwa yo ak sikonsizyon an?

[28] Paske, se pa sa ki deyò kò yon moun ki fè li Juif. E, se pa sikonsizyon ki deyò nan chè yon moun ki fè li sikonsi nonplis.

[29] Okontrè, se sa ki andedan yon moun ki fè li Juif. Se sikonsizyon kè w ki fè w sikonsi. E, se pa daprè mo lalwa yo, men se daprè Lespri a. E, se pa lèzòm ki fè lwanj yon Juif konsa, men se Bondye!

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters