[1] Donk, kounye a, pa genyen okenn kondanasyon pou moun ki nan Jezi Kris, pou moun ki p ap mache daprè lachè, men, ki ap mache daprè Lespri a.
[2] Vrèmanvre, nan Jezi Kris, lwa Lespri lavi a libere mwen anba lwa peche ak lwa lanmò a.
[3] Paske, sa lalwa pa t kapab fè poutèt lachè te rann li fèb, se sa Bondye fè. Poutèt peche, Bondye voye pwòp Pitit li a nan yon chè ki sanble ak chè peche a. Konsa, li kondane peche nan lachè.
[4] Li fè sa, dekwa pou jistis lalwa mande a ka akonpli nan nou, nan nou menm ki p ap mache daprè lachè, men, ki ap mache daprè Lespri.
[5] Paske, moun k ap viv daprè lachè gen tandans lachè. E, moun k ap viv daprè Lespri a gen tandans Lespri a.
[6] Vrèmanvre, tandans lachè egal lanmò. Men, tandans Lespri a egal lavi ak lapè.
[7] Paske, tandans lachè se lènmi Bondye. Li pa soumèt li anba lalwa Bondye. Vrèmanvre, li pa kapab soumèt nonplis!
[8] E, moun k ap viv daprè lachè, yo pa kapab fè Bondye plezi!
[9] Men, nou menm, si vrèmanvre Lespri Bondye abite nan nou, ebyen, nou p ap viv daprè lachè, men, n ap viv daprè Lespri. Men, si yon moun pa gen Lespri Kris, moun sa a pa pou Kris.
[10] E, si Kris nan nou, yon bò, kò a mouri poutèt peche, epi, yon lòt bò, lespri a vivan grasa jistis.
[11] E, si Lespri sila a ki resisite Jezi pami mò yo abite nan nou, ebyen, sila a ki resisite Kris pami mò yo ap bay kò nou k ap mouri a lavi tou, grasa Lespri ki abite nan nou an.
[12] Donk, konsa, frè mwen yo, nou gen yon dèt. Men, se pa lachè nou dwe, kòmsi pou nou ta viv daprè lachè.
[13] Paske, si se daprè lachè n ap viv, nou pral mouri. Men, si se grasa Lespri a n ap fè aksyon kò a mouri, ebyen, nou va viv.
[14] Vrèmanvre, tout moun Lespri Bondye ap dirije, se pitit Bondye yo ye.
[15] Paske, se pa yon lespri esklavaj nou resevwa, kòmsi pou nou ta pè toujou. Okontrè! Nou resevwa yon Lespri adopsyon. Grasa li, nou rele: Aba! O Papa!
[16] Men sa Lespri a, li menm, temwaye bay lespri nou: Nou se pitit Bondye!
[17] E, si se pitit nou ye, se eritye nou ye tou! Yon bò, nou se eritye Bondye, yon lòt bò, nou se eritye ansanm avèk Kris. Sa konsa, si vrèmanvre nou soufri ansanm avèk li pou Bondye ka glorifye nou ansanm avèk li tou.
[18] Paske, mwen konsidere soufrans nan tan kounye yo pa merite pou yo ta konpare yo avèk glwa, Bondye pral revele nan nou an.
[19] Vrèmanvre, kreyasyon an ap tann ak kè cho, pou Bondye revele pitit li yo.
[20] Paske, kreyasyon an vin soumèt anba vanite. Se pa daprè pwòp volonte l li vin soumèt, men, se daprè sila ki soumèt li a.
[21] E, li soumèt li avèk yon esperans, kòmkwa, menm kreyasyon sa a ap libere anba esklavaj koripsyon, e l ap genyen libète ki pou pitit Bondye yo nan laglwa.
[22] Vrèmanvre, nou konnen, jis kounye a, tout kreyasyon an ap plenn ansanm, li gen tranche ansanm.
[23] E, se pa sa sèlman. Okontrè, menm nou menm ki genyen Lespri a kòm premye fwi lamwason, nou menm tou, n ap plenn nan kè nou, n ap tann adopsyon an, redanmsyon pou kò nou.
[24] Vrèmanvre, se avèk esperans nou sove. Men, yon esperans nou wè, se pa yon esperans ankò. Paske, poukisa pou yon moun espere yon bagay li deja wè?
[25] Men, si nou poko wè li, n ap espere li, n ap tann li avèk pèseverans.
[26] E, menm jan an tou, Lespri a ede nou nan feblès nou yo. Paske, nou pa konnen kijan pou nou lapriyè sou jan sa dwe ye. Men, Lespri a, li menm, li plede pou nou avèk soupi, yon jan pawòl pa kapab esplike.
[27] Men, sila ki egzamine kè moun nan, li konnen tandans Lespri a, paske, se jan Bondye vle l la li plede pou sen yo.
[28] E, nou konnen Bondye fè tout bagay travay ansanm pou byen moun ki renmen l yo, moun li te rele daprè plan l yo.
[29] Paske, moun li te konnen davans yo, li te deside davans tou pou yo menm jan ak pòtre Pitit li a, dekwa pou Pitit la kapab Premye Pitit pami anpil frè.
[30] E, moun li te chwazi davans pou yo konsa yo, se yo menm tou li te rele. E, moun li te rele yo, se yo menm tou li te jistifye. E, moun li te jistifye yo, se yo menm tou li te glorifye.
[31] Donk, kisa nou va di de bagay sa yo? Èske nou va di: «Si Bondye pou nou, kilès ki kont nou?»
[32] Li pa t refize pou li livre Pitit li a ditou. Okontrè, li te livre l pou nou tout. Alò, kòman pou li pa ta fè nou favè tout bagay, ansanm avèk Pitit la tou?
[33] Se Bondye k ap jistifye, kilès ki pou ta akize moun Bondye chwazi yo?
[34] Se Kris ki te mouri, kilès ki pou ta kondane yo? E, plis ankò, Kris resisite, se li menm tou ki adwat Bondye, se li menm tou k ap plede pou nou.
[35] Kisa ki pou ta separe nou avèk lamou Kris? Èske se tribilasyon, oubyen detrès, oubyen pèsekisyon, oubyen grangou, oubyen mizè, oubyen danje, oubyen epe?
[36] Se konsa sa ekri: Poutèt ou menm, se toulejou y ap tiye nou, Yo konsidere nou tankou mouton y ap gòje.
[37] Men, nan tout bagay sa yo, nou gen plis pase laviktwa, grasa sila ki renmen nou an.
[38] Paske, mwen gen konfyans ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni chèf, ni pisans, ni jodi, ni demen,
[39] ni wotè, ni pwofondè, ni kèk lòt kreyasyon, yo youn pa kapab separe nou ak lamou Bondye ki nan Jezi Kris, Senyè nou an.