Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, kòm Bondye jistifye nou daprè lafwa, ebyen, nou gen lapè avèk Bondye grasa Senyè nou an, Jezi Kris.

[2] Se grasa li menm tou, nou te gen mwayen antre nan gras sa a daprè lafwa. E, nou rete fèm ladan li. Epi, nou nan lajwa, poutèt esperans nou, nan glwa Bondye.

[3] E, se pa sa sèlman. Okontrè, nou nan lajwa, menm nan tribilasyon. Paske, nou konnen tribilasyon donnen andirans.

[4] Andirans, li menm, donnen eksperyans. Epi, eksperyans donnen esperans.

[5] Men, esperans lan pa fè nou wont. Vrèmanvre, lamou Bondye gaye nan kè nou grasa Lespri Sen Bondye te ban nou an.

[6] Paske, pandan menm nou te fèb, Kris mouri pou moun mechan nan tan ki te fikse a.

[7] Vrèmanvre, se apèn si yon moun ta aksepte mouri pou yon moun ki jis. Petèt ankò, yon moun ta oze mouri pou yon moun ki bon.

[8] Okontrè, men kijan Bondye pwouve lamou pa li pou nou: Se pandan menm nou pechè a, Kris mouri pou nou!

[9] Donk, si kounye a Bondye jistifye nou nan san Kris, se plis rezon toujou ki fè l ap sove nou anba kòlè, grasa Kris.

[10] Vrèmanvre, si lè nou lènmi Bondye, li rekonsilye nou avèk li grasa lanmò Pitit li a, ebyen, kòm li rekonsilye nou, se plis rezon toujou ki fè l ap sove nou nan lavi Kris.

[11] E, se pa sa sèlman. Okontrè menm, nou gen lajwa nan Bondye grasa Jezi Kris, Senyè nou an. Se grasa li menm ki fè kounye a nou jwenn rekonsilyasyon an.

[12] Se poutèt sa, menm jan se pa mwayen yon sèl moun, peche antre nan lemonn, epi menm jan se pa mwayen peche, lanmò antre, (epi konsa, lanmò blayi sou tout moun, paske yo tout peche) se konsa tou.

[13] Alò, peche te nan lemonn anvan lalwa parèt. Men, lè pa gen lalwa, yo pa konsidere peche.

[14] Alòske, depi sou Adan, rive sou Moyiz, lanmò t ap domine sou tout moun, menm sou moun ki pa t fè peche ki menm jan ak vyolasyon Adan an. Adan se imaj Sila ki te gen pou vini an.

[15] Men, sa pa vle di, jan fot la ye a, se konsa favè a ye. Paske, si poutèt fot yon sèl moun, anpil moun mouri, ebyen, se plis rezon toujou ki fè gras Bondye a ak kado ki nan gras yon sèl moun nan, Jezi Kris, te vini avèk abondans pou anpil moun.

[16] Epitou, sa pa vle di, jan sa ye pou peche yon sèl moun nan, se konsa kado a ye. Paske, se apre yon sèl fot, jijman an mennen kondanasyon. Men, se apre anpil fot, kado a mennen jistifikasyon.

[17] Vrèmanvre, si akòz fot yon sèl moun, lanmò vin domine akòz yon sèl moun nan, ebyen, gen plis rezon toujou pou moun ki resevwa gras la ak kado jistis la ann abondans rive domine nan lavi, grasa yon sèl moun: Jezi Kris!

[18] Donk, menm jan poutèt yon sèl fot, tout moun jwenn kondanasyon, se konsa tou, poutèt yon sèl aksyon jis, tout moun jwenn jistifikasyon ki bay lavi a.

[19] Vrèmanvre, menm jan poutèt dezobeyisans yon sèl moun, anpil moun vin pechè, se konsa tou, poutèt obeyisans yon sèl moun, anpil moun vin moun jis.

[20] Lalwa, li menm, parèt pou fot la ogmante. Men, kote peche a ogmante, gras la, li menm, anvayi.

[21] Konsa, menm jan peche domine nan lanmò, se konsa tou, avèk Senyè nou an, Jezi Kris, gras ap domine pou lavi etènèl, grasa jistis.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters