[1] Donk kisa nou va di? Èske nou va di: N ap rete nan peche pou gras la ka ogmante?
[2] Non, jamè! Nou menm ki mouri parapò ak peche, kòman pou nou ta fè viv ladan l toujou?
[3] Èske nou pa konnen sa? Nou menm ki te batize nan Jezi Kris, se nan lanmò li nou te batize?
[4] Donk, avèk batèm nan, Bondye antere nou ansanm avèk Kris nan lanmò. Konsa, menm jan Kris te resisite pami mò yo grasa glwa Papa a, se konsa tou, nou menm, nou mache nan yon lavi ki nouvo.
[5] Vrèmanvre, kòm Bondye te grefe nou avèk Kris nan yon lanmò ki sanble ak lanmò Kris la, se konsa n ap ye tou nan yon rezirèksyon k ap sanble ak rezirèksyon l lan.
[6] Paske, nou konnen sa: Bondye te krisifye ansyen nou menm nan ansanm avèk Kris, dekwa pou kò peche a ka detui, epi konsa, pou nou pa esklav peche ankò.
[7] Paske, yon moun ki mouri, li libere anba peche.
[8] Donk, kòm nou mouri avèk Kris, nou gen lafwa n ap viv avèk li tou.
[9] E, nou konnen sa: Kris resisite pami mò yo, li p ap mouri ankò. Lanmò p ap domine sou li ankò.
[10] Paske, mouri li te mouri a, se pou peche li mouri yon fwa pou tout. E, viv l ap viv la, se pou Bondye l ap viv.
[11] Konsa tou, nou menm, se pou nou konsidere tèt nou, yon bò, tankou nou mouri parapò ak peche, epi, yon lòt bò, tankou nou vivan parapò ak Bondye, grasa Jezi Kris Senyè nou an.
[12] Donk, peche pa dwe domine sou kò nou ki kapab mouri a, kòmsi pou nou ta obeyi dezi li.
[13] Nonplis tou, pa ofri manm kò nou bay peche, kòm zam pou sa ki pa jis. Okontrè, ofri Bondye tèt nou tankou moun vivan ki soti anba lanmò. Epitou, ofri Bondye manm kò nou, kòm zam pou sa ki jis.
[14] Vrèmanvre, peche p ap domine sou nou, paske se pa anba lalwa nou ye. Okontrè, se anba lagras nou ye.
[15] Donk, kisa ki rive? Paske nou pa anba lalwa epi nou anba lagras la, èske nou dwe peche pou sa? Non, jamè!
[16] Èske nou pa konnen sa? Kit nou se esklav peche ki mennen lanmò, kit nou se esklav obeyisans ki mennen jistis, lè nou ofri tèt nou tankou esklav k ap obeyi yon moun, nou se esklav moun n ap obeyi a!
[17] Men, remèsiman pou Bondye! Paske, anvan sa, nou te esklav peche. Men ak tout kè nou, nou vin obeyi modèl ansèyman, yo te transmèt nou an.
[18] E, kòm nou libere anba peche, nou vin esklav jistis.
[19] M ap pale avèk nou tankou lèzòm pale, paske nou fèb nan lachè. Vrèmanvre, nou te ofri manm kò nou kòm esklav salte ak rebelyon, pou n al fini nan rebelyon. Ebyen, se menm jan an tou kounye a: Nou dwe ofri manm kò nou kòm esklav jistis, pou n al fini nan sangtifikasyon.
[20] Paske, lè nou te esklav peche, nou te lib parapò ak jistis.
[21] E, ki kalite fwi lavi nou te donnen lè sa a? Se te fwi ki fè nou wont kounye a! Paske, bagay sa yo se nan lanmò y al fini.
[22] Men, kounye a, kòm nou libere anba peche, e, kòm nou se esklav Bondye, fwi lavi nou donnen se sangtifikasyon. E, se nan lavi etènèl l al fini.
[23] Paske, salè peche peye se lanmò. Men, kado Bondye bay la, se lavi etènèl ki nan Jezi Kris, Senyè nou an.