Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, frè mwen yo, paske Bondye gen kè sansib, m ap ankouraje nou ofri li kò nou tankou yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Sa rezonab pou nou sèvi li konsa.

[2] Pa imite modèl tan sa a. Okontrè, se pou lavi nou chanje daprè lespri nou Bondye refè a. Konsa, nou va rekonèt sa ki volonte Bondye, sa ki bon, sa ki fè li plezi, epi sa ki total.

[3] Vrèmanvre, daprè gras Bondye te ban mwen, m ap di nou chak: Pa panse nou plis pase sa nou dwe panse nou ye. Okontrè, se pou nou panse yon jan ki rezonab, daprè pòsyon lafwa Bondye separe bay nou chak.

[4] Paske, menm jan nou genyen anpil manm nan yon sèl kò, epi tout manm yo pa gen menm travay la,

[5] ebyen, se konsa nou menm ki anpil la, nou fè yon sèl kò nan Kris. E, nou youn se manm lòt.

[6] Kòm nou chak, daprè gras Bondye ban nou, nou genyen don ki diferan, si don an se pwofesi, li dwe dakò avèk lafwa.

[7] Si se ministè, li dwe fèt nan lespri sèvis. Moun ki pou anseye, se pou yo anseye.

[8] Moun k ap ankouraje, se pou yo ankouraje. Moun k ap bay, se pou yo bay ak tout kè. Moun k ap dirije, se pou yo dirije avèk devouman. Moun k ap gen pitye, se pou yo gen pitye nan lajwa.

[9] Lamou dwe san ipokrizi. Rayi sa ki mal. Pèsevere nan sa ki byen.

[10] Akòz lamou fratènèl, se pou youn renmen lòt. Akòz onè, se pou youn konsidere lòt la anvan tèt li.

[11] Pa lage nan devouman nou. Chofe lespri nou. Sèvi Senyè a.

[12] Kite espwa ban nou lajwa. Kenbe fèm anba tribilasyon. Pèsevere nan lapriyè.

[13] Patisipe nan ede sen ki nan nesesite yo. Veye pou nou byen resevwa etranje.

[14] Beni moun k ap pèsekite nou. Beni yo, pa modi yo.

[15] Patisipe nan lajwa ak moun ki nan lajwa. Kriye ak moun k ap kriye.

[16] Se pou nou youn konsidere lòt menm jan. Pa konsidere tèt nou siperyè. Okontrè, asosye tèt nou avèk malere. Pa mete nan tèt nou nou entèlijan!

[17] Pa rann pèsonn mal pou mal. Chèche fè sa ki byen devan tout moun.

[18] Kanta pou nou menm, depi sa posib, viv nan lapè avèk tout moun.

[19] Byenneme, pa tire revanj pou tèt nou. Okontrè, bay kòlè plas pou li aji. Paske, men sa ki ekri: «Se mwen ki pou tire revanj, m ap fè regleman.» Se sa Senyè a di.

[20] Donk, Si lènmi w grangou, ba li manje. Si li swaf, ba li bwè. Paske, lè ou fè sa, Se chabon dife, w ap rasanble sou tèt li.

[21] Pa kite sa ki mal gen laviktwa sou nou. Okontrè, fè sa ki byen pou nou ka gen laviktwa sou sa ki mal.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters