Skip to content
Opens in a new window

[1] Aksepte moun ki fèb nan lafwa yo, e pa fè diskisyon sou opinyon.

[2] Youn kwè li ka manje tout bagay. Lòt ki fèb la, li menm, li manje legim ase.

[3] Moun ki manje tout bagay la pa dwe meprize moun ki pa manje yo a. E, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe jije moun ki manje yo a. Paske, Bondye aksepte li konsa.

[4] Kisa w ye pou w ap jije sèvitè lòt moun? Kit li kanpe fèm, kit li tonbe, se pwòp mèt li sa regade. Men, l ap kanpe fèm, paske, Bondye gen pisans pou l fè li kanpe.

[5] Youn kwè yon jou siperyè pase yon lòt jou. Lòt la, li menm, kwè tout jou se menm. Se pou yo chak gen konviksyon nan pwòp lespri yo.

[6] Moun ki okipe jou a, se poutèt Senyè a li okipe sa. E, moun ki pa okipe jou a, se poutèt Senyè a li pa okipe sa. Moun ki manje a, se poutèt Senyè a li manje, paske li rann Bondye gras. E, moun ki pa manje a, se poutèt Senyè a li pa manje. Li rann Bondye gras tou.

[7] Vrèmanvre, pèsonn nan nou pa viv pou tèt pa li, e pèsonn nan nou pa mouri pou tèt pa li.

[8] Si nou viv, se poutèt Senyè a nou viv. Si nou mouri, se poutèt Senyè a nou mouri. Kit nou viv, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.

[9] Paske, se pou sa Kris mouri, epi li resisite, epi li vivan, se pou li ka domine ni sou mò, ni sou vivan.

[10] Men, ou menm, poukisa w ap jije frè w? Ou menm tou, poukisa w ap meprize frè w? Paske, nou tout gen pou nou konparèt devan tribinal Kris la.

[11] Vrèmanvre, men sa ki ekri: Senyè a di: Mwen vivan. Donk, tout jenou gen pou pliye devan mwen, E, tout lang gen pou deklare glwa Bondye.

[12] Donk konsa, nou chak gen pou nou rann Bondye kont pou tèt pa nou.

[13] Kifè, se pou nou youn sispann jije lòt. Okontrè, men sa pou nou jije pito: Se kòman pou nou pa fè anyen ki ka lakòz frè nou bite oubyen chite.

[14] Mwen menm, nan Senyè Jezi, mwen konnen e mwen gen konfyans, pa gen anyen ki pa sen pou pwòp tèt pa li. Moun ki kwè yon bagay pa sen, ebyen, se pou li menm li pa sen.

[15] Men, si ou fè frè w lapenn poutèt yon manje, ou p ap mache nan lamou ankò. Pa kite manje w la lakòz frè sa a pèdi, li menm Kris mouri pou li a.

[16] E, pa kite se denigre yo denigre bagay ki byen pou ou a.

[17] Paske, wayòm Bondye a, se pa manje ak bwè li ye. Okontrè, li se jistis, lapè ak lajwa, grasa Lespri Sen an.

[18] Vrèmanvre, yon moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, li fè Bondye plezi, e lèzòm dakò avèk li.

[19] Donk konsa, annou chèche bagay ki bay lapè epi bagay k ap fè nou youn edifye lòt.

[20] Pa kraze travay Bondye a poutèt manje. Vrèmanvre, tout bagay pwòp. Men, se yon bagay ki mal pou yon moun vin yon pyè d achopman akòz manje l manje!

[21] Men sa ki byen: Se pa manje vyann, se pa bwè diven, se pa fè anyen ki ta lakòz frè ou bite, oubyen chite, oubyen febli.

[22] Ou menm, èske ou genyen lafwa? Ebyen, kenbe l pou tèt ou devan Bondye. Moun ki pa kondane tèt li ak sa li aksepte, li se yon moun ki beni!

[23] Men, moun ki gen dout sou sa l ap manje a kondane tèt li, paske li pa aji daprè lafwa. Tout sa ki pa fèt daprè lafwa se peche.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Wòm nan — Chapters