[1] Donk, mwen ta di: «Bondye lage pèp li a, pa vre?» Non, jamè! Paske, mwen menm tou, mwen se yon Izrayelit, yon desandan Abraam, yon manm tribi Benjamen.
[2] Bondye konnen pèp li a davans, li pa lage l. Oubyen, èske nou pa konnen sa Lekriti di nan pasaj sou Eli a, kòman Eli plede kont pèp Izrayèl la devan Bondye?
[3] Eli di: Senyè, yo tiye pwofèt ou yo, Yo demoli lotèl ou yo, Se mwen menm sèl ki rete, E, y ap chèche wete lavi mwen!
[4] Okontrè, ki repons Bondye ba li? Li di: Mwen rezève sètmil òm apa pou mwen. Yo menm, yo pa janm pliye jenou devan Baal.
[5] Donk, se menm jan an tou, nan tan kounye a. Genyen yon rès Bondye chwazi daprè lagras.
[6] E, si se daprè lagras, se pa daprè zèv ankò, osinon, gras la pa yon gras ankò. E, si se daprè zèv, se pa daprè lagras ankò, osinon, zèv la pa yon zèv ankò.
[7] Donk, se kisa? Sa pèp Izrayèl la t ap chèche a, li pa jwenn li, men, se moun Bondye te chwazi yo ki jwenn li. Epi, rès lòt yo fè rèd nan kè yo.
[8] Se konsa sa ekri: Bondye ba yo lespri lou, Je pou yo pa wè, Ak zòrèy pou yo pa tande, Jis jodi a.
[9] David, li menm, di: Se pou tab yo tounen yon pyèj ak yon pèlen, Yon pyè d achopman ak yon chatiman pou yo.
[10] Se pou je yo bouche pou yo pa wè. Epi, fè do yo koube tout tan.
[11] Alò, mwen ta di: «Yo bite pou yo tonbe, pa vre?» Non, jamè! Okontrè, akòz fot yo a, Bondye bay lòt nasyon yo delivrans, pou fè Izrayelit yo fè jalouzi.
[12] Men, si fot Izrayelit yo se richès lemonn, epi si so yo a se richès lòt nasyon yo, se va plis toujou, lè Izrayelit yo vin o konplè!
[13] Vrèmanvre, se avèk nou menm, moun lòt nasyon yo, m ap pale. Kòm se apot lòt nasyon yo mwen ye, m ap fè lwanj ministè mwen.
[14] Se dekwa pou si li posib, mwen ka fè ras mwen an fè jalouzi, epi konsa, m a sove kèk nan yo.
[15] Paske, si lè Bondye lage yo, se rekonsilyasyon sa ye pou lemonn, e lè Bondye resevwa yo menm, kisa sa ka ye ankò si se pa lavi pami mò yo?
[16] E, si premye pen ofrann yo sen, ebyen, pat pen an sen tou. Si rasin nan sen, branch yo sen tou!
[17] E, si Bondye koupe kèk nan branch yo; si ou menm, ki se yon pye oliv mawon, Bondye grefe ou nan plas yo; si ou vin patisipe ansanm avèk yo nan rasin ak nan lèt pye oliv fran an, ebyen, pa vante tèt ou sou branch yo!
[18] E, si se vante w ap vante tèt ou, ebyen, sonje se pa ou menm k ap pote rasin yo, men, se rasin yo k ap pote w.
[19] Alò, ou va di: «Bondye koupe branch yo dekwa pou se mwen menm li grefe nan plas yo.»
[20] Se vre! Poutèt yo pa t kwè, li koupe yo. Men, se poutèt lafwa w ki fè w la a. Pa fè ògèy! Okontrè, gen krentif.
[21] Paske, si branch ki fran yo, Bondye pa t menaje yo, se pa ou menm li ta menaje nonplis.
[22] Donk, gade jan Bondye bon ak jan li sevè. Yon bò, li sevè ak sa ki te tonbe yo. Yon lòt bò, li bon avèk ou menm, si ou rete nan bonte a. Si se pa sa, ou se yon branch l ap koupe tou.
[23] E, yo menm tou, si yo pa rete nan pa kwè yo a, Bondye ap grefe yo. Paske, Bondye gen pisans pou li grefe yo ankò.
[24] Vrèmanvre, si ou menm ki nan ras pye oliv mawon an, Bondye koupe w, epi li grefe w sou yon pye oliv fran, yon jan ki kontrè ak ras ou, ebyen, pou yo menm ki nan ras fran an, se plis toujou: Bondye va grefe yo nan pwòp pye oliv yo.
[25] Vrèmanvre, frè mwen yo, mwen pa ta vle nou pa konnen mistè sa a dekwa pou nou pa mete nan tèt nou nou entèlijan. Sèke, yon pati nan pèp Izrayèl la tonbe nan fè rèd nan kè yo, pou jis lè moun lòt nasyon yo ki pou antre yo fin kont.
[26] E, konsa, se tout Izrayèl k ap sove. Se konsa sa ekri: Liberatè a ap soti Siyon. L ap wete mechanste nan mitan Jakòb.
[27] Se sa ki va alyans ant mwen avèk yo, Lè mwen va wete peche yo.
[28] Devan levanjil la, yo se lènmi poutèt nou menm. Men, devan chwa Bondye fè, yo se byenneme poutèt zansèt yo.
[29] Vrèmanvre, don ak apèl Bondye fè pa ka chanje.
[30] Paske, nou menm tou, yon lè, nou t ap dezobeyi Bondye. Men, kounye a, poutèt dezobeyisans Juif yo, Bondye gen pitye pou nou.
[31] Se menm jan an tou pou yo. Kounye a, y ap dezobeyi. Konsa, grasa pitye nou resevwa a, yo menm tou, Bondye va gen pitye pou yo.
[32] Paske, Bondye fè tout moun prizonye dezobeyisans, dekwa pou li ka gen pitye pou tout moun.
[33] Ala yon pwofondè ki genyen nan richès, nan sajès ak nan konesans Bondye! Aa, yo pa ka sonde desizyon li! E, yo pa ka egzamine chemen li.
[34] Vrèmanvre, Kilès ki janm konnen lide Senyè a? Oubyen, ki moun ki janm vin yon konseye pou li?
[35] Kilès ki janm ba li anvan, kòmkwa, pou Senyè a ta nan peye l dèt.
[36] Paske, se daprè li, se grasa li, e se pou li, tout bagay egziste! Glwa pou li pou letènite! Amèn!