[1] Jezi te kòmanse anseye bò lanmè a ankò. Yon gwo foul te rasanble devan li. Konsa, li monte sou yon kannòt sou lanmè a pou li chita. Men, tout foul la te atè bò lanmè a.
[2] Li t ap anseye yo anpil bagay an parabòl. E, nan ansèyman l lan, li di yo:
[3] Koute! Vwala se te yon kiltivatè ki soti al simen semans.
[4] Twouve, pandan li t ap simen semans yo, yon pati tonbe bò wout la. Zwazo vini, yo manje li.
[5] Yon lòt pati tonbe nan tè wòch, kote ki pa t genyen anpil tè. Li pouse menm lè a, paske tè a te san pwofondè.
[6] Men, lè solèy la leve, li boule. Kòm li te san rasin, li fennen.
[7] Yon lòt pati tonbe nan pikan. Alò, pikan yo pouse, yo toufe li, epi li pa donnen.
[8] Epi, yon lòt pati tonbe nan bon tè. Li monte, li pouse kote yon grenn donnen trant, youn donnen swasant, epi yon lòt donnen san.
[9] Epi, li di: Moun ki genyen zòrèy pou tande, tande!
[10] Men, lè li te poukont li, Douz yo ak moun toutotou li yo poze li kesyon sou parabòl la.
[11] Li di yo: Nou menm, Bondye te ban nou okazyon pou nou konnen mistè wayòm li an. Men, pou moun sa yo, yo menm ki deyò a, tout bagay vini an parabòl.
[12] Konsa, Yo va gade gade san yo pa wè, yo va koute koute san yo pa konprann, pou yo pa konvèti. Si se pa t sa, Bondye ta padone peche yo.
[13] Li di yo ankò: Nou pa konprann parabòl sa a? Donk, kòman n ap fè konprann tout parabòl yo?
[14] Kiltivatè a ap simen pawòl la.
[15] Genyen sa yo ki bò wout la, kote li te simen pawòl la. Yo annik tande pawòl la, Satan vini menm lè a, li pran pawòl kiltivatè a te simen nan kè yo a.
[16] E, sa yo ki te resevwa semans lan nan tè wòch la, yo se menm bagay. Lè yo tande pawòl la, yo resevwa li menm lè a ak lajwa.
[17] Men, yo pa genyen rasin nan yo menm. Yo la pou yon ti moman. Alò, lè pawòl la lakòz tribilasyon ak pèsekisyon vini, yo chite menm lè a.
[18] Genyen sa yo tou, ki te resevwa semans lan nan pikan an. Yo se moun ki tande pawòl la, men, tèt chaje lavi a, richès ki twonpe moun ak lòt anvi antre toufe pawòl la, epi li vin pa donnen.
[20] Epi, genyen sa yo ki te resevwa semans lan nan bon tè a. Yo menm, yo tande pawòl la, yo resevwa li, epi yon grenn donnen trant, youn donnen swasant, yon lòt donnen san.
[21] Li di yo tou: Yon lanp pa la pou yo mete li anba yon pànye oubyen anba yon kabann, pa vre? Se sou etajè pou yo mete li, pa vre?
[22] Konsa tou, nanpwen anyen ki kache ki p ap vin aklè. Pa genyen anyen ki sekrè ki p ap vin nan limyè.
[23] Si yon moun gen zòrèy pou tande, tande!
[24] Epi, li di yo: Fè atansyon ak sa n ap tande a. Yo va mezire nou ak mezi nou mezire a. E, yo va mete plis pou nou menm ki tande yo.
[25] Paske, moun ki genyen, yo va ba yo. E, moun ki pa genyen, menm sa yo genyen an, yo va pran l nan men yo.
[26] Epi, li di: Men kijan wayòm Bondye a ye: Se tankou yon nonm ki jete grenn nan tè.
[27] Li dòmi lannuit, li leve lajounen. Epi, grenn nan pran, li pouse, san nonm nan pa konnen kòman.
[28] Paske, tè a donnen poukont li. Flèch la pouse an premye; apre sa, se grap la; apre sa, grenn vin plen grap la.
[29] Men, lè grenn nan mi, nonm nan voye sèpèt menm lè a, paske, rekòt la pare.
[30] Epi, Jezi di: Ak kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Oubyen, nan ki parabòl nou ta mete l?
[31] Li tankou yon grenn moutad. Lè yo simen l sou tè, li pi piti pase tout semans ki sou latè.
[32] Men, lè yo fin simen moutad la, li monte, li vin pi gwo pase tout plant. Li fè gwo branch jiskaske zwazo nan syèl kapab fè nich nan lonbraj li.
[33] Nan mezi yo te kapab tande, li te pale pawòl la ak yo nan anpil parabòl tankou sa yo.
[34] Li pa t pale ak yo san parabòl. Men, lè li te poukont li ak disip li yo, li te esplike yo tout bagay.
[35] Menm jou sa a, lè aswè rive, li di yo: Annou travèse lòt bò a.
[36] Lè yo kite foul la, yo tou ale avèk Jezi, paske li te nan kannòt la deja. Men, te genyen lòt ti kannòt avèk li tou.
[37] Yon gwo van tanpèt leve. Lanm yo t ap frape antre nan kannòt la. Konsa, li te deja ap plen.
[38] Men Jezi, li menm, t ap dòmi sou zorye a dèyè kannòt la. Yo leve li. Yo di li: Mèt, èske sa pa fè w anyen dèske n ap peri?
[39] Jezi leve. Li fè van an obsèvasyon, epi li di lanmè a: Silans! Pe! Van an sispann. Yon gwo kalmi vini.
[40] Alò, li di yo: Sa k fè nou kapon konsa? Kòman? Nou pa gen lafwa?
[41] Yo te pè yon sèl pè. Youn t ap di lòt: Bon! Kilès li ye ki fè menm van ak lanmè obeyi li?