[1] Jezi kòmanse pale avèk yo an parabòl, li di yo: Yon nonm plante yon jaden rezen. Li mete lantouraj toutotou li. Li fouye yon basen pou ji rezen an. Li bati yon gerit. Li anfème kiltivatè jaden an. Epi, li pati al aletranje.
[2] Lè sezon an rive, li voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou li ka resevwa yon pati rekòt la nan men kiltivatè yo.
[3] Men, yo pran sèvitè a, yo bat li. Epi, yo voye l ale de men vid.
[4] Li voye yon lòt sèvitè kote yo ankò. Sa a, yo kalonnen l wòch, yo kase tèt li. Lè yo fin dezonore li, yo voye l ale.
[5] Li voye yon lòt ankò. Sa a menm, yo tiye li. Te genyen anpil lòt ankò. Yo bat kèk, yo tiye lòt yo.
[6] Kounye a, li te rete yon pitit gason, li te renmen anpil. Li voye l kote yo tou. Li di: Omwen, yo va respekte pitit gason m nan!
[7] Men, kiltivatè yo, youn di lòt: Sa a se eritye a! Vini. Annou tiye li. Epi, eritaj la va pou nou.
[8] Yo pran li, yo tiye li, epi, yo trennen l al deyò jaden an.
[9] Donk, sa mèt jaden an va fè? Li va vini, li va detui kiltivatè yo, epi li va bay lòt moun jaden an.
[10] Èske nou pa menm li Ekriti sa a? Wòch moun k ap bati yo jete a, Se li ki vini wòch prensipal la, wòch kwen an.
[11] Sa se travay Senyè a. Se yon mèvèy nan je nou.
[12] Yo t ap chèche pran Jezi paske yo te konnen se pou yo, li te di parabòl la. Men, yo te pè foul la. Donk, yo kite l, y ale.
[13] Yo voye kèk Farizyen ak kèk Ewodis kote Jezi pou yo ka sènen l nan pawòl li.
[14] Lè yo rive, yo di li: Mèt, nou konnen ou onèt. Ou pa pè pèsonn, paske ou pa gade sou figi lèzòm. Men, ou anseye chemen Bondye a daprè laverite. Wi oubyen non, èske lalwa pèmèt yo peye Seza taks? Èske nou dwe peye, oubyen, èske nou pa dwe peye?
[15] Men, Jezi te konnen se ipokrit yo ye. Li di yo: Poukisa n ap tante mwen? Pote yon denye ban m wè.
[16] Lè yo pote denye a bay Jezi, Jezi di yo: Sa a se pòtre kilès? Epi, pou kilès yo ekri pawòl sa yo? Yo di li: Pou Seza!
[17] Li reponn yo, li di: Bay Seza sa ki pou Seza. Bay Bondye sa ki pou Bondye! Li te fè yo sezi.
[18] Sadiseyen yo, ki di pa genyen rezirèksyon, vini kote li. Yo poze li yon kesyon.
[19] Yo di l: Mèt, men sa Moyiz te ekri pou nou: Si yon frè ta mouri kite madanm li dèyè, san li pa kite pitit, frè li dwe pran madanm nan. Konsa, li va fè pitit pou defen an.
[20] Vwala se te sèt frè. Premye a pran yon fi pou madanm. Men, li mouri san li pa kite pitit.
[21] Dezyèm nan pran l pou madanm. Li mouri tou. Li pa kite pitit nonplis. Twazyèm nan, menm bagay.
[22] Konsa, yo sèt pran l pou madanm. Men, yo pa kite pitit. Pou fini tout bagay, madanm nan mouri tou.
[23] Lè y a resisite jou rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye, paske yo sèt te pran l pou madanm?
[24] Jezi reponn yo, li di: Èske se pa paske nou pa konnen ni Lekriti, ni pisans Bondye ki fè n ap twonpe tèt nou konsa?
[25] Paske, lè mò yo va resisite, yo p ap ni marye ni bay fi pou maryaj. Men, yo va tankou zanj yo ki nan syèl la.
[26] Men, kanta pou rezirèksyon mò yo, èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan pasaj ki sou touf bwa a, kijan Bondye te pale ak li, epi kòman li te di li: Mwen se Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb?
[27] Bondye pa Bondye moun mouri, men, li se Bondye moun vivan. Donk, n ap twonpe tèt nou anpil.
[28] Youn nan pwofesè lalwa yo te tande lè yo t ap diskite a. Lè li wè Jezi te byen reponn yo, li pwoche, li mande Jezi: Nan tout kòmandman yo, kilès ki premye?
[29] Men, Jezi reponn li, li di: Nan tout kòmandman yo, men premye a: Koute, O Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, Senyè a se youn!
[30] Ou va renmen Bondye, Senyè w la, ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lide ou, epi ak tout fòs ou. Kòmandman sa a, se li ki premye.
[31] Men dezyèm nan, li menm jan: Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou. Pi gran pase de kòmandman sa yo, nanpwen!
[32] Alò, pwofesè lalwa a di li: Se byen, Mèt. Ou di verite, lè ou di: Senyè a se youn; apre li, pa gen lòt ankò; epi, moun dwe renmen li ak tout kè yo ak tout entèlijans yo ak tout nanm yo ak tout fòs yo; epitou, yo dwe renmen pwochen yo, menm jan yo renmen tèt yo. Bagay sa yo pi enpòtan pase tout ofrann olokos ak tout lòt sakrifis.
[34] Lè Jezi wè pwofesè lalwa a te reponn avèk sajès, Jezi di li: Ou pa lwen wayòm Bondye a. Konsa, pèsonn pa t oze poze Jezi kesyon ankò.
[35] Jezi pran lapawòl nan lakou tanp lan. Pandan li t ap anseye, li di: Kòman pwofesè lalwa yo fè di, Kris la se pitit David?
[36] Paske David li menm te di sou direksyon Lespri Sen an: Senyè a di Senyè m nan: «Chita adwat mwen Jis mwen fè lènmi w yo tounen yon machpye anba pye ou.»
[37] Donk, si David li menm rele li Senyè, kòman li fè pitit David? Konsa, tout foul la t ap koute l avèk plezi.
[38] Nan sa li t ap anseye yo, li di yo tou: Fè atansyon ak pwofesè lalwa yo. Yo renmen pwomennen ak wòb long, epi, pou moun salye yo sou plas piblik.
[39] Yo renmen plas devan nan sinagòg yo ak premye plas nan fèt.
[40] Y ap piye kay vèv yo, epi, kòm pretèks, y ap lapriyè byen long. Yo gen pou yo resevwa yon pi gwo kondanasyon.
[41] Jezi te chita anfas kès lakolèt la. Li t ap gade kòman moun yo t ap mete lajan nan kès la. Anpil moun rich t ap mete anpil lajan.
[42] Epi, yon vèv pòv parèt. Li mete de ti pyès ki te gen valè yon kadran.
[43] Jezi rele disip li yo, li di yo: Franchman, m ap di nou sa: Vèv pòv sa a mete plis pase tout moun ki mete nan kès la.
[44] Paske, yo tout mete sa ki te diplis nan richès yo. Men, li menm, li mete tout valè mizè li, tout sa li te genyen pou l viv.