[1] Se te de jou anvan fèt Pak ak fèt Pen San Ledven. Sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo t ap fè riz pou yo chèche pran Jezi pou yo tiye li.
[2] Men, yo t ap di: Fòk se pa pandan fèt la, dekwa pou pèp la pa fè dezòd.
[3] Jezi te Betani, lakay Simon ki te gen lèp la. Pandan li te sou tab, yon dam vini ak yon krich ann albat, ki te genyen yon bon kalite pafen na ki vann chè ladan l. Dam nan kase krich la. Li vide pafen an sou tèt Jezi.
[4] Men, te gen kèk moun ki te vekse. Youn t ap di lòt: Poukisa li gaspiye pafen an konsa?
[5] Paske, yo ta kapab vann li pou plis pase twasan denye epi yo ta bay pòv lajan an. Konsa, yo t ap joure li.
[6] Men, Jezi di: Kite l trankil! Poukisa n ap nui li konsa? Se yon bèl jès, li fè avèk mwen.
[7] Paske, n ap toujou genyen pòv yo avèk nou. Nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo. Men, nou p ap toujou genyen m avèk nou.
[8] Li fè sa l kapab. Li anbome kò mwen davans pou lè yo va antere mwen.
[9] Franchman, m ap di nou sa: Nenpòt kote nan lemonn antye, yo ta preche bon nouvèl sa a, yo va sonje dam nan pou yo rakonte sa l te fè a.
[10] Epi, Jida Iskaryòt, youn nan Douz yo, ale kote sakrifikatè prensipal yo pou li livre Jezi ba yo.
[11] Lè yo tande sa, yo te kontan. Yo pwomèt pou yo ba li lajan. Kifè, li chèche yon okazyon pou li trayi Jezi.
[12] Se te premye jou fèt Pen San Ledven an, jou yo sakrifye mouton pou fèt Pak la. Disip Jezi yo di li: Kibò ou ta vle n al pare manje Pak la pou ou?
[13] Li voye de nan disip li yo. Li di yo: Ale nan vil la. Yon nonm k ap pote yon krich dlo va kontre avèk nou. Suiv li.
[14] Epi, kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di: «Kote chanm pou m manje Pak la ak disip mwen yo?»
[15] Epi, li va montre nou yon gwo chanmòt tou pare, tou meble. Se la nou va pare pou nou.
[16] Disip li yo ale. Yo antre nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan li te di yo a. Epi, yo pare manje Pak la.
[17] Lè aswè rive, li vini ak Douz yo.
[18] Pandan yo te sou tab epi yo t ap manje, Jezi di: Franchman, m ap di nou sa: Youn nan nou, youn k ap manje avèk mwen la a, ap trayi mwen.
[19] Men, yo te kòmanse ap tris. Youn apre lòt, yo kòmanse di: Se pa mwen, pa vre? Epi, yon lòt ankò di: Se pa mwen, pa vre?
[20] Men, li reponn yo, li di: Se youn nan Douz yo, sa k ap tranpe pen ansanm avèk mwen nan bòl la.
[21] Pitit Lòm nan prale, menm jan sa te ekri sou li a. Men tou, malè pou nonm sa a ki trayi Pitit Lòm nan! Sa ta pi bon pou nonm sa a si li pa t janm fèt.
[22] Pandan yo t ap manje, Jezi pran yon pen. Li beni li. Li kase l ba yo. Epi, li di: Pran. Manje. Sa a se kò mwen.
[23] Li pran gode a tou. Li rann gras. Li ba yo li. Epi, yo tout bwè ladan l.
[24] Kounye a, li di yo: Sa a se san mwen, san nouvèl alyans ki koule pou anpil moun nan.
[25] Franchman, m ap di nou sa: Mwen p ap bwè fwi rezen an ditou ankò, pou jis jou sa a, lè mwen va bwè youn ki nouvo, nan wayòm Bondye a.
[26] Yo chante kantik. Epi, y ale sou Mòn Oliv.
[27] Jezi di yo: Nuit sa a, nou tout va chite akòz mwen menm. Paske, sa ekri konsa: Mwen va frape bèje a, epi mouton yo va gaye.
[28] Men, apre mwen resisite, m aprale Galile anvan nou.
[29] Men, Pyè di li: Menm si yo tout ta chite, se pa mwen menm!
[30] Epi, Jezi di li: Franchman, m ap di w sa: Jodi a, nuit sa a, anvan kòk chante de fwa, ou menm, w ap nye mwen twa fwa.
[31] Men, Pyè pale pi rèd toujou: Menm si mwen ta dwe mouri avèk ou, mwen p ap janm nye w. Yo tout di menm bagay.
[32] Yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: Chita isit la pandan m ap lapriyè.
[33] Li pran Pyè, Jak ak Jan avèk li. Li kòmanse gen kè sote ak kè sere.
[34] Epi, li di yo: Mwen ta mouri, tank nanm mwen tris. Rete veye isit la.
[35] Li vanse pi lwen, li koube fas atè, epi li lapriyè pou si sa posib lè a ta pase lwen li.
[36] Li di: Aba! O Papa! Ou kapab fè tout bagay. Fè gode sa a pase lwen mwen. Men, pa fè sa mwen vle, fè sa ou menm ou vle.
[37] Lè li tounen, li jwenn y ap dòmi. Epi, li di Pyè: Simon, apa w ap dòmi? Ou pa t kapab veye menm inè d tan?
[38] Veye epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon. Lespri a vle, men, chè a fèb.
[39] Li tounen lapriyè ankò. Li di menm pawòl yo.
[40] Lè li retounen, li jwenn y ap dòmi ankò. Vrèmanvre, je yo te lou. Yo pa t konnen kisa pou yo reponn li.
[41] Li vini yon twazyèm fwa. Li di yo: N ap dòmi toujou? N ap poze kò nou toujou? Se fini! Lè a rive! Gade! Yo pral livre Pitit Lòm nan nan men pechè yo.
[42] Leve! Ann ale! Gade! Moun ki trayi m nan ap vini.
[43] Menm lè a tou, pandan menm li t ap pale a, Jida, ki se youn nan Douz yo, parèt. Li te genyen yon gwo foul avèk li, ki te gen epe ak baton. Yo te soti kote sakrifikatè prensipal yo, pwofesè lalwa yo ak ansyen yo.
[44] Men, moun ki t ap trayi Jezi a te ba yo yon siy. Li te di: Moun mwen va bo a, se li menm. Pran li, epi mennen l ak prekosyon.
[45] Menm lè li rive a, li pwoche sou Jezi. Li di li: Rabi! Rabi! Epi, li bo li.
[46] Konsa, yo mete men sou Jezi. Yo pran li.
[47] Men, youn nan moun ki te kanpe la yo, rale epe li, li frape sèvitè sakrifikatè an chèf la, li koupe zòrèy li.
[48] Jezi pran lapawòl, li di yo: Nou vin arete m avèk epe ak baton tankou se dèyè yon malfektè nou ye, pa vre?
[49] Mwen te avèk nou chak jou, mwen te konn ap anseye nan lakou tanp lan, e nou pa t pran mwen! Men, sa pase konsa pou Ekriti yo ka akonpli.
[50] Epi, tout disip yo sove kite l.
[51] Yon jèn gason, ki te vlope kò l nan yon dra sèlman, t ap suiv Jezi. Jèn mesye yo tou pran l.
[52] Men, li kite dra a nan men yo, li sove toutouni.
[53] Yo mennen Jezi kote sakrifikatè an chèf la. Epi, tout sakrifikatè prensipal yo, ansyen yo ak pwofesè lalwa yo reyini avèk li.
[54] Pyè te suiv li de lwen rive jis nan lakou sakrifikatè an chèf la. Li chita ak polis yo, li t ap chofe kò l bò dife a.
[55] Sakrifikatè an chèf la ak tout Konsèy la t ap chèche temwayaj kont Jezi, pou yo te ka tiye li. Men, yo pa t jwenn.
[56] Vrèmanvre, anpil moun te bay fo temwayaj kont li. Men, temwayaj yo te depaman.
[57] Kèk moun kanpe. Yo bay fo temwayaj kont li.
[58] Yo di: Nou te tande l ap di: «M ap detui tanp sa a men moun fè a, epi nan twa jou, m ap bati yon lòt ki p ap fèt ak men moun.»
[59] Menm sou pwen sa a, temwayaj yo te depaman toujou.
[60] Epi, sakrifikatè an chèf la kanpe nan mitan. Li poze Jezi kesyon, li di l: Ou pa reponn anyen? Sa y ap temwaye kont ou konsa?
[61] Men, Jezi rete bouch fèmen. Li pa reponn anyen. Sakrifikatè an chèf la poze l kesyon ankò, li di li: Èske se ou ki Kris la, Pitit Sila ki Beni an?
[62] Jezi di: Se mwen! Epitou, nou va wè Pitit Lòm nan, lè li va chita adwat Pisans lan ak lè l ap vini avèk nyaj nan syèl la.
[63] Sakrifikatè an chèf la chire rad li. Li di: Poukisa nou bezwen temwen ankò?
[64] Nou tande li denigre Bondye, ki desizyon nou? Yo tout kondane li. Yo di li merite lanmò.
[65] Kèk nan yo kòmanse krache sou li, yo kouvri figi li, yo ba li kout pwen, epi yo di li: Pwofetize! Polis yo pran l ak souflèt.
[66] Pandan Pyè te anba nan lakou a, youn nan sèvant sakrifikatè an chèf la parèt.
[67] Lè li wè Pyè ap chofe kò li, li gade Pyè byen, li di: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la.
[68] Men, Pyè nye sa, li di: Mwen pa ni konnen sa w ap di a, ni konprann li. Epi, li soti deyò nan baryè a. Lè sa a, kòk chante.
[69] Lè sèvant lan wè l ankò, li kòmanse di moun ki te kanpe la yo: Li se youn nan yo!
[70] Men, Pyè nye sa ankò. Pi ta, moun ki te kanpe la yo di Pyè ankò: An verite, ou se youn nan yo, paske, ou se moun Galile. Epitou, nou pale menm jan.
[71] Men, li kòmanse rele malediksyon sou tèt li. Li sèmante: Mwen pa konnen nonm sa a n ap pale a!
[72] Menm lè a, kòk chante yon dezyèm fwa. Alò, Pyè sonje pawòl Jezi a, lè li te di li: «Anvan kòk chante de fwa, w ap nye mwen twa fwa.» Epi, li tonbe kriye.