Skip to content
Opens in a new window

[1] Pandan yo t ap pwoche Jerizalèm, Betfaje ak Betani, nan direksyon Mòn Oliv, Jezi voye de nan disip li yo.

[2] Li di yo: Ale nan bouk ki anfas nou an. Kon nou antre ladan l, n ap jwenn yon jèn bourik mare. Pèsonn pa janm monte l. Demare l, mennen l vini.

[3] Si yon moun ta di nou: «Poukisa n ap fè sa?» di l: «Senyè a bezwen l. L ap voye l tounen tousuit.»

[4] Lè y ale, yo jwenn jèn bourik la mare deyò bò pòt la, sou lari a. Yo demare li.

[5] Te genyen kèk moun ki te kanpe la. Yo di disip yo: Poukisa n ap fè sa a? Apa n ap demare bourik la?

[6] Menm sa Jezi te kòmande yo a, se sa yo reponn. Epi, moun yo kite yo ale.

[7] Lè yo mennen jèn bourik la bay Jezi, yo mete rad yo sou li. Epi, Jezi monte l.

[8] Anpil moun te blayi rad yo sou wout la. Epi, anpil lòt moun te koupe branch bwa pou yo blayi sou wout la.

[9] Ni moun ki t aprale devan, ni moun ki t ap suiv dèyè, t ap rele. Yo t ap di: Ozana! Benediksyon pou moun k ap vini nan non Senyè a!

[10] Benediksyon pou wayòm David, papa nou, k ap vini nan non Senyè a! Ozana byen wo nan syèl la!

[11] Lè Jezi rive Jerizalèm, li antre nan lakou tanp lan. Li pwomennen je li sou tout bagay. Epi, l ale Betani ak Douz yo, paske li te deja fin ta.

[12] Nan demen, lè yo t ap soti Betani, li te grangou.

[13] Depi byen lwen, li wè yon pye figfrans ki te gen fèy. L al wè si l posib pou li ta jwenn kichòy ladan l. Men, lè l rive, li pa jwenn anyen pase fèy, paske se pa t sezon figfrans.

[14] Epi, Jezi pran lapawòl, li di pye figfrans lan: Apati jodi a, pèsonn p ap janm manje fwi nan ou ankò. Disip li yo tande sa.

[15] Y ale Jerizalèm. Lè Jezi antre nan lakou tanp lan, li chase moun ki t ap vann ak moun ki t ap achte nan lakou tanp lan. Li chavire ni tab moun ki t ap chanje lajan, ni chèz moun ki t ap vann pijon.

[16] Epi, li pa t kite pèsonn pote chay travèse lakou tanp lan.

[17] Li anseye yo, li di: Èske sa pa ekri: Yo va rele lakay mwen, kay lapriyè pou tout nasyon yo? Men, nou menm, nou fè l tounen yon gwòt malfektè.

[18] Lè pwofesè lalwa yo ak sakrifikatè prensipal yo tande sa, yo chèche kòman yo ta detui li. Men, yo te pè li, paske ansèyman l lan te fè tout foul la sezi.

[19] Lè aswè rive, li soti deyò vil la.

[20] Nan maten, pandan yo t ap pase, yo wè pye figfrans lan te seche depi nan rasin.

[21] Lè sa a Pyè sonje. Li di Jezi: Rabi, gade! Pye figfrans ou te modi a seche!

[22] Jezi reponn li, li di: Mete lafwa nou nan Bondye.

[23] Paske, yon moun ka di mòn sa a: «Leve, jete tèt ou nan lanmè!» Franchman, m ap di nou sa: Si li pa doute nan kè li, e, si li kwè sa li di a ap rive, ebyen, sa li di a ap rive pou li vre!

[24] Se poutèt sa mwen di nou: Tout bagay nou mande nan lapriyè, kwè nou resevwa l. E, li va pou nou.

[25] Lè nou kanpe pou nou lapriyè, si nou genyen kichòy kont yon moun, padone li. Se Konsa Papa nou ki nan syèl la va padone fot nou yo tou.

[26] Men, si nou pa padone li, Papa nou ki nan syèl la p ap padone fot nou yo nonplis.

[27] Y ale Jerizalèm ankò. Pandan li t ap pwomennen nan lakou tanp lan, sakrifikatè prensipal yo, pwofesè lalwa yo ak ansyen yo vini kote li.

[28] Yo di li: Avèk ki otorite w ap fè bagay sa yo? Epitou, kilès ki ba ou otorite sa a pou w fè bagay sa yo?

[29] Men, Jezi reponn yo, li di: Mwen menm tou, m ap mande nou yon bagay. Reponn mwen, e, lè sa a, m a di nou avèk ki otorite m ap fè bagay sa yo.

[30] Kote otorite pou batèm Jan an soti? Nan syèl oubyen nan men lèzòm? Reponn mwen!

[31] Alò, yo diskite sa youn ak lòt. Yo di: Si nou ta di: «Nan syèl!», li va di: «Donk, poukisa nou pa t kwè li?»

[32] Men, èske nou ta di: «Nan men lèzòm ...» Yo te pè pèp la, paske tout pèp la te kwè Jan te yon pwofèt toutbon.

[33] Alò yo reponn Jezi, yo di l: Nou pa konnen. Jezi reponn yo tou, li di yo: Mwen p ap di nou nonplis ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.

Levanjil Mak la — Chapters