Skip to content
Opens in a new window

[1] Nan maten, sakrifikatè prensipal yo pran yon desizyon ansanm ak ansyen yo ak pwofesè lalwa yo ak tout Konsèy la. Yo mare Jezi mennen ale. Yo livre l bay Pilat.

[2] Pilat mande li: Èske ou se wa Juif yo? Jezi reponn li, li di: Ou di li!

[3] Sakrifikatè prensipal yo t ap akize li pou anpil bagay.

[4] Epi Pilat poze l kesyon ankò. Li di: Ou pa reponn anyen? Gade! Y ap temwaye yon bann bagay kont ou.

[5] Men, Jezi pa t reponn anyen ankò. Konsa, Pilat te sezi.

[6] Jou fèt, nenpòt prizonye moun yo te mande a, Pilat te konn lage l pou yo.

[7] Te gen yon prizonye yo rele Barabas ki te nan prizon avèk kèk konplotè parèy li. Yo te asasinen yon moun nan yon soulèvman.

[8] Foul la pran rele. Yo kòmanse mande pou Pilat fè menm sa li te toujou fè pou yo a.

[9] Men, Pilat reponn yo, li di: Èske nou vle mwen lage wa Juif yo pou nou?

[10] Li di sa, paske li te konnen se jalouzi sakrifikatè prensipal yo ki te lakòz yo fè arete Jezi.

[11] Men, sakrifikatè prensipal yo te chofe foul la pou yo te fè Pilat lage Barabas pou yo pito.

[12] Pilat reponn ankò, li di yo: Donk, kisa nou vle m fè ak nonm sa a, nou rele Wa Juif yo?

[13] Yo rele ankò: Krisifye li!

[14] Alò, Pilat di yo: Men, ki mal li fè? Yo rele pi rèd: Krisifye li!

[15] Pilat te vle fè pèp la plezi. Li lage Barabas pou yo. Li fè bat Jezi ak raso. Epi, li livre l pou yo krisifye li.

[16] Sòlda yo mennen li andedan lakou a, sa vle di nan palè gouvènè a. Epi, yo rasanble tout rejiman an.

[17] Yo abiye li an wouj fonse. Yo trese yon kouwòn pikan mete sou tèt li.

[18] Epi, yo kòmanse salye li: Viv wa Juif yo!

[19] Yo frape li nan tèt ak yon wozo. Yo krache sou li. Epi, yo ajenou kòmsi yo t ap adore li.

[20] Lè yo fin pase l nan betiz, yo retire rad wouj fonse a sou li, yo abiye l ak pwòp rad pa l, epi yo mennen l deyò pou yo krisifye li.

[21] Yon moun Sirèn t ap pase soti andeyò. Se te Simon, papa Aleksann ak Rifis. Yo fòse l pote kwa Jezi a.

[22] Yo mennen Jezi kote yo rele Gòlgota a. Sa vle di: Plas Zo Tèt.

[23] Yo ba li bwè diven melanje ak lami. Men, li pa pran.

[24] Lè yo fin krisifye li, yo separe rad li yo. Yo fè tirajosò pou yo deside kisa yo chak ka pran.

[25] Lè yo te krisifye l la, se te twazyèm è.

[26] Men ki pawòl yo te ekri kòm rezon kondanasyon li: WA JUIF YO.

[27] Yo te krisifye de malfektè avèk li: Youn adwat li, youn agoch li.

[28] Se konsa pawòl ki te ekri a te akonpli lè li te di: Yo mete li nan gwoup moun rebèl.

[29] Moun ki t ap pase yo t ap denigre li. Yo t ap souke tèt yo, epi yo t ap di: Ahaa! Se pa ou menm sa, ki detui tanp lan pou w bati l nan twa jou a!

[30] Sove tèt ou! Desann sou kwa a.

[31] Konsa tou, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo t ap pase l nan betiz. Youn t ap di lòt: Li sove lòt yo, men, li pa kapab sove tèt li.

[32] Se pou Kris la ki Wa Izrayèl la desann kwa a kounye a pou nou ka wè epi pou nou ka kwè nan li. Menm moun yo te krisifye avèk li yo t ap repwoche li.

[33] Lè sizyèm è a rive, vin gen fènwa sou tout peyi a, jis nan nevyèm è a.

[34] Nan nevyèm è a, Jezi rele byen fò. Li di: Eloyi, Eloyi, lama sabaktani? Sa vle di: Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone mwen?

[35] Lè kèk nan moun ki te kanpe la yo tande sa, yo di: Men l ap rele Eli!

[36] Yon moun kouri plen yon eponj ak vinèg. Li mete li sou yon wozo. Li ba li bwè. Epi, li di: Tann. Annou wè si Eli ap vin desann li atè.

[37] Men, Jezi pouse yon gwo rèl. Epi, li rann dènye souf li.

[38] Rido tanp lan fann de bò, depi anwo jis anba.

[39] Santenye a te kanpe anfas Jezi. Lè li wè kijan Jezi rele epi kijan li rann dènye souf li, li di: An verite, nonm sa a te Pitit Bondye.

[40] Te gen kèk medam ki te rete lwen ap gade. Pami yo tou, te genyen Mari, moun Magdala; Mari, manman Ti Jak ak Joz; epi Salome.

[41] Se yo tou ki te suiv li epi ki te sèvi li lè li te Galile. Te genyen anpil lòt medam ki te monte Jerizalèm avèk li tou.

[42] Aswè te deja fin rive. Epitou, se te Preparasyon, sa vle di: jou lavèy saba a.

[43] Donk, Jozèf, moun Arimate, ale kareman devan Pilat pou li mande l kò Jezi. Li te yon manm respektab nan Konsèy la. Li menm tou, li t ap tann wayòm Bondye a.

[44] Men, Pilat te sezi tande Jezi te deja mouri. Li rele santenye a, li mande li si Jezi te mouri lontan.

[45] Lè santenye a fè li konnen ki lè, alò Pilat fè Jozèf kado kadav la.

[46] Jozèf achte twal len. Lè li desann kò a atè, li vlope l nan len an. Li mete li nan yon tonm yo te taye nan wòch. Epi, li woule yon wòch devan pòt tonm nan.

[47] Men, Mari, moun Magdala ak Mari, manman Joz, t ap gade kibò yo t ap mete li.

Levanjil Mak la — Chapters