[1] Lè Jezi kite kote sa a, li pase lòt bò Jouden an pou l ale nan zòn Jide. Epi, foul yo rasanble devan li ankò. Kòm se te abitid li, li anseye yo ankò.
[2] Kèk Farizyen parèt. Pou yo tante li, yo mande l si lalwa pèmèt yon nonm divòse ak madanm li.
[3] Men, li reponn yo, li di: Kisa Moyiz te kòmande nou?
[4] Yo di li: Moyiz te pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs epi divòse.
[5] Jezi reponn yo, li di: Li te ekri kòmandman sa a pou nou, paske nou t ap fè rèd nan kè nou.
[6] Men, nan kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè gason ak fi.
[7] Se poutèt sa, yon nonm va kite papa li ak manman li pou li ini ak madanm li.
[8] Epi, yo tou de va fè yon sèl chè. Konsa, yo pa fè de ankò, men, yo fè yon sèl chè.
[9] Donk, sa Bondye mete ansanm, pinga yon moun separe li.
[10] Lè yo rive lakay yo, disip li yo poze li kesyon ankò sou menm bagay la.
[11] Li di yo: Yon nonm ki ta divòse ak madanm li pou li marye ak yon lòt, li komèt adiltè kont madanm nan.
[12] Konsa tou, yon madanm ki ta divòse ak mari li pou li marye ak yon lòt, li komèt adiltè.
[13] Yo t ap mennen timoun bay Jezi pou li manyen yo. Men, disip yo fè moun ki t ap mennen timoun yo obsèvasyon.
[14] E, lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: Kite timoun yo vini jwenn mwen. Pa anpeche yo. Paske, se pou moun ki tankou yo, wayòm Bondye a ye.
[15] Franchman, m ap di nou sa: Moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l ditou.
[16] Alò, li pran yo nan bra li, li poze men sou yo, li beni yo.
[17] Pandan Jezi t aprale sou wout li, yon nonm kouri vin ajenou devan li, epi li mande li: Bon mèt, kisa mwen dwe fè pou m ka eritye lavi etènèl?
[18] Men, Jezi di li: Poukisa w rele m «bon»? Pa genyen pèsonn ki bon, eskepte Bondye sèl.
[19] Ou konnen kòmandman yo: Pa fè adiltè; pa tiye moun; pa vòlè; pa fè move temwayaj; pa fè magouy; onore papa ou ak manman ou.
[20] Nonm nan reponn li, li di: Mèt, depi mwen te pi jèn, m ap obsève tout bagay sa yo.
[21] Jezi gade li, li renmen li, epi li di li: Ou manke yon sèl bagay. Ale, vann tout sa w genyen, epi bay pòv yo lajan an. Lè sa a, ou va genyen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vini, pran kwa ou, suiv mwen.
[22] Lè li tande pawòl la, figi li fennen. L ale byen tris, paske li te genyen anpil byen.
[23] Alò, Jezi gade toupatou, li di disip li yo: Ala difisil sa difisil pou moun ki genyen richès antre nan wayòm Bondye a!
[24] Pawòl li yo te bay disip yo kè sote. Men, lè Jezi reponn yo ankò, li di yo: Timoun, ala difisil sa difisil pou moun ki mete konfyans yo nan richès antre nan wayòm Bondye a!
[25] Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.
[26] Men, yo te sezi pi rèd. Youn t ap di lòt: Ebyen, kilès ki kapab sove?
[27] Men, Jezi gade yo, li di: Pou lèzòm, sa pa posib, men, pa pou Bondye. Paske, pou Bondye, tout bagay posib.
[28] Pyè kòmanse di li: Gade! Nou menm, nou kite tout bagay pou nou suiv ou.
[29] Men, Jezi reponn, li di: Franchman, m ap di nou sa: Pa genyen moun ki ta kite kay oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen madanm, oubyen timoun, oubyen jaden poutèt mwen ak levanjil la,
[30] pou li pa ta resevwa san fwa plis kay, frè, sè, manman, timoun, jaden ak pèsekisyon, kounye a, nan tan sa a. Epitou, li va resevwa lavi etènèl nan tan k ap vini an.
[31] Men, anpil moun ki premye va dènye. Epi, dènye yo va premye.
[32] Yo te sou wout pou yo monte Jerizalèm. Jezi t ap mache devan yo. Yo t ap suiv li ak kè sote, yo te pè. Epi, Jezi pran Douz yo ankò. Li kòmanse di yo sa ki t apral rive l:
[33] Gade! Men n ap monte Jerizalèm. Y ap livre Pitit Lòm nan nan men sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo. Y ap kondane li amò. Y ap livre li bay nasyon yo.
[34] Y ap pase l nan betiz. Y ap bat li. Y ap krache sou li. Epi, y ap tiye li. Men, nan twazyèm jou a, l ap resisite.
[35] Pitit Zebede yo, Jak ak Jan, vini kote li. Yo di: Mèt, nou ta vle w fè sa nou mande w la pou nou.
[36] Li di yo: Kisa nou vle m fè pou nou?
[37] Yo di li: Men sa pou w ban nou: Nou ta vle, lè ou nan glwa ou, pou nou chita, youn adwat ou, lòt la agoch ou.
[38] Men, Jezi di yo: Nou pa konnen sa n ap mande la a? Èske nou kapab bwè nan gode mwen pral bwè a oubyen batize nan batèm mwen pral batize a?
[39] Yo di li: Nou kapab! Epi, Jezi di yo: Vrèmanvre, nou va bwè nan gode mwen pral bwè a. E, nou va batize nan batèm mwen pral batize a.
[40] Men, kanta pou chita adwat mwen ak agoch mwen, se pa mwen ki pou bay sa. Okontrè, plas sa yo la pou moun Bondye te pare yo a.
[41] Lè dis lòt disip yo tande sa, yo vin vekse akòz Jak ak Jan.
[42] Men, Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen kijan moun yo rekonèt kòm chèf nasyon yo fè diktatè sou nasyon yo epi kijan grannèg yo domine sou nasyon yo.
[43] Pou nou menm, sa p ap konsa. Okontrè, moun ki ta vle vin gran nan mitan nou, li va sèvitè nou.
[44] Moun sa a tou, ki ta vle vini an premye, li va esklav tout moun.
[45] Paske, Pitit Lòm nan pa t vini pou yo sèvi li, men, pou li sèvi epi pou li bay lavi li pou peye delivrans anpil moun.
[46] Y ale Jeriko. Pandan li t ap soti Jeriko ak disip li yo epi ak yon gwo foul, te genyen yon avèg ki te chita bò wout la. Se te Batime, pitit Time. Li t ap mande charite.
[47] Lè li tande se te Jezi, moun Nazarèt, li kòmanse rele. Li di: Jezi, Pitit David, pitye pou mwen!
[48] Anpil moun t ap fè l obsèvasyon pou li pe. Men, li rele pi rèd: Pitit David, pitye pou mwen!
[49] Epi, Jezi rete, li fè rele li. Lè yo rele avèg la, yo di li: Pran kouraj. Leve. Men l ap rele w.
[50] Avèg la voye rad li jete. Li leve vin jwenn Jezi.
[51] Epi, Jezi reponn li, li di: Kisa w vle m fè pou ou? Avèg la di li: Rabi, mwen vle wè ankò.
[52] Jezi di l: Ale! Lafwa w delivre w! Menm lè a tou, li te wè ankò. Epi, li suiv Jezi sou wout la.