Skip to content
Opens in a new window

[1] Nan menm jou sa yo, foul moun yo te gwo anpil. Men, yo pa t genyen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo.

[2] Li di yo: Kè m fè m mal pou foul la. Paske, depi twa jou, yo la a avèk mwen, e yo pa gen anyen pou yo manje.

[3] Si mwen voye yo lakay yo grangou, yo va febli nan wout, paske kèk nan yo soti lwen.

[4] Disip li yo reponn li, yo di: Isit la, nan yon dezè konsa, kòman yon moun ta kapab kontante moun sa yo ak pen?

[5] Kounye a, li mande yo: Konbyen pen nou genyen? Yo di: Sèt.

[6] Li kòmande foul la pou yo chita atè a. Li pran sèt pen yo, li rann gras, li kase yo, epi li bay disip li yo sèvi yo. Konsa, yo sèvi foul la.

[7] Yo te genyen kèk ti pwason tou, li beni yo. Li di disip yo sèvi pwason yo tou.

[8] Moun yo manje, e yo kontante. Yo menm ranmase sèt pànye plen ak moso ki te rete yo.

[9] Te genyen prèske katmil moun ki te manje. Apre sa, li voye yo ale.

[10] Menm lè a, li anbake nan kannòt la avèk disip li yo. Epi, y ale nan zòn Dalmanouta.

[11] Alò, Farizyen yo parèt. Yo kòmanse diskite avèk li. Yo mande l yon siy ki soti nan syèl, dekwa pou yo te ka tante li.

[12] Men, Jezi pouse yon soupi nan lespri li. Epi, li di: Poukisa jenerasyon sa a ap chèche siy la? Franchman, m ap di nou sa: Mwen p ap bay jenerasyon sa a siy ditou!

[13] Li kite yo, li anbake nan kannòt la ankò, l ale lòt bò dlo.

[14] Men, disip yo te bliye pran pen. Yo pa t genyen plis pase yon pen nan kannòt la.

[15] Alò, li kòmande yo, li di: Gade! Fè atansyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.

[16] Youn t ap diskite ak lòt. Yo t ap di: Se paske nou pa genyen pen an wi!

[17] Men, Jezi te konnen sa. Li di yo: Poukisa n ap diskite dèske nou pa genyen pen? Nou poko wè toujou? Nou pa konprann? Èske tèt nou di toujou?

[18] Èske nou pa gen je pou nou wè? Nou pa gen zòrèy pou nou tande? Epitou, nou pa sonje?

[19] Lè mwen te kase senk pen yo bay senkmil gason yo, konbyen ti pànye nou te plen ak moso nou te ranmase yo? Yo reponn li: Douz!

[20] Men, lè se te sèt pen yo pou katmil moun yo, konbyen pànye nou te plen ak moso nou te ranmase yo? Yo di li: Sèt.

[21] Alò, li di yo: Kòman nou fè pa konprann?

[22] L ale Betsayida. Yo mennen yon avèg ba li. Yo sipliye li pou li manyen avèg la.

[23] Li pran men avèg la, li mennen li deyò bouk la, li krache nan je li, li poze men sou li, epi li mande li: Èske ou wè kichòy?

[24] Lè avèg la leve je li, li di: Mwen wè moun, men, mwen wè yo tankou pyebwa k ap pwomennen.

[25] Alò, Jezi poze men li sou je avèg la ankò. Li fè li gade byen. Epi, avèg la geri, li vin wè tout bagay aklè.

[26] Lè Jezi voye li lakay li, Jezi di l: Pa antre nan bouk la. Pa menm di pèsonn nan bouk la sa.

[27] Jezi ale avèk disip li yo nan bouk Sezare Filip yo. Pandan yo sou wout la, li poze disip yo kesyon. Li di yo: Kilès lèzòm di mwen ye?

[28] Yo reponn li, yo di: «Jan Batis!» Lòt moun di: «Eli!» Lòt moun ankò di: «Youn nan pwofèt yo!»

[29] Epi, li di yo: Men, nou menm, kilès nou di mwen ye? Alò, Pyè reponn li, li di: Ou se Kris la!

[30] Li defann yo di pèsonn sa sou li.

[31] Li kòmanse anseye yo, li di: Fòk Pitit Lòm nan soufri anpil bagay. Fòk ansyen yo, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo derefize chwazi li. Epi, fòk yo tiye li. Men, apre twa jou, fòk li resisite.

[32] Li t ap pale pawòl la klè. Men, Pyè rale Jezi sou kote, epi li kòmanse fè Jezi obsèvasyon.

[33] Men, Jezi vire, li gade disip li yo, epi li fè Pyè obsèvasyon. Li di: Retire w sou mwen, Satan! Paske, se pa bagay Bondye w ap panse, men, se bagay lèzòm.

[34] Alò, li rele foul la avèk disip li yo, li di yo: Si yon moun vle suiv mwen, fòk li nye pwòp tèt li, fòk li pran kwa li, epi fòk li suiv mwen.

[35] Paske, moun ki ta vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men, moun ki ta pèdi lavi l poutèt mwen ak levanjil la, l ap sove li.

[36] Paske tou, ki benefis yon moun ka fè si li ta genyen lemonn antye epi li ta fè defisi nanm li?

[37] Oubyen, ki pri yon moun ta bay pou nanm li?

[38] Paske ankò, nan jenerasyon adiltè ak peche sa a, si yon moun wont mwen menm ak pawòl mwen yo, ebyen, lè Pitit Lòm nan va vini nan glwa Papa li ak zanj ki sen yo, li va wont moun sa a tou.

Levanjil Mak la — Chapters