Skip to content
Opens in a new window

[1] Jezi antre nan sinagòg la ankò. Te genyen yon nonm men sèch andedan an.

[2] Alò, yo t ap veye si Jezi t ap geri li nan jou saba a, pou yo te ka akize Jezi.

[3] Li di nonm men sèch la: Leve, vin nan mitan.

[4] Epi, li di yo: Èske nan jou saba a, lalwa pèmèt yon moun fè sa ki byen oubyen fè sa ki mal, sove lavi moun oubyen tiye moun? Yo rete bouch fèmen.

[5] Li pwomennen je li sou yo tou an kòlè. Sa te fè li lapenn pou jan yo t ap fè rèd nan kè yo. Epi, li di nonm nan: Lonje men w. Li lonje li, epi men an geri, li vin bon menm jan ak lòt la.

[6] Alò Farizyen yo soti. Menm lè a, yo fè yon konplo ak Ewodis yo kont Jezi, pou yo wè kòman yo ka detui li.

[7] Jezi pati al bò lanmè a ak disip li yo. Yon gwo popilas suiv li. Yo te soti Galile, Jide,

[8] Jerizalèm, Idime, lòt bò Jouden an ak alantou Ti ak Sidon. Se te yon gwo popilas. Lè yo te tande tout bagay li t ap fè yo, yo te vini kote li.

[9] Li di disip li yo pou yo mete yon ti kannòt apa pou li, dekwa pou foul la pa t kwense li.

[10] Li te tèlman geri anpil moun, tout moun ki te genyen yon maladi te tonbe sou li pou yo te ka manyen li.

[11] E, chak fwa move lespri yo te wè li, yo te tonbe devan li. Yo t ap rele, yo t ap di: Ou se Pitit Bondye a!

[12] Men, li te fè yo obsèvasyon, dekwa pou yo pa t fè konnen kilès li ye.

[13] Apre sa, li monte sou yon mòn. Li rele moun li te vle yo. Yo vini kote li.

[14] Li chwazi douz nan yo pou yo rete kote li epi pou li voye yo preche,

[15] avèk pouvwa pou yo geri maladi epi pou yo chase demon.

[16] Konsa, li bay Simon non Pyè.

[17] Li bay Jak, pitit Zebede a ak Jan, frè Jak la, non Bwanègès, sa vle di: Pitit loraj.

[18] Epitou, li chwazi Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak ki pitit Alfe a, Tade, Simon ki Kananeyen an,

[19] epi Jida Iskaryòt; e se li menm ki te trayi Jezi.

[20] Apre sa, y ale lakay yo. Foul la rasanble ankò, konsa yo pa t menm kapab manje.

[21] Lè fanmi Jezi tande sa, yo vini pou yo pran li, paske moun t ap di: Li fou!

[22] E, pwofesè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t ap di: Li genyen Bèlzeboul sou li! E se grasa chèf demon yo l ap chase demon!

[23] Li rele yo, epi li di yo an parabòl: Kòman Satan kapab fè chase Satan?

[24] Si yon wayòm dozado ak pwòp tèt li, wayòm sa a pa kapab kanpe.

[25] E, si yon kay dozado ak pwòp tèt li, kay sa a pa kapab kanpe.

[26] E, si Satan leve kont pwòp tèt li epi li dozado ak pwòp tèt li, li pa kapab kanpe. Okontrè, sa fini pou li.

[27] Pèsonn pa kapab antre piye byen lakay yon vanyan gason, si li pa mare vanyan gason an anvan. Se lè l fin fè sa, l ap ka piye kay la.

[28] Franchman, m ap di nou sa: Bondye ap padone peche pitit lèzòm yo. Kèlkeswa jan yo ta denigre li, l ap padone yo.

[29] Men, si yon moun denigre Lespri Sen an, li p ap janm genyen padon. Okontrè, li koupab anba yon kondanasyon etènèl.

[30] Jezi te pale konsa, paske yo t ap di: Li genyen yon move lespri sou li.

[31] Kounye a, frè li yo ak manman li vini. Pandan yo kanpe deyò a, yo voye rele li.

[32] Yon foul te chita toutotou li, yo di li: Gade! Manman w, frè w yo ak sè w yo deyò a. Y ap chèche w.

[33] Li reponn yo, li di: Kilès ki manman mwen oubyen frè mwen?

[34] Li pwomennen je li sou moun ki te chita toutotou li yo, epi li di: Men manman mwen ak frè mwen yo!

[35] Paske, nenpòt moun ki fè volonte Bondye, li se frè mwen, sè mwen ak manman mwen.

Levanjil Mak la — Chapters