[1] Apre kèk jou, Jezi te antre Kapènawòm ankò. E, moun yo te tande li lakay li.
[2] Menm lè a tou, anpil moun te rasanble jiskaske menm devan pòt la pa t gen plas ankò. Jezi, li menm, t ap preche yo pawòl la.
[3] Kounye a, kat moun pote yon nonm paralize mennen ba li.
[4] Foul la te lakòz yo pa t kapab pwoche pre li. Donk, yo dekouvri pati fetay kote li te ye a. Yo fouye yon twou. Epi, yo pran branka a ak nonm paralize a kouche sou li, yo glise l desann.
[5] Lè Jezi wè lafwa yo, li di nonm paralize a: Pitit mwen, peche w yo padone.
[6] Men, te genyen kèk pwofesè lalwa ki te chita la. Yo t ap reflechi nan kè yo, yo t ap di: Poukisa misye ap denigre Bondye konsa? Kilès ki kapab padone peche? Èske se pa Bondye sèl?
[8] Men, menm lè a, Jezi te konnen nan lespri li se konsa yo t ap reflechi nan kè yo. Li di yo: Poukisa n ap reflechi nan kè nou sou bagay sa yo?
[9] Kisa ki pi fasil? Di nonm paralize a: «Peche w yo padone» oubyen di l: «Leve, pran branka ou, mache»?
[10] Men, pou nou kapab konnen Pitit Lòm nan gen pouvwa pou li padone peche sou latè, (Jezi di nonm paralize a:)
[11] Mwen di ou: Leve, pran branka ou, al lakay ou!
[12] Li leve menm lè a, li pran branka li, li soti devan tout moun. Sa te etone tout moun. Yo t ap bay Bondye glwa. Yo t ap di: Nou pa janm wè anyen konsa!
[13] Jezi soti al bò lanmè a ankò. Tout foul la vin jwenn li. Epi, li t ap anseye yo.
[14] Pandan li t ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki chita nan biwo enpo a. Li di li: Suiv mwen. Li leve, li suiv Jezi.
[15] Vin rive yon jou, Jezi t ap manje lakay Levi. Anpil pèseptè ak pechè t ap manje ansanm ak Jezi ak disip li yo. Vrèmanvre, yo te anpil, e yo t ap suiv li.
[16] Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo wè l ap manje avèk pèseptè yo ak pechè yo. Alò, yo di disip li yo: Poukisa l ap manje, l ap bwè ansanm avèk pèseptè yo ak pechè yo?
[17] Jezi tande sa, li di yo: Se pa moun an sante ki bezwen doktè, men, se moun malad. E, se pa moun jis, mwen vin rele pou repanti, men, se pechè.
[18] Disip Jan yo ak disip Farizyen yo t ap fè jèn. Kèk moun vin di Jezi: Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo ap fè jèn, alòske, disip ou yo pa fè jèn?
[19] Jezi di yo: Zanmi lemarye yo pa kapab fè jèn pandan lemarye a la avèk yo, pa vre? Toutotan yo genyen lemarye a avèk yo, yo pa kapab fè jèn.
[20] Men, gen jou k ap vini, kote yo va wete lemarye a nan mitan yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.
[21] Pèsonn pa janm koud yon pyès twal nèf sou yon vye rad. Si se ta sa, pyès nèf la t ap ratresi sou vye a pou fè l vin chire pi mal.
[22] Epitou, pèsonn pa janm mete diven nouvo nan vye veso an po. Si se ta sa, diven nouvo a t ap pete veso a, epi diven an t ap blayi, veso yo t ap detui. Donk, yo mete diven nouvo nan veso nèf.
[23] Vin rive yon jou saba kote Jezi t ap pase nan chan ble yo. Pandan yo t ap mache, disip li yo kòmanse rache grap ble.
[24] Alò, Farizyen yo di li: Gade! Poukisa y ap fè sa lalwa pa pèmèt moun fè nan jou saba a?
[25] Men, li di yo: Èske nou pa t janm li sa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te nan nesesite epi yo te grangou?
[26] Lè sa a, Abyata te sakrifikatè an chèf. David antre lakay Bondye, li manje pen sakre yo, alòske, lalwa pa pèmèt pèsonn ki pa sakrifikatè manje yo. Menm moun ki te avèk li yo, li ba yo tou.
[27] Li di yo ankò: Se saba a ki te fèt pou lèzòm, se pa t lèzòm ki te fèt pou saba a.
[28] Donk, menm saba a, Pitit Lòm nan se Mèt li tou.