[1] Pandan Jezi t ap soti nan lakou tanp lan, youn nan disip li yo di li: Mèt, gade! Ala de wòch! Ala de bilding!
[2] Epi Jezi reponn li, li di li: Èske w wè gwo bilding sa yo? Pa gen yon wòch k ap rete sou yon lòt wòch, pou yo pa jete li atè.
[3] Pandan li te chita sou Mòn Oliv, anfas tanp lan, Pyè, Jak, Jan ak Andre pale avèk li apa.
[4] Yo mande li: Di nou kilè bagay sa yo ap rive epi ki siy ki va parèt, lè tout bagay sa yo pral rive?
[5] Men, lè Jezi reponn yo, li kòmanse di: Fè atansyon pou pèsonn pa twonpe nou.
[6] Paske, anpil moun va vini sou non mwen. Yo va di: «Mwen se Kris la!» Konsa, yo va twonpe anpil moun.
[7] Men, lè nou va tande lagè ak bri lagè, pa bay kò nou traka. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p ap ko lafen an sa.
[8] Paske, nasyon va leve kont nasyon, wayòm kont wayòm. Va gen tranblemanntè anpil kote. Va gen grangou ak dezòd tou. Bagay sa yo se kòmansman doulè tranche a.
[9] Men, nou menm, fè atansyon. Paske, yo va livre nou bay Konsèy. Yo va bat nou nan sinagòg. Epi, nou va kanpe devan gouvènè ak wa akòz mwen menm, pou nou kapab yon temwayaj pou yo.
[10] Anvan sa, fòk bon nouvèl la preche pami tout nasyon.
[11] Men, lè yo va arete nou pou yo mennen n ale, pa ni toumante tèt nou davans pou sa nou va di, ni reflechi nonplis. Okontrè, sa Lespri a va ban nou lè sa a, se sa nou va di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men, se Lespri Sen an.
[12] Men, frè va trayi frè pou fè tiye yo. Papa va fè menm bagay ak pitit. Epi, pitit va revòlte kont paran pou fè tiye yo.
[13] Non mwen va lakòz tout moun rayi nou. Men, moun ki va pèsevere jiska lafen, se yo ki va sove.
[14] Pwofèt Danyèl pale sou Abominasyon ki lakòz devas la. (Se pou moun k ap li a konprann.) Lè nou va wè li kanpe kote li pa dwe ye, lè sa a, se pou moun ki nan Jide sove al nan mòn yo.
[15] E, yon moun ki sou do kay, li pa dwe desann nan kay la. Li pa dwe antre pran anyen lakay li nonplis.
[16] Epitou, yon moun ki nan jaden pa dwe tounen dèyè pou pran rad li.
[17] Men, pou fi ki ansent ak sa k ap bay tete nan jou sa yo, adye!
[18] Priye pou se pa nan tan ivè pou n ap sove konsa.
[19] Paske, kalite tribilasyon sa a, nan jou sa yo, pa t janm genyen tankou l depi kòmansman kreyasyon Bondye te kreye a, pou jis kounye a. E, p ap genyen l ankò.
[20] Si Senyè a pa t koupe kantite jou yo, pa gen yon moun ki t ap sove. Men, poutèt moun li te chwazi yo, li koupe kantite jou sa yo.
[21] Lè sa a, si yon moun di nou: «Gade! Men Kris la isit!» oubyen: «Gade! Li lòt bò a!», pa kwè.
[22] Paske, fo Kris ak fo pwofèt va parèt. Yo va fè mirak siy ak mèvèy pou yo twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa te posib.
[23] Men, nou menm, fè atansyon. Gade! Mwen di nou tout bagay davans.
[24] Men, nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a, Solèy la va vin tou nwa. Lalin nan p ap bay limyè li.
[25] Zetwal yo va tonbe soti nan syèl. Epi, pisans ki nan syèl yo va brannen.
[26] Lè sa a, yo va wè Pitit Lòm nan vini nan nyaj yo avèk anpil pisans ak glwa.
[27] Lè sa a, li va voye zanj li yo, e li va rasanble moun li te chwazi yo nan direksyon kat van yo, soti nan pwent latè, rive nan pwent syèl la.
[28] Kounye a, aprann parabòl sou pye figfrans lan. Lè branch li deja vin mou epi li pouse fèy, nou konnen sezon lete pre rive.
[29] Konsa tou, lè nou menm, nou va wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen li tou pre, li nan papòt la.
[30] Franchman, m ap di nou sa: Jenerasyon sa a p ap pase ditou, anvan tout bagay sa yo rive.
[31] Syèl la ak tè a va pase, men, pawòl mwen yo p ap pase ditou.
[32] Men, kanta pou ki jou oubyen ki lè, pèsonn pa konnen, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la, men, sèl Papa a.
[33] Fè atansyon! Veye! Priye! Paske, nou pa konnen kilè lè a va rive.
[34] Se tankou yon nonm k ap vwayaje. Li kite kay li. Li bay sèvitè li yo responsablite. Li kite travay pou yo chak. Epi, li kòmande gadyen pòt la pou li veye.
[35] Donk, veye! Paske, nou pa konnen kilè mèt kay la ap vini: si se aswè, oubyen a minui, oubyen lè kòk chante, oubyen granmaten.
[36] Pa pito li ta vini sibitman epi li jwenn n ap dòmi!
[37] Menm sa mwen di nou an, se li m ap di tout moun: Veye!