Skip to content
Opens in a new window

[1] Jezi di yo tou: Franchman, m ap di nou sa: Kèk nan nou ki kanpe isit la p ap goute lanmò pou jis nou wè wayòm Bondye a vini avèk pisans.

[2] Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan apa. Li mennen yo poukont yo sou yon mòn byen wo. Epi, li transfòme devan yo.

[3] Rad li vin klere byen blan kon lanèj. Pa genyen yon lesivyè sou latè ki kapab lave blan konsa.

[4] Kounye a, Eli ak Moyiz parèt sou yo. Yo t ap pale ak Jezi.

[5] Pyè reponn tou, li di Jezi: Rabi, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tant: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.

[6] Paske yo te tèlman pè, li pa t konnen sa pou li di.

[7] Alò, yon nyaj vin kouvri yo. Epi, yon vwa ki soti nan nyaj la di: Li menm, li se Pitit mwen renmen anpil la! Koute li!

[8] Menm lè a, yo gade toupatou. Yo pa wè pèsonn ankò. Men, se Jezi sèl ki te avèk yo.

[9] Yo t ap desann soti sou mòn nan. Alò, Jezi kòmande yo pou yo pa rakonte pèsonn sa yo te wè a, pou jis Pitit Lòm nan resisite pami mò yo.

[10] Yo kenbe pawòl la pou yo menm. Men, yo t ap diskite sou sa «resisite pami mò yo» vle di.

[11] Epi, yo poze li yon kesyon, yo di: E poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan an?

[12] Li reponn yo, li di: Vrèmanvre, Eli vini anvan. Li repare tout bagay. Epitou, kòman fè bagay sa a te ekri sou Pitit Lòm nan: L ap soufri anpil bagay, epi y ap meprize li?

[13] Men, m ap di nou plis: Eli te vini, men, yo te fè li sa yo te vle, menm jan sa te ekri sou li a.

[14] Lè li rive kote disip li yo, li wè yon gwo foul moun antoure yo. Kèk pwofesè lalwa t ap diskite avèk yo.

[15] Menm lè foul la wè li, kè yo tout sote. Yo kouri vin salye li.

[16] Epi, li poze pwofesè lalwa yo yon kesyon, li di yo: Kisa n ap diskite ak yo la a?

[17] Yon moun nan foul la reponn li, li di: Mèt, mwen te mennen tigason m nan ba ou. Li genyen yon lespri bèbè sou li.

[18] Nenpòt kote lespri a pran li, li vòltije l jete. Li kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te di disip ou yo pou yo chase li, men, yo pa t kapab.

[19] Men, Jezi reponn li, li di l: Jenerasyon moun san lafwa, jis kilè m ap rete avèk nou? Jis kilè m ap sipòte nou? Mennen l ban mwen. Epi, yo mennen tigason an ba li.

[20] Kou move lespri a wè Jezi, li sakaje tigason an menm lè a. Li tonbe atè a, li woule, li kimen.

[21] Epi, Jezi mande papa a: Depi konbyen tan sa ap rive li? Li reponn, li di: Depi li te timoun piti.

[22] Anpil fwa, lespri bèbè a jete li nan dife ak nan dlo pou li ta detui li. Men, si ou kapab fè kichòy, gen pitye pou nou. Ede nou.

[23] Men, Jezi di li: Kòman «Si ou kapab» la? Kwè! Pou moun ki kwè, tout bagay posib!

[24] Menm lè a, papa timoun nan rele. Ak dlo nan je, li di: Mwen kwè! O Senyè, ede mwen. Mwen san lafwa!

[25] Men, lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li fè move lespri a obsèvasyon. Li di li: Lespri bèbè, lespri soudè, se mwen menm k ap kòmande ou: Soti sou li! Epitou, pa janm antre sou li ankò!

[26] Alò, li rele. Li sakaje li anpil epi li soti. Timoun nan vin tankou yon mò. Sa te lakòz anpil moun t ap di: Li mouri!

[27] Jezi pran men li, li fè li leve, epi tigason an kanpe.

[28] Yo t ap antre lakay yo poukont yo lè disip li yo mande li: Poukisa, nou menm, nou pa t kapab chase li?

[29] Li di yo: San lapriyè ak jèn, anyen pa kapab fè kalite lespri sa a soti.

[30] Lè yo te kite kote sa a, yo pase Galile. Men, li pa t vle pèsonn konnen sa,

[31] paske li t ap anseye disip li yo, li t ap di yo: Y ap livre Pitit Lòm nan nan men lèzòm. Epi, y ap tiye li. Men, twazyèm jou apre yo tiye l la, l ap resisite.

[32] Disip yo pa t konprann koze a. Men, yo te pè poze li kesyon.

[33] Y ale Kapènawòm. Lè li antre nan kay la, li mande yo: Kisa nou t ap diskite, youn ak lòt konsa, sou wout la?

[34] Men, yo rete bouch fèmen, paske, sou wout la, yo t ap diskite youn ak lòt sou kilès ki pi enpòtan.

[35] Lè l chita, li rele Douz yo epi li di yo: Si yon moun vle premye, li dwe dènye pou tout moun, epi li dwe sèvitè tout moun.

[36] Li pran yon timoun, li mete li nan mitan yo, li pran li nan bra li.

[37] Epi, li di yo: Moun ki resevwa yon timoun tankou sa a nan non mwen, se mwen li resevwa. Konsa tou, moun ki resevwa mwen, se pa mwen li resevwa, men, se moun ki voye m nan.

[38] Men, Jan reponn li, li di: Mèt, nou te wè yon moun ki p ap suiv nou epi ki ap chase demon nan non ou. Nou te anpeche li, paske li p ap suiv nou.

[39] Men, Jezi di: Pa anpeche li, paske pèsonn pa kapab fè mirak nan non mwen, epi, tousuit apre, pou li pale mwen mal.

[40] Paske tou, yon moun ki pa kont nou, se pou nou li ye.

[41] Paske ankò, si yon moun ta ban nou bwè yon gode dlo nan non mwen, poutèt nou pou Kris, franchman, m ap di nou sa: Li p ap pèdi rekonpans li ditou.

[42] Men, si yon moun ta lakòz youn nan timoun ki kwè nan mwen yo chite, li ta pi bon pou li, si yo ta mete yon wòch moulen nan kou li epi yo jete li nan lanmè.

[43] Si men ou ta lakòz ou chite, koupe l. Li pi bon pou w antre nan lavi a ak yon men, pase pou w antre ak de men w nan Jeyèn nan, nan dife ki pa kapab etenn nan:

[44] Se kote, Vè yo pa mouri, epi, dife a pa etenn.

[45] Si pye w ta lakòz ou chite, koupe l. Li pi bon pou w antre nan lavi a ak yon pye, pase pou yo ta jete w ak de pye w nan Jeyèn nan, nan dife ki pa kapab etenn nan:

[46] Se kote, Vè yo pa mouri, epi, dife a pa etenn.

[47] Si je w ta lakòz ou chite, rache l. Li pi bon pou w antre nan wayòm Bondye a ak yon je, pase pou yo ta jete w ak de je nan Jeyèn dife a:

[48] Se kote, Vè yo pa mouri, epi, dife a pa etenn.

[49] Paske, dife ap sale tout moun. E, sèl ap sale tout sakrifis.

[50] Sèl bon. Men, si sèl ta vin san sèl, ak kisa n ap sale l ankò? Mete sèl nan nou menm. Viv nan lapè, youn ak lòt.

Levanjil Mak la — Chapters