Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi sot la, l ale nan peyi li. Disip li yo suiv li.

[2] Lè jou saba a rive, li kòmanse anseye nan sinagòg la. Anpil moun te sezi lè yo te tande li. Yo t ap di: Kote nonm sa a jwenn bagay sa yo? Ki kalite sajès sa a, yo ba li a? Epitou, kòman fè l ap fè kalite mirak sa yo?

[3] Èske se pa bòs chapant lan, pitit Mari a? Èske se pa li ki frè Jak, Joz, Jid ak Simon an? Epi, se pa sè li yo ki isit la avèk nou an? Donk, li te yon pyè d achopman pou yo.

[4] Men, Jezi di yo: Yo respekte yon pwofèt toupatou, eskepte nan peyi li, nan fanmi li ak lakay li.

[5] Li pa t kapab fè okenn mirak kote sa a. Sèlman, li te poze men l sou kèk malad, e li te geri yo.

[6] Li te sezi, paske yo te san lafwa. Apre sa, li pwomennen anseye nan bouk ki nan vwazinaj la.

[7] Li rele Douz yo, li pran voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa sou move lespri.

[8] Li kòmande yo pou yo pa pran anyen pou wout la: Ni sak, ni pen, ni lajan nan sentiwon yo, eskepte baton yo sèlman.

[9] Yo te kapab mete sandal, men, pa yon dezyèm rad.

[10] Epi, li di yo: Lè nou antre nan yon kay, rete la jis nou ale.

[11] Si genyen moun ki pa ni resevwa nou, ni koute nou, lè nou prale, souke pousyè nan pye nou. Sa va yon temwayaj kont yo. Franchman, m ap di nou sa: Nan jou jijman an, sa va pi rèd pou vil sa a pase pou Sodòm ak Gomò.

[12] Lè yo soti, yo preche, yo di se pou moun repanti.

[13] Yo chase anpil demon. Yo pase luil sou anpil malad. Konsa, yo geri yo.

[14] Wa Ewòd tande sa, paske non Jezi te vin popilè. Li di: Jan Batis resisite pami mò yo, se poutèt sa l ap fè mirak sa yo.

[15] Kèk moun t ap di: Se Eli! Kèk lòt moun t ap di: Se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt yo!

[16] Lè Ewòd, li menm, tande sa, li di: Se Jan! Se mwen menm ki te fè koupe tèt li. Li resisite pami mò yo.

[17] Vrèmanvre, se Ewòd menm ki te voye pran Jan pou fè mare li nan prizon. Se te poutèt Ewodyas ki te madanm Filip, frè Ewòd la. Ewòd te marye avèk li.

[18] Men, Jan te di Ewòd: Lalwa pa pèmèt ou pran madanm frè ou.

[19] Ewodyas, li menm, te kenbe Jan nan kè. Li te vle tiye Jan. Men, li pa t kapab, paske Ewòd te pè Jan. Ewòd te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen. Konsa, li te pwoteje li. Lè li te koute Jan, li te fè anpil bagay. Li te koute li avèk plezi.

[21] Men, yon jou, okazyon an vini. Jou fèt Ewòd, Ewòd fè yon koudjay pou potanta li yo, pou chèf militè yo ak pou zotobre Galile yo.

[22] Pitit fi Ewodyas la antre, li danse, li fè Ewòd ak envite li yo plezi. Wa a di demwazèl la: Mande m sa w vle, m ap ba ou li.

[23] Li sèmante ba li konsa: Nenpòt sa ou ta mande mwen, li te mèt mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou li.

[24] Men, li menm, l al di manman li: Kisa m ta mande? Manman an di: Tèt Jan Batis!

[25] Menm lè a, l ale vit, li mande wa a sa. Li di: Mwen ta vle w ban mwen tèt Jan Batis kounye a nan yon kabare.

[26] Wa a te vin tris. Men, poutèt sèman li te fè a epi poutèt envite yo, li pa t vle derefize li.

[27] Menm lè a, wa a voye yon gad ak lòd pou li pote tèt Jan vini. Gad la al koupe tèt Jan nan prizon an.

[28] Li pote tèt la bay demwazèl la nan yon kabare. Epi, demwazèl la bay manman li tèt la.

[29] Lè disip Jan yo tande sa, yo vin pran kadav la. Yo mete li nan yon tonm.

[30] Alò, apot yo rasanble devan Jezi. Yo rapòte tout bagay ba li, ni sa yo te fè, ni sa yo te anseye.

[31] Apot yo pa t menm genyen okazyon pou yo manje, paske, anpil moun t ap ale vini. Alò, li di yo: Nou menm, vini yon kote apa, poukont nou, pou nou poze yon kadè.

[32] Donk, y ale nan kannòt la, yon kote apa, poukont yo.

[33] Anpil moun ki te wè lè yo t ap pati a te rekonèt Jezi. Konsa, yo soti apye nan anpil vil, yo kouri kote a, yo rive anvan. Epi, yo rasanble devan li.

[34] Donk, lè Jezi debake, li wè yon gwo foul moun. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou mouton san bèje. Alò, li te kòmanse anseye yo anpil bagay.

[35] Li te deja fin ta lè disip li yo vin di: Kote sa a se yon dezè. Epitou, li deja fin ta.

[36] Voye moun yo ale, paske yo pa genyen anyen pou yo manje. Konsa, lè yo rive nan jaden ak nan bouk ki nan vwazinaj la, y a achte pen pou tèt yo.

[37] Men, li reponn, li di yo: Se nou menm ki pou ba yo manje. Alò, yo di li: Èske se pou n al achte desan denye pen pou nou ba yo manje?

[38] Li di yo: Konbyen pen nou genyen? Al wè. Lè yo te konnen konbyen, yo di: Senk pen ak de pwason.

[39] Epi, li kòmande yo pou yo fè tout moun chita sou zèb vèt la, gwoup pa gwoup.

[40] Donk, moun yo chita pa ranje san ak ranje senkant.

[41] Epi Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade anlè nan syèl la, li beni pen yo, epi li kase yo bay disip li yo pou yo te ka sèvi moun yo. Epi, li separe de pwason yo pou yo tout.

[42] Tout moun te manje, e yo te kontante.

[43] Epi, yo pran douz ti pànye plen moso pen ak pwason.

[44] Te genyen senkmil gason ki te manje pen.

[45] Menm lè a, li fòse disip li yo anbake nan kannòt la pou yo pati devan. Pandan yo t aprale lòt bò a, nan Betsayida, li menm, li t ap voye foul la ale.

[46] Li di yo orevwa. Epi, li monte sou mòn nan pou li lapriyè.

[47] Lè aswè rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, men, li menm, li te atè poukont li.

[48] Li wè yo t ap bat pou yo rame, paske van an te kontrè pou yo. Vè katriyèm tranch nuit la, li mache sou lanmè a al kote yo. Li fè kòmsi li t ap depase yo.

[49] Men, lè yo te wè l ap mache sou lanmè a, yo te panse se te yon lespri. Alò, yo rele.

[50] Yo tout te wè li. Yo te pè. Men, li te pale ak yo, menm lè a. Li di yo: Pran kouraj! Se mwen! Pa pè!

[51] Li monte kote yo nan kannòt la, epi van an sispann. Sa te etone yo anpil anpil. Yo sezi.

[52] Sa rive konsa, paske yo pa t konprann mirak pen yo. Epitou, tèt yo te di.

[53] Lè yo fin travèse, yo koste nan peyi Jenezarèt.

[54] Menm lè yo soti nan kannòt la, moun yo rekonèt Jezi.

[55] Yo kouri toupatou nan zòn nan. Kote yo tande Jezi ye, se la yo kòmanse pote moun malad sou branka.

[56] Tout kote l ale, kit se nan bouk, kit se nan vil, kit se nan jaden, kit se nan mache, yo poze malad yo atè, epi yo sipliye li pou yo te ka manyen franj rad li sèlman. E, tout moun ki te manyen l te geri.

Levanjil Mak la — Chapters