Skip to content
Opens in a new window

[1] Farizyen yo ak kèk pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm rasanble devan Jezi.

[2] Lè yo wè kèk nan disip li yo ap manje pen ak men yo sal (sa vle di, san lave), yo te akize yo.

[3] Vrèmanvre, Farizyen yo ak tout Juif yo te suiv koutim ansyen yo: si yo pa byen lave men yo, yo p ap manje.

[4] E, lè yo soti nan mache, si yo pa netwaye kò yo, yo p ap manje. Yo te resevwa anpil lòt koutim toujou pou yo suiv, tankou lave gode, lave po, lave veso an bwonz epi lave kabann.

[5] Epi, Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo mande li: Poukisa disip ou yo pa mache daprè koutim ansyen yo? Pouki y ap manje pen ak men yo san lave?

[6] Men, li reponn yo, li di: Ipokrit! Ezayi te byen pwofetize sou nou, lè l te ekri: Se ak po bouch yo, pèp sa a onore mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.

[7] Adorasyon yo fè pou mwen an initil, Paske, ansèyman y ap bay yo, se kòmandman lèzòm.

[8] Vrèmanvre, nou kite kòmandman Bondye pou nou suiv koutim lèzòm, tankou lave po ak gode ak anpil lòt bagay nou fè ki tankou bagay sa yo.

[9] Li di yo ankò: Ala nou byen refize kòmandman Bondye a pou nou kapab kenbe koutim nou yo!

[10] Paske, Moyiz te di: «Onore papa ou ak manman ou» epi «Moun ki pale mal ak papa li oubyen ak manman li, fòk yo tiye li!»

[11] Men, nou menm, nou di: «Si yon nonm ta di papa li oubyen manman li: Sa pou w ta resevwa nan men m nan, li kòban» (sa vle di, li se yon ofrann pou Bondye),

[12] moun sa a pa bezwen fè anyen ankò pou papa l oubyen pou manman l.

[13] Se konsa tou, nou anile pawòl Bondye a pou koutim nou resevwa yo. Epi, nou fè anpil lòt bagay tankou sa yo.

[14] Apre sa, li rele tout foul la, li di yo: Nou tout, koute mwen! Epi, konprann!

[15] Pa gen anyen ki soti deyò, lè li antre andedan yon moun, pou li ta kapab sal li. Men, bagay ki soti andedan yon moun, se yo ki sal moun sa a.

[16] Si yon moun gen zòrèy pou tande, tande!

[17] Apre sa, Jezi kite foul la. Li antre nan yon kay. Disip li yo poze li kesyon sou parabòl la.

[18] Alò, li di yo: Kifè, menm nou menm tou, nou san konprann? Èske nou pa konprann sa? Tout bagay ki soti deyò, lè li antre andedan yon moun, li pa kapab sal li.

[19] Paske, se pa nan kè li bagay la antre, men, se nan vant li. Epi, bagay la al nan komòd. Se konsa Jezi te deklare tout manje pwòp.

[20] Li di yo tou: Sa ki soti nan yon moun, se sa ki sal li.

[21] Paske, move lide, adiltè, imoralite, asasinay, vòl, avaris, mechanste, riz, libètinaj, gwo je, denigre moun, ògèy, foli, se andedan youn moun, se nan kè li, yo soti.

[23] Tout move bagay sa yo soti andedan yon moun, epi yo sal li.

[24] Lè li te soti la, l ale nan zòn Ti ak Sidon. Li antre nan yon kay. Li pa t vle pèsonn konnen sa. Men, li pa t kapab kache.

[25] Paske, yon dam ki te genyen ti pitit fi li ki te genyen yon move lespri sou li te tande pale de Jezi. Li vin tonbe devan pye Jezi.

[26] Dam nan te Grèk, ras moun Siri nan Fenisi. Li mande pou Jezi ta chase demon an sou pitit fi li a.

[27] Men, Jezi di li: Kite timoun yo kontante anvan. Paske, li pa bon pou yo pran pen timoun yo, pou yo voye bay ti chen.

[28] Men, li menm, li reponn Jezi, li di: Wi, Senyè! Men tou, menm ti chen anba tab manje miyèt, timoun jete.

[29] Alò, Jezi di li: Poutèt pawòl sa a, ou mèt ale. Demon an soti sou pitit fi w la.

[30] Lè l ale lakay li, li jwenn tifi a kouche nan kabann li. Demon an te soti sou li.

[31] Lè Jezi kite zòn Ti ak Sidon an ankò, l ale bò lanmè Galile, nan mitan zòn Dekapolis la.

[32] Yo pote yon nonm ki te soud epi ki te bèbè ba li. Yo sipliye li pou li poze men sou li.

[33] Li rale nonm nan soti nan foul la. Lè yo te poukont yo, li mete dwèt li nan zòrèy nonm nan, li krache, epi li manyen lang nonm nan.

[34] Li gade anlè nan syèl la, li plenn, epi li di li: Efata! Sa vle di: Louvri!

[35] Menm lè a tou, zòrèy nonm nan louvri, lang li demare, li pale kòrèkteman.

[36] Jezi kòmande yo pou yo pa di pèsonn sa. Men, plis li t ap kòmande yo, se plis toujou yo t ap anonse sa.

[37] Yo te tèlman sezi, yo di: Li fè tout bagay byen! Menm moun ki soud, li fè yo tande! Menm moun ki bèbè li fè yo pale!

Levanjil Mak la — Chapters