Skip to content
Opens in a new window

[1] Yo rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo.

[2] Menm lè li soti nan kannòt la, yon nonm ak yon move lespri sou li, soti nan tonm yo vin kontre li.

[3] Nonm nan te abite nan tonm yo. Pèsonn pa t kapab mare li, pa menm avèk chenn.

[4] Anpil fwa vre yo te mare li ak fè nan pye li epi ak chenn. Men, li te pete chenn yo epi li te kase fè yo. Pèsonn pa t gen ase fòs pou donte li.

[5] Tout tan, lajounen kon lannuit, li t ap rele nan tonm yo ak sou mòn yo epi li t ap kòche kò li ak wòch.

[6] Li wè Jezi de lwen, epi li kouri, li koube devan li,

[7] li rele byen fò, li di: Jezi, Pitit Bondye Trè Wo a, ou menm avèk mwen, nan kisa nou ye ansanm? Sèmante devan Bondye ou p ap toumante mwen.

[8] Li di sa, paske Jezi te di li: Move lespri, soti sou nonm nan.

[9] Jezi mande li: Kijan w rele? Li reponn, li di: Non mwen se rejiman, paske nou anpil.

[10] Alò, li sipliye Jezi anpil pou li pa mete li deyò nan zòn nan.

[11] Te genyen yon gwo twoupo kochon ki t ap manje sou mòn tou pre a.

[12] Tout demon yo sipliye Jezi. Yo di li: Voye nou sou kochon yo pou nou ka antre nan yo.

[13] Menm lè a, Jezi pèmèt yo fè sa. Move lespri yo soti, epi yo antre nan kochon yo. Twoupo kochon an degrengole desann falèz la, tonbe nan lanmè a. Te genyen prèske demil. Yo tout neye nan lanmè a.

[14] Gadò kochon yo kouri rapòte sa nan vil la ak nan jaden yo. Konsa, moun yo al wè sa ki te pase.

[15] Yo rive kote Jezi. Yo wè menm nonm ki te genyen demon yo sou li a, menm nonm ki te genyen rejiman an sou li a chita, byen abiye ak tout bonsans li. Yo te pè.

[16] Men, moun ki te wè kijan sa te pase pou nonm ki te genyen demon yo sou li a rakonte yo sa. Yo pale yo de kochon yo tou.

[17] Epi, yo kòmanse sipliye Jezi pou li kite zòn yo a.

[18] Pandan Jezi t ap anbake nan kannòt la, nonm ki te genyen demon sou li a sipliye Jezi pou Jezi kite l rete avèk li.

[19] Jezi pa t kite li fè sa, men, Jezi di li: Ale lakay ou kote fanmi ou yo. Anonse yo, tout sa Senyè a te fè pou ou epi kòman li te genyen pitye pou ou.

[20] Li ale, epi li kòmanse preche nan tout Dekapolis la sa Jezi te fè pou li. Tout moun te sezi.

[21] Jezi travèse nan kannòt la ankò pou l ale lòt bò dlo a. Pandan li te bò lanmè a, yon gwo foul moun rasanble devan li.

[22] Twouve, youn nan chèf sinagòg yo parèt. Se te yon nonm yo te rele Jayiris. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye li.

[23] Li sipliye l anpil. Li di: Ti pitit fi m nan prèske mouri. Vin poze men sou li pou li kapab geri. Konsa, li va viv.

[24] Epi, Jezi ale avèk li. Yon gwo foul moun t ap suiv li. Yo t ap kwense li tou.

[25] Te genyen yon dam ki te genyen yon pèdisyon san depi douzan.

[26] Li te soufri anpil nan men anpil doktè. Li te depanse tout byen li. Men, anyen pa t ede li. Okontrè menm, li te vin pi mal.

[27] Lè li te tande y ap pale de Jezi, li vini nan foul la pa dèyè, li manyen rad Jezi.

[28] Li fè sa, paske li t ap di: Si mwen kapab manyen menm rad li, mwen delivre!

[29] Menm lè a, sous san an seche. Li te santi nan kò li li te geri anba touman sa a.

[30] Menm lè a tou, Jezi te konnen nan li menm te gen yon pisans ki soti sou li. Li vire won nan foul la. Li di: Kilès ki manyen rad mwen an?

[31] Epi, disip li yo di li: Ou wè foul la ap kwense ou, epi w ap di: «Kilès ki manyen m nan?»

[32] Li gade toupatou pou li wè fi ki te fè sa a.

[33] Madanm nan te pè, li t ap tranble. Kòm li te konnen kisa ki te rive l, li vini, li lage kò l devan Jezi, epi li di Jezi tout verite a.

[34] Men, Jezi di li: Pitit fi mwen, lafwa w delivre w. Ale nan lapè. Ou geri anba touman w lan.

[35] Jezi t ap pale toujou lè moun ki soti kay chèf sinagòg la vin di: Pitit fi w la mouri. Poukisa pou w deranje Mèt la toujou?

[36] Men, Jezi tande pawòl yo t ap di a. Menm lè a, li di chèf sinagòg la: Pa pè! Kwè sèlman!

[37] Li pa t kite pèsonn suiv li, eskepte Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la.

[38] Lè li rive kay chèf sinagòg la, li wè te genyen eskandal, moun k ap plede kriye epi k ap rele.

[39] Lè li antre, li di yo: Pouki eskandal sa yo ak kriye sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.

[40] Yo ri li. Alò, li mete yo tout deyò. Epi, li pran papa timoun nan ak manman timoun nan ansanm ak moun ki te avèk li yo. Li antre kote timoun nan te kouche a.

[41] Li pran men li, epi li di li: Talita koumi! Sa vle di: «Tifi, mwen di ou: Leve!»

[42] Menm lè a, tifi a leve mache, paske li te yon timoun douzan. Alò, sa te etone moun yo anpil.

[43] Jezi byen kòmande yo pou yo pa kite pèsonn konnen sa. Epi, li di pou yo bay tifi a manje.

Levanjil Mak la — Chapters