Skip to content
Opens in a new window

[1] Bon, konsènan lakolèt pou sen yo, ebyen, nou menm tou, fè menm sa mwen te rekòmande legliz Galasi yo.

[2] Chak premye jou nan semèn nan, daprè mwayen nou, se pou nou chak mete yon bagay apa, epi sere li. Konsa, se pa lè m vini, pou lakolèt la ap fèt.

[3] Men, lè mwen rive, moun nou chwazi yo, m ap voye yo ak lèt rekòmandasyon pou yo pote kado nou an Jerizalèm.

[4] E, si mwen menm tou, mwen merite ale, ebyen, y a ale avè m.

[5] M apral lakay nou lè m fin travèse Masedwàn. Vrèmanvre, m gen pou m travèse Masedwàn.

[6] Petèt menm, m a fè yon ti rete avèk nou, oubyen, m a tou pase ivè a dekwa pou n ka akonpànye m kote m ap gen pou m ale a.

[7] Vrèmanvre, fwa sa a, mwen pa ta vle pou se an pasan mwen wè nou. Men, si Senyè a pèmèt sa, mwen espere m ap rete avèk nou yon bon tan.

[8] Men, m ap rete Efèz jis lè Pannkòt.

[9] Paske, yon gwo pòt louvri devan m pou ministè a mache. Men tou, gen anpil opozisyon.

[10] Si Timote vini, veye pou l pa gen anyen pou l pè kote nou an. Paske, se travay Senyè a l ap okipe, menm jan avèk mwen.

[11] Donk, pinga pèsonn meprize li. Men, akonpànye li ak lapè pou l ka vin kote mwen, paske, m ap tann li ak frè yo.

[12] Bon, konsènan frè Apolòs, mwen te sipliye l anpil pou l te ka vini lakay nou ansanm ak frè yo. Se pa t volonte li ditou pou l te vini kounye a. Men, lè l gen yon okazyon, l ap vini.

[13] Veye! Kenbe fèm nan lafwa nou! Mete gason sou nou! Se pou nou vanyan!

[14] Se pou tout bagay fèt ak lamou nan mitan nou!

[15] Frè mwen yo, nou konnen fanmi Estefanas se premye fwi nan Akayi epi yo konsakre tèt yo pou sèvi sen yo. Ebyen, m ap ankouraje nou

[16] pou nou menm tou, nou soumèt nou anba moun konsa epi anba tout moun k ap travay, k ap redi konsa.

[17] Mwen kontan Estefanas, Fòtinatis ak Akayikis vini. Yo ranplase nou kote nou pa la.

[18] Paske, yo soulaje ni lespri mwen, ni lespri nou. Donk, se pou nou apresye moun konsa.

[19] Legliz ann Azi yo voye salye nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki lakay yo a voye salye nou anpil.

[20] Tout frè yo voye salye nou. Se pou nou youn salye lòt ak bo tankou sen dwe salye.

[21] Se mwen menm, Pòl, ki ekri ak pwòp men mwen, pou m voye salye nou.

[22] Si yon moun pa renmen Senyè Jezi Kris, malediksyon pou li. Maranata!

[23] Gras Senyè Jezi Kris avèk nou!

[24] Lamou mwen avèk nou tout nan Jezi Kris. Amèn!

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters