[1] Konsa, lèzòm dwe konsidere nou menm, apot yo, tankou sekretè Kris, tankou administratè mistè Bondye yo.
[2] E dayè, men sa y ap chèche nan administratè yo: Se jwenn yo chak fidèl.
[3] Men, si nou menm oubyen yon tribinal lèzòm jije mwen, sa pa anyen pou mwen. Menm mwen menm, mwen pa jije tèt mwen.
[4] Paske, mwen pa gen anyen sou konsyans mwen. Epoutan, se pa sa ki fè mwen jis la. Men, se sèl Senyè a ki jij mwen.
[5] Poutèt sa, pa jije anyen anvan lè a, anvan Senyè a vini. Se li ki va klere bagay ki kache nan fènwa, epi ki va devwale plan ki nan kè lèzòm. E, lè sa a, Bondye ap bay chak moun lwanj pa yo.
[6] Frè mwen yo, se poutèt nou menm ki fè mwen sèvi avèk mwen menm ak Apolòs kòm egzanp pou bagay sa yo. Konsa, nou va aprann sou mwen ak Apolòs pou lide nou pa depase limit pawòl ki ekri yo. E konsa tou, nou p ap fè ògèy akòz youn epi kont yon lòt.
[7] Vrèmanvre, kilès ki fè w diferan ak lòt yo la a? Wi, kisa w genyen pou se pa resevwa ou te resevwa l? E, si se resevwa ou te resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou, kòmsi se pa t resevwa ou te resevwa l?
[8] Se kòmsi nou deja kontante, nou deja rich, nou vin sèl wa, san nou menm apot yo. Pito nou ta vin wa vre, konsa, nou menm apot yo, nou ta vin wa tou, ansanm avèk nou.
[9] Paske, daprè mwen, genlè nou menm apot yo, Bondye ekspoze nou dèyè defile a tankou moun ki kondane a mò. Paske, se teyat nou tounen pou lemonn, pou zanj ak pou lèzòm.
[10] Wi, nou menm apot yo, nou se moun fou poutèt Kris, men nou menm, nou entèlijan nan Kris. Nou menm apot yo, nou fèb, men, nou menm, nou fò. Pou nou menm, se glwa, men pou nou menm apot yo, se dezonè.
[11] Pou jis kounye a, nou grangou, nou swaf, nou san rad, yo bat nou, nou san kay,
[12] n ap fatige kò nou nan travay di ak pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè yo pèsekite nou, nou sipòte.
[13] Lè yo denigre nou, nou egzòte yo. Nou vin tankou fatra pou lemonn, tankou restan tout moun. E sa se pou jis kounye a.
[14] Alò, mwen pa ekri bagay sa yo pou mwen fè nou wont. Okontrè, m ap avèti nou tankou timoun mwen renmen anpil.
[15] Paske, menm si nou ta genyen dimil pwofesè nan Kris, nou pa gen anpil papa. Paske, se mwen menm ki ban nou nesans nan Jezi Kris, grasa levanjil la.
[16] Donk, m ap ankouraje nou, pou nou vin imite mwen.
[17] Se poutèt sa tou, mwen voye Timote kote nou. Li se pitit byenneme mwen, epi li fidèl nan Senyè a. L a fè nou sonje chemen lavi mwen nan Kris, menm jan mwen anseye yo nan tout legliz toupatou.
[18] Men, kèk moun te fè ògèy kòmsi mwen pa t ap vini kote nou vre.
[19] Ebyen, si Senyè a vle, m ap vini kote nou tousuit. E, moun k ap fè ògèy yo, se pa pawòl yo pou m konnen, men, se pisans yo.
[20] Paske, wayòm Bondye a, se pa pawòl nan bouch li ye, men li se pisans.
[21] Donk, kisa nou vle? Èske se pou m vini kote nou ak baton, oubyen nan yon lespri lamou ak dousè?