Skip to content
Opens in a new window

[1] Menm si m ta pale nan lang lèzòm ak nan lang zanj, si mwen san lamou, ebyen, mwen tounen yon gong k ap kònen, oubyen yon senbal k ap sonnen.

[2] Menm si m ta gen don pwofetize, menm si m ta konprann tout mistè ak tout konesans, menm si m ta gen tout lafwa, kòmkwa pou mwen fè mòn deplase, si mwen san lamou, ebyen, mwen pa anyen.

[3] Menm si m ta fè charite ak tout byen m, menm si m ta livre kò m pou yo boule l, si mwen san lamou, ebyen, mwen pa benefisye anyen.

[4] Lamou gen pasyans ak bonte. Lamou pa anvye moun. Lamou pa vante tèt li, li pa fè ògèy.

[5] Lamou pa fè bagay ki degradan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fache fasil, li pa konsidere mal yo fè l.

[6] Lamou pa kontan ak sa ki pa jis, men, li kontan ak laverite.

[7] Lamou sibi tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li sipòte tout bagay.

[8] Lamou p ap janm peri. Kit se pwofesi, Bondye ap anile yo; kit se lang, y ap sispann yo; kit se konesans, Bondye ap anile yo.

[9] Vrèmanvre, se yon pòsyon konesans nou genyen, e se yon pòsyon pwofesi nou pwofetize.

[10] Men, lè sa ki total la vini, lè sa a, sa ki yon pòsyon sèlman an ap anile.

[11] Lè m te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te reflechi tankou timoun, mwen te rezone tankou timoun. Men, lè m vin granmoun, mwen anile tout bagay timoun.

[12] Vrèmanvre, kounye a, se nan yon glas ki twoub n ap gade. Men, lè sa a, se ap fasafas. Kounye a, se yon pòsyon konesans mwen genyen. Men, lè sa a, konesans mwen ap menm jan ak jan Bondye konnen m nan.

[13] Ebyen, kounye a, lafwa, esperans ak lamou, se twa bagay sa yo k ap toujou rete. Men, pami yo twa a, se lamou ki pi gran.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters