[1] Frè mwen yo, mwen pa ta vle pou nou pa konnen sa: Tout zansèt nou yo te anba nyaj la. Yo tout te pase nan lanmè a.
[2] Yo tout te batize parapò ak Moyiz nan nyaj la ak nan lanmè a.
[3] Yo tout te manje menm manje espirityèl la.
[4] E, yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Vrèmanvre, yo t ap bwè nan wòch espirityèl ki t ap suiv yo a. E, wòch sa a se te Kris.
[5] Men, pi fò nan yo pa t fè Bondye plezi, paske, li blayi yo nan dezè a.
[6] Alò, bagay sa yo se leson pou nou, dekwa pou nou pa gen move dezi menm jan, yo menm, yo te gen move dezi a.
[7] E, pa tounen sèvitè zidòl, menm jan avèk kèk nan yo. Konsa, men sa ki ekri sou sa: Pèp la chita, yo manje, yo bwè, epi yo leve pou yo pran plezi yo.
[8] Nonplis tou, annou pa komèt imoralite menm jan avèk kèk nan yo ki te komèt imoralite. E, nan yon sèl jou, venntwamil tonbe frèt.
[9] Nonplis ankò, annou pa tante Kris, menm jan avèk kèk nan yo ki te tante Bondye. Konsa tou, yo peri anba sèpan yo.
[10] Nonplis tou, annou pa bougonnen menm jan avèk kèk nan yo ki te bougonnen. E konsa, yo peri anba zanj lanmò a.
[11] Alò, tout bagay sa yo ki te rive yo a, se egzanp. Men, Bondye ekri yo pou avèti nou, paske se sou nou tan yo ap akonpli.
[12] Donk, yon moun ki panse li kanpe, se pou l fè atansyon pou l pa tonbe.
[13] Nou pa resevwa okenn tantasyon ki pa ta nòmal pou moun. Men, Bondye fidèl, li p ap pèmèt anyen tante nou plis pase sa nou kapab sipòte. Okontrè, ansanm avèk tantasyon an, l ap fè yon mwayen pou n soti, dekwa pou nou ka sipòte li.
[14] Donk, byenneme mwen yo, kouri lwen sèvis zidòl.
[15] Kòm se ak moun ki gen bonsans m ap pale, egzamine sa m ap di a poukont nou.
[16] Gode benediksyon nou beni an, li se yon kominyon ak san Kris, pa vre? E, pen nou kase a, li se yon kominyon ak kò Kris, pa vre?
[17] E, kòm se yon sèl pen, konsa, malgre nou anpil, nou se yon sèl kò. Paske, se nan yon sèl pen an nou tout patisipe.
[18] Gade pèp Izrayèl la. Lè yo manje sakrifis la, yo nan kominyon avèk lotèl sakrifis la tou, pa vre?
[19] Donk, kisa m ap di? Èske m ap di zidòl se kichòy, oubyen sa yo sakrifye bay zidòl la se kichòy?
[20] Okontrè! M ap di sakrifis payen yo ofri yo, se bay demon yo ofri yo, se pa bay Bondye. Alòske, nou menm, mwen pa ta vle nou vin nan kominyon avèk demon.
[21] Nou pa kapab bwè nan gode Senyè a ak nan gode demon tou. E, nou pa kapab patisipe nan tab Senyè a ak nan tab demon tou.
[22] Amwenske se vle nou ta vle Senyè a fè jalouzi? E, nou pa gen plis fòs pase l, pa vre?
[23] «Mwen gen dwa fè tout bagay!» Wi, men, se pa tout bagay ki pou byen mwen. «Mwen gen dwa fè tout bagay!» Wi, men, se pa tout bagay ki edifye moun.
[24] Pèsonn pa dwe ap chèche enterè pa l ase. Okontrè, chak moun dwe ap chèche enterè lòt.
[25] Manje tout sa yo vann nan mache, san poze kesyon parapò ak konsyans.
[26] Paske, latè ak tout sa ki ranpli l, se pou Senyè a yo ye.
[27] Si yon moun ki pa konvèti envite nou epi nou ta vle ale, ebyen, manje tout sa yo sèvi nou, san poze kesyon parapò ak konsyans.
[28] Men, si yon moun ta di: «Sa a se yon bagay yo te sakrifye bay zidòl.» Lè sa a, pa manje l, poutèt moun ki avèti w la epi poutèt konsyans. Paske, latè ak tout sa ki plen latè, se pou Senyè a yo ye.
[29] Alò, lè m di konsyans lan, se pa konsyans pa w, men, se pa lòt moun nan. Konsa, vrèmanvre, poukisa pou m ta lakòz konsyans yon lòt moun jije libète mwen?
[30] Si mwen rann gras pou sa m manje, poukisa pou yo denigre m, poutèt bagay mwen rann gras pou li a?
[31] Donk, kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt bagay, fè yo tout pou glwa Bondye.
[32] Se pou nou san repwòch ni devan Juif, ni devan Grèk, ni devan Legliz Bondye a,
[33] menm jan avèk mwen menm k ap chèche fè tout moun plezi a. Mwen pa chèche sa ki pou byen m, men, mwen chèche sa ki pou byen tout moun, dekwa pou yo ka sove!