[1] Mwen menm Pòl, apot Jezi Kris daprè volonte Bondye, epi frè Timote. NOU menm, nan legliz Bondye a ki Korent, NOU menm ansanm ak tout sen yo ki nan tout Akayi,
[2] se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk NOU.
[3] Benediksyon pou sila ki Bondye e ki Papa Senyè nou an, Jezi Kris, pou sila ki Papa ki gen kè sansib la epi ki Bondye ki bay tout kalite konsolasyon an,
[4] pou sila ki konsole nou nan tout tribilasyon nou yo! Konsa, grasa konsolasyon, nou resevwa nan men Bondye, nou kapab konsole tout moun ki anba tout kalite tribilasyon.
[5] Paske, menm jan soufrans Kris yo devide sou nou an, konsa tou, konsolasyon nou ap devide grasa Kris.
[6] Si nou anba tribilasyon, se pou NOU menm, Korentyen, NOU ka gen ankourajman ak delivrans. E, sa vin posib lè NOU menm, Korentyen, NOU andire menm soufrans ak soufrans nou yo.
[7] Si nou jwenn ankourajman, se pou NOU menm, Korentyen, NOU ka gen konsolasyon ak delivrans tou. E, esperans sa a nou genyen pou NOU nan Korent, li fèm. Paske, nou konnen, menm jan NOU menm, Korentyen, NOU patisipe nan soufrans yo, se konsa tou N ap patisipe nan ankourajman an.
[8] Vrèmanvre, frè nou yo, nou pa ta vle NOU pa konnen ki tribilasyon nou sibi ann Azi. Se yon chay ki te depase fòs nou; tèlman vre, nou te menm pèdi espwa n ap soti vivan.
[9] Okontrè menm, nou te santi nan kè nou, nou te kondane pou nou mouri. Tout sa, se pou nou te ka pa mete konfyans nou nan nou menm, men, pou n te mete l nan Bondye ki konn resisite mò a.
[10] Se li ki te delivre nou anba gwosè lanmò sa a. Se li k ap delivre nou kounye a. E, nou gen espwa nan li, l ap delivre nou ankò.
[11] NOU menm tou nan Korent, NOU t ap travay ansanm nan sipliye Bondye pou nou. Kifè, se grasa anpil moun, Bondye fè nou favè sa a. E, se anpil moun ki pou rann li gras pou nou.
[12] Vrèmanvre, men nan kisa nou vante tèt nou: Se nan temwayaj konsyans nou ban nou sou jan nou konpòte tèt nou nan lemonn, e sitou jan nou konpòte tèt nou parapò ak NOU menm, Korentyen. Nou pa konpòte tèt nou daprè sajès lachè, men, daprè gras Bondye; nou konpòte tèt nou yon jan ki senp, ki sensè, grasa Bondye.
[13] Paske, sa nou ekri NOU yo pa okenn lòt bagay plis pase sa NOU menm, Korentyen, NOU li epi NOU konprann. E, mwen espere tou, N ap konprann sa jiska lafen.
[14] Dayè, menm si se a mwatye, NOU deja konprann se nan mwen menm ak lòt yo, NOU vante tèt NOU, menm jan mwen menm ak lòt yo, se nan NOU menm, nou vante tèt nou, nan jou Senyè Jezi a.
[15] Se akòz konfyans sa a ki fè mwen te deside ale lakay NOU anvan, dekwa pou NOU te jwenn yon dezyèm benediksyon.
[16] Sa vle di, mwen t ap pase lakay NOU lè mwen pral Masedwàn. Lè mwen tounen sot Masedwàn, mwen t ap pase lakay NOU ankò, epi NOU ta akonpànye mwen al Jide.
[17] Donk, se sa mwen te deside. Alò, èske mwen te aji an moun ki pa serye pou sa? Sa mwen te deside a, èske se daprè lachè, mwen te deside l, kòmkwa mwen ta gen ni wi, ni non?
[18] Devan Bondye ki fidèl la, pawòl nou te di NOU yo pa t wi ak non ansanm.
[19] Paske, mwen menm, Silven ak Timote, nou te preche NOU Pitit Bondye a, Jezi Kris. Li pa wi ak non ansanm. Okontrè, se «wi» ki toujou nan li.
[20] Kèlkeswa pwomès Bondye yo, se nan li «wi» a ye. E, lè nou bay Bondye glwa, se nan li «Amèn» nan ye tou.
[21] Men, se Bondye ki fè nou fèm ansanm avèk NOU nan Kris. Se li ki ban nou onksyon an.
[22] Li poze so li sou nou, epi li ban nou Lespri a nan kè nou kòm avalwa.
[23] M ap rele pou Bondye temwaye sou nanm mwen, si mwen pa t vin Korent ankò, se paske mwen te vle menaje NOU.
[24] Non, se pa domine n ap domine sou lafwa NOU. Okontrè! N ap travay ansanm pou NOU menm, Korentyen, NOU ka nan lajwa. Paske, NOU kanpe fèm nan lafwa.