[1] Lè youn nan nou gen yon kòz avèk yon lòt, kòman fè se devan payen yo, li oze al plede kòz la, olye l al devan sen yo?
[2] Èske nou pa konnen se sen yo ki va jije lemonn? Si se nou k ap jije lemonn, èske nou pa kapab jije afè ki pi piti?
[3] Èske nou pa konnen ata zanj, nou va jije? Alewè pou bagay ki nan lavi sa a menm!
[4] Kifè, lè pou nou jije afè lavi sa a, se moun legliz pi pa konsidere yo nou fè sèvi jij nou?
[5] Sa m ap di a se yon wont pou nou! Alò, èske pa genyen menm youn nan nou ki ase saj, pou l ta kapab fè jijman ant yon frè ak yon lòt?
[6] Okontrè, se frè k ap rele frè nan tribinal. Epi, tou sa, se devan moun ki pa konvèti!
[7] Dayè, se deja yon move defo pami nou, pou nou nan pwose youn ak lòt. Pouki nou pa sibi enjistis pito? Pouki nou pa kite yo piye nou pito?
[8] Okontrè, se nou k ap fè enjistis! Se nou k ap piye! E, se frè nou n ap fè sa!
[9] Èske nou pa konnen, moun ki pa jis p ap eritye wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou! Ni moun imoral, ni moun k ap sèvi zidòl, ni moun ki nan adiltè, ni gason makòmè, ni pede,
[10] ni moun ki ava, ni vòlè, ni tafyatè, ni jouradò, ni moun ki rapas p ap eritye wayòm Bondye a.
[11] E, kèk nan nou, se konsa nou te ye. Men, Bondye lave nou! Men, li sangtifye nou! Men, li jistifye nou! Tout sa, nan non Senyè Jezi ak nan Lespri Bondye nou an.
[12] «Mwen gen dwa fè tout bagay!» Wi, men, se pa tout bagay ki pou byen mwen. «Mwen gen dwa fè tout bagay!» Wi, men mwen p ap kite anyen domine sou mwen.
[13] «Manje pou vant, vant pou manje!» Wi, men Bondye ap detui ni youn, ni lòt. Epitou, kò pa pou imoralite, men, li pou Senyè a. E, Senyè a pou kò a.
[14] Men tou, Bondye ki te resisite Senyè a ap resisite nou tou, grasa pisans li.
[15] Èske nou pa konnen kò nou se manm kò Kris? Donk, èske m ka pran manm Kris yo pou m fè yo sèvi kòm manm yon pwostitiye? Non, jamè!
[16] Èske nou pa konnen depi yon moun ini ak yon pwostitiye, li fè yon sèl kò ak li? Vrèmanvre, pawòl la di: «Yo tou de va fè yon sèl chè.»
[17] Men tou, depi yon moun ini ak Senyè a, li fè yon sèl lespri ak li.
[18] Kouri pou imoralite. Tout peche yon nonm ka fè, se sou deyò kò li, li fè l. Men, lè l komèt imoralite, se kont pwòp kò l, li peche.
[19] Kò nou se tanp Lespri Sen ki nan nou an, Lespri Bondye ban nou an. Kifè, nou pa mèt tèt nou. Èske nou pa konnen sa?
[20] Vrèmanvre, se byen chè, Bondye achte nou. Donk, se pou nou bay Bondye glwa nan kò nou ak nan lespri nou. Se pou Bondye yo ye.