Skip to content
Opens in a new window

[1] Konsènan bagay nou te ekri m yo, li bon pou gason pa nan relasyon ak fi.

[2] Men, pou evite imoralite, pito chak gason gen madanm pa yo epi chak fi gen mari pa yo.

[3] E, mari dwe fè devwa mari parapò ak madanm. Konsa tou, madanm dwe fè devwa madanm parapò ak mari.

[4] E, se pa madanm nan ki gen dwa sou pwòp kò li, men, se mari a. Konsa tou, se pa mari a ki gen dwa sou pwòp kò li, men, se madanm nan.

[5] Donk, pinga nou youn derefize lòt, eskepte si nou ta dakò sou sa pandan yon tan, dekwa pou nou ka lib pou nou fè jèn ak lapriyè. Epi, tounen ansanm ankò. Osinon, Satan ap tante nou, paske nou p ap ka kontwole tèt nou.

[6] Alò, lè m di sa a, se pa yon lòd, men, se yon pèmisyon.

[7] Paske, se jan m ye a mwen ta vle pou tout moun ye. Men, Bondye bay chak moun don pa yo. Pou youn, se yon jan. Pou yon lòt, se yon lòt jan.

[8] Men, moun ki pa marye yo ak moun ki vèv yo, men sa m ap di yo: Si yo vle rete menm jan avèk mwen, se byen.

[9] Men, si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye. Vrèmanvre, pito yon moun marye, pase pou dezi ap boule l.

[10] Pou moun ki marye yo, mwen kòmande madanm pou l pa kite ak mari. Alò, se pa mwen menm ki di sa vre, men, se Senyè a.

[11] Men, si yon madanm ta kite ak mari l, ebyen, se pou l rete san marye, oubyen, se pou l rekonsilye ak mari a. Mwen kòmande mari a tou pou li pa kite avèk madanm li.

[12] Pou rès lòt yo, men sa mwen menm, m ap di, se pa Senyè a ki te di l: Si yon frè genyen madanm li ki pa konvèti, epi, madanm nan dakò abite avèk li, ebyen, frè a pa dwe kite avèk li.

[13] E, si yon madanm genyen mari li ki pa konvèti, epi mari a dakò abite avèk li, ebyen, madanm nan pa dwe kite avèk li.

[14] Paske, Bondye sangtifye mari ki pa konvèti a grasa madanm li; e Bondye sangtifye madanm ki pa konvèti a grasa mari li. Si se pa t sa, timoun yo pa t ap sakre, alòske konsa, yo sen.

[15] Men, si se moun ki pa konvèti a ki kite, ebyen, li mèt kite. Nan kondisyon sa yo, frè a oubyen sè a lib. Bondye rele nou pou nou nan lapè.

[16] Vrèmanvre, madanm, sa k konnen si w ap sove mari ou! Oubyen, ou menm mari, sa k konnen si w ap sove madanm ou!

[17] Kanmenm, jan Bondye separe bay chak moun, jan Bondye rele chak moun, se konsa pou yo chak pèsevere. Dayè, nan tout legliz, se lòd sa a mwen bay.

[18] Si yon moun te sikonsi lè Bondye te rele l, ebyen, li pa dwe retire sikonsizyon an. Si yon moun pa t sikonsi lè Bondye te rele l, ebyen, li pa dwe sikonsi.

[19] Sikonsi pa anyen, pa sikonsi pa anyen. Se obsève kòmandman Bondye ki yon bagay.

[20] Kifè, se pou chak moun rete menm sa l te ye lè Bondye te rele l la.

[21] Èske se esklav ou te ye lè Bondye te rele w? Ebyen, pa chaje tèt ou. Okontrè, si ou kapab vin lib, pito w pwofite sa.

[22] Vrèmanvre, esklav Bondye rele vin nan Senyè a, ebyen, li se yon moun lib, li pou Senyè a. Konsa tou, moun lib Bondye rele a, ebyen, se esklav Kris li ye.

[23] Se byen chè Bondye achte nou. Pa tounen esklav lèzòm.

[24] Frè mwen yo, se pou nou chak rete jan nou te ye, lè Bondye te rele nou an.

[25] Pou moun ki vyèj yo, ebyen, mwen pa genyen yon lòd, kòmkwa Senyè a te bay. Men, kòm Senyè a fè m pitye pou mwen fidèl, m ap bay opinyon pa mwen.

[26] Donk, men sa mwen kwè ki bon poutèt detrès k ap rive a: Li bon pou yon moun rete konsa.

[27] Si ou marye ak madanm ou, ebyen, pa chèche separe avè l. Si ou pa marye ak yon fi, ebyen, pa chèche madanm.

[28] Men, si ou ta marye tou, ou pa peche. Si vyèj la ta marye, li pa peche nonplis. Men, moun sa yo ap gen tribilasyon nan lachè tou, alòske, mwen menm, m ap evite nou sa.

[29] Frè mwen yo, men sa mwen vle di. Tan an vin kout. Kifè, apati jodi a, moun ki gen madanm, se pou yo tankou si yo pa t genyen.

[30] Moun k ap kriye, se pou yo tankou si yo pa t ap kriye. Moun ki nan lajwa, se pou yo tankou si yo pa t nan lajwa. Moun k ap achte, se pou yo tankou si yo pa t posede.

[31] Moun k ap pwofite nan monn sa a, se pou yo tankou si yo pa t ap pwofite. Paske, aparans monn sa a ap pase.

[32] Men, mwen pa ta vle pou n ap chaje tèt nou. Moun ki pa marye a chaje tèt li ak afè Senyè a, kòmkwa kòman pou l fè Senyè a plezi.

[33] Men, moun ki marye a, se ak afè monn nan li chaje tèt li, kòmkwa kòman pou l fè madanm li plezi.

[34] Gen diferans ant madan marye a ak vyèj la tou. Sa ki pa marye a chaje tèt li ak afè Senyè a, kòmkwa pou li ka sen ni nan kò li, ni nan lespri li. Sa ki marye a, li menm, se ak afè monn sa a li chaje tèt li, kòmkwa kòman pou l fè mari l plezi.

[35] Alò, se pa pyèj m ap pare pou nou ki fè m ap di bagay sa a, men, se pou byen nou: Se pou lavi nou ka konvenab epi pou anyen pa ankonbre devouman nou pou Senyè a.

[36] Men, si yon moun kwè se dezonore li dezonore yon fi li ki vyèj si l depase laj maryaj, ebyen, si sa dwe rive konsa, li te mèt fè sa l vle. Se p ap yon peche. Yo te mèt fè yon maryaj.

[37] Men, sipoze yon moun kanpe fèm nan kè li. Epi, san pa gen nesesite, men, daprè pouvwa li genyen sou pwòp volonte li, moun sa a deside pou li kenbe fi li vyèj, ebyen, li byen fèt.

[38] Konsa, moun ki marye l la, li fè byen. Men, moun ki pa marye l la, li fè pi byen.

[39] Daprè lalwa, yon madanm ini ak mari l toutotan mari a vivan. Men, si mari a ta mouri, ebyen, madanm nan lib pou l remarye ak moun li vle. Men, sèlman, fòk se nan Senyè a.

[40] Men, daprè konprann pa mwen, li t ap pi byennerèz si li te rete konsa. E, mwen menm tou, mwen panse mwen gen Lespri Bondye a.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters