[1] Alò, frè mwen yo, m ap fè nou konnen ankò, levanjil mwen te anonse nou an. Se li nou te resevwa a. Se nan li tou, n ap kenbe fèm nan.
[2] E, se grasa li menm, nou sove, depi nou kenbe pawòl mwen te anonse nou an. Osinon, se pou anyen nou te kwè.
[3] Vrèmanvre, sa mwen menm tou, mwen te resevwa a, se li mwen te transmèt nou an premye, sèke Kris mouri pou peche nou yo, jan Lekriti te di l la.
[4] Yo antere li, epi li resisite sou twazyèm jou, jan Lekriti te di l la.
[5] Epi, Sefas wè li. Apre sa, se te Douz yo.
[6] Apre sa, plis pase senksan frè wè li alafwa. Pi fò nan yo la toujou. Men, kèk nan yo mouri deja.
[7] Apre sa, Jak wè li. Apre sa, se te tout apot yo.
[8] Epi, an dènye, apre yo tout, mwen menm tou, tankou yon timoun anvan tèm, mwen wè li.
[9] Vrèmanvre, pami apot yo, se mwen ki pi ba. Mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a.
[10] Men, ak gras Bondye, mwen se sa m ye a. E, gras li montre pou mwen an pa t initil. Okontrè! Mwen travay pase yo tout. Alò, se pa mwen menm vre, men, se gras Bondye ki avèk mwen an.
[11] Donk, kit se mwen menm, kit se yo menm, se konsa nou te preche, e se konsa nou menm Korentyen nou te kwè.
[12] Bon, si nou preche Kris resisite pami mò yo, poukisa kèk nan nou ap di mò pa resisite?
[13] Men, si mò pa resisite, Kris pa t resisite nonplis.
[14] Si Kris, li menm, pa resisite, ebyen, mesaj nou an pa vo anyen, e lafwa nou tou pa vo anyen.
[15] Twouve, menm, se fo temwen nou ta ye kont Bondye. Paske, n ap temwaye sou Bondye kòmkwa li resisite Kris. Alòske, si mò pa resisite, li pa t resisite Kris vre.
[16] Vrèmanvre, si mò pa resisite, Kris pa t resisite nonplis.
[17] Si Kris, li menm, pa resisite, lafwa nou san valè, nou anba peche nou yo toujou.
[18] Epitou, moun ki nan Kris epi ki mouri, ebyen yo pèdi.
[19] Si se pou lavi sa a sèlman nou met espwa nou nan Kris, ebyen, se nou ki merite plis pitye pami tout moun.
[20] Men, alaverite, Kris resisite pami mò yo. Li tounen yon premye fwi pou moun ki mouri yo.
[21] Vrèmanvre, kòm se akòz yon sèl nonm ki fè gen lanmò, se grasa yon sèl nonm tou, ki fè mò resisite.
[22] Paske, menm jan se ak Adan, tout moun mouri, konsa tou, Bondye ap fè tout moun vivan ak Kris.
[23] E, yo chak, daprè pwòp gwoup yo: Kris resisite kòm premye fwi. Apre sa, lè Kris tounen, se ap kou pa moun ki pou Kris yo.
[24] Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris ap fin detui tout chèf, tout otorite, tout pisans, epi l ap remèt wayòm nan bay Bondye Papa a.
[25] Paske, fòk li domine pou jis li mete tout lènmi l yo anba pye li.
[26] E, dènye lènmi l ap detui, se ap lanmò.
[27] Vrèmanvre, Bondye soumèt tout bagay anba pye Kris. Lè l di li soumèt tout bagay anba l la, alò, se eskepte sila ki soumèt tout bagay anba l la. Sa klè!
[28] Men, lè Bondye fin soumèt tout bagay anba Kris, ebyen, Pitit la tou ap soumèt tèt li anba sila ki te soumèt tout bagay anba l la. Konsa, Bondye ap tout bagay nan tout moun.
[29] Si se pa konsa, alò, moun k ap batize pou moun mouri yo, kisa yo va fè? Si mò pa resisite toutbon, poukisa yo te batize pou mò la a?
[30] Menm nou menm tou, poukisa atò pou nou ta ap riske lavi nou tout tan?
[31] Chak jou, mwen san lè mouri. Mwen deklare sa, paske, nan Jezi Kris, Senyè nou an, mwen gen rezon pou m vante tèt mwen pou nou.
[32] Si se pou rezon lèzòm mwen te goumen ak bèt sovaj nan Efèz, kisa m benefisye la a? Wi, si mò pa resisite, ebyen, annou manje! Annou bwè! Paske, demen, n ap mouri!
[33] Pa twonpe tèt nou. Move zanmi gate bon mannyè.
[34] Pran tèt nou pou n fè sa ki jis. Sispann fè peche. Vrèmanvre, gen kèk moun ki pa konnen Bondye. E, m ap di sa pou nou ka wont.
[35] Men, yon moun ka di: «Kòman mò resisite la a? Epitou, ak ki kalite kò yo parèt?»
[36] Moun sòt! Lè w simen yon semans, si li pa mouri, li p ap leve.
[37] E, sa w simen an, se pa kò semans lan pral genyen an, ou simen. Okontrè! Se yon senp semans. Li kapab yon semans ble oubyen nenpòt lòt.
[38] Men, jan Bondye vle l la, li bay semans lan yon kò. E, li bay chak semans pwòp kò pa yo.
[39] Tout chè pa menm chè. Moun gen yon kalite chè. Zannimo gen yon lòt kalite. Pwason gen yon lòt kalite. Epi, zwazo gen yon lòt kalite ankò.
[40] Epitou, gen kò ki pou syèl, epi gen kò ki pou latè. Kò ki pou syèl yo klere yon jan. Kò ki pou latè yo klere yon lòt jan.
[41] Solèy klere yon jan. Lalin klere yon lòt jan. Zetwal klere yon lòt jan ankò. Okontrè menm, gen diferans ant jan yon zetwal klere ak jan yon lòt zetwal klere.
[42] Ebyen, se menm bagay la pou afè mò resisite a. Yo antere yon kò ki ka pouri. Men, se yon kò ki pa ka pouri ki leve.
[43] Yo antere yon kò ki nan dezonè. Men, se yon kò nan laglwa ki leve. Yo antere yon kò ki fèb. Men, se yon kò ki gen pisans ki leve.
[44] Yo antere yon kò natirèl. Men, se yon kò espirityèl ki leve. Wi, gen kò ki kò natirèl. Epi, gen kò ki kò espirityèl.
[45] Se menm jan sa te ekri a: Premye nonm nan, Adan, tounen yon kreyati vivan. Dènye Adan an, li menm, te yon Lespri ki bay lavi.
[46] Men, se pa sa ki espirityèl la ki an premye. Okontrè! Se sa ki natirèl la. Sa ki espirityèl la vin apre.
[47] Premye nonm nan te soti nan tè, li se pousyè. Men, dezyèm nonm nan se Senyè ki sot nan syèl la.
[48] Jan sa ki pousyè a ye a, se konsa tout sa ki pousyè yo ye tou. E, jan sa ki pou syèl la ye a, se konsa tout sa ki pou syèl yo ye tou.
[49] E, menm jan nou te abiye ak yon kò ki pòtre ak kò nonm ki pousyè a, se konsa tou, n ap abiye ak yon kò ki pòtre ak kò nonm ki sot nan syèl la.
[50] Frè mwen yo, men sa m vle di: Chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ka pouri pa kapab eritye sa k pa ka pouri, nonplis.
[51] Gade! M ap di nou yon mistè: Se pa nou tout k ap gentan mouri. Men, nou tout, nan yon ti moman, anvan je n bat, sou dènye kout twonpèt la, kò nou ap chanje.
[52] Vrèmanvre, twonpèt la ap sonnen, mò yo ap resisite ak yon kò ki pa ka pouri, epi nou menm, kò nou ap chanje.
[53] Paske, fòk kò ki ka pouri sa a abiye ak sa ki pa ka pouri. E, fòk kò ki ka mouri sa a abiye ak sa ki pa ka mouri.
[54] Men, lè kò ki ka pouri sa a fin abiye ak sa ki pa ka pouri a, lè kò ki ka mouri sa a fin abiye ak sa ki pa ka mouri a, ebyen, lè sa a, pawòl ki te ekri a ap akonpli: Laviktwa vale lanmò.
[55] Lanmò! Kote pikan w lan? Lanmò! Kote laviktwa w la?
[56] Se peche ki pikan lanmò. E, se lalwa ki pisans peche.
[57] Men, remèsiman pou Bondye, li menm ki ban nou laviktwa, grasa Senyè nou an, Jezi Kris.
[58] Konsa, frè byenneme mwen yo, annou rete fèm, san brannen. Se pou n toujou ap fè pwogrè nan travay Senyè a. Epi, konnen se pa pou anyen n ap redi di avèk Senyè a.